Elektrisite : Popilasyon Ench bloke wout pou manifeste kont Blakawout 24 sou 24

0
1121

Dimanch 17 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Moun Ench montre kòlè yo e yo pwoteste kont blakawout 24 sou 24 y ap sibi depi plizyè jou malgre yo tou pre Santral Elektrik Pelig.

Manifestan yo bloke kote pou antre e soti nan vil la nan jounen dimanch 17 janvye a pou anpeche machin ak moto sikile lib e libè.

Yo di yo mèt mouri, lapolis ki debake pap ka anpieche yo manifeste.

Bloike wout nasyonal nimewo 3 nan Plato Santral, vin oblije yon aktivite popilasyon an fè detanzantan pou fè otorite yo tande.

Nan jounen 25 desanm nan, se menm mouvman sa moun yo te fè pou yo te ka jwenn ti moso kouran pou fèt la.

Kote pwogram kouran 24 sou 24 Joenel Moïse la pase?

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.