Kidnapin – Ensekirite : Polisye Léon Charles yo kraze ak vyolans yon sitin kèk jenn fè devan pòt kay PM Jouthe

1
1247

Madi 19 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Ajan Polis Nasyonal Ayiti yo voye gaz epi tire bal pandan yon rasanbleman kèk jenn pwofesyonèl te fè madi devan kay premye minis Joseph Jouthe nan Pòtoprens.

Dapre yon manifestan, polisye yo montre a klè yo se tijwèt bandi G9 lè yo atake jenn pwofesyponèl san zam ki te sèlman vle otorite yo tande kri yo, konprann soufrans yo.

 »Pa gen okenn peyi omond, kote bagay konsa ka fè sans. Nou pa ka viv ankò, nou bouke ». Se konsa youn nan patisipan yo, Etzer Emile te denonse endiferans.

 »Jodi a, peyi a ap byen mache sèlman pou chëf yo. Nou menm, nou lage debra balan », dapre yon lòt jenn ki tap pwoteste.

Pou Nickson Athis, ankenn moun pa epanye, paske ankenn enstitisyon pa jwe wòl yo nan peyi a.

Mesyedam yo te òganize plante pikèt sa apre yo te fin santi yo endiye lè bandi te kidnape jenn biznisman Mike Bellot wikenn pase a.

Malgre represyon lapolis, yo te kenbe ting fas. E yo te retounen manifeste.

1 COMMENT

  1. Lapolis la se w fòs fondamantalman reyaksyonè, represif, neyokolonyal, anti nasyonal, anti demokratik, anti konstitisyonèl ak anti Pèp! Se veritableman yon polis politik osèvis klas dominan reyaksyonè yo, peyi kolon enperyalis yo ak rejim sanginè reyaksyonè ki reprezante yo kont enterè fondamantal Pèp Ayisyen an. Yap eseye entimide Pèp la pou bloke devlopman mouvman demokratik popilè a, pou Pèp la pa rive leve kanpe pou chavire chodyè a. Byen konte, mal kalkile! Pèp kap goumen pa janm pèdi batay!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.