PHTK te boule anpil biwo piblik nan vil Okay pou Martelly te ka rive prezidan

0
1835

Dimanch 24 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Depi nan jounen vòt premye tou eleksyon 2010 sou prezidan René Préval, Martelly ak ekip li lage yon pakèt chimè nan lari pou kraze brize pou anpeche rezilta KEP a bay Jude Célestin kòm kandida ki devan oubyen ki fè yon sèl kout kle.

Patizan Martelly yo fèmen peyi a pandan plizyè jou. Nan Petyonvil, Delma ak lavil Pòtoprens, kawotchou pa sispann boule. Tout lari bloke ak barikad, gwo wòch, pye bwa e latriye.

Plizyè biznis pran pataswèl, e tout komèsan te blije fèmen pòt yo pou tann lapè tounen.

Nan vil Okay menm, se te rèl kay Makorèl. Militan Tèt Kale yo te dechennen nèt ale. Se pa t sèlman barikad ak kawotchou ki t ap boule.

Militan Tet Kale yo antre nan plizyè biwo piblik ak biznis prive. Yo piye, yo boule, yo rapyetè. Lidè Tet Kale yo menm deklare se pa pwoblèm paske yo pral fè vil Okay tounen pi bèl kote nan Karayib la.

Mouvman sa yo te gen gwo bwa dèyè bannann yo. Gwo boujwa kou gwo blan te selebre vyolans sa yo nèt ale.

Anbasadè Merike nan epòk la menm di li pa dakò rezilta ki bay Jude Célestin ak Madan Mirlande Manigat nan dezyèm tou a.

Se konsa, sekretè deta meriken, Hillary Rodham Clinton antre vin Pòtoprens e mete Michel Martelly ki pat menm 4èm nan plas Jude Célestin pou Sweet Micky te ka vin prezidan peyi a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.