Daly Valet : Aba tout konstitisyon joujou!

0
1319

Konstitisyon Joujou !

Madi 12 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Gen yon deba k ap fèt depi ane pase sou dat manda prezidan Jovenel ap fini. Sa se yon deba lejitim ak demokratik nan tout sosyete kote demokrasi gen plas li.

Mwen menm, mwen se youn nan moun ki panse, ki kwè e ki konvenki manda prezidan an ap fini 7 fevriye 2021. Fòk yon moun ta je chèch anpil si w nan kan prezidan an epi w ap klewonnen manda l ap fini 7 fevriye 2022. De tout fason, nan deba sa, se lafòs ki pral deside yon jan kou yon lòt.

Pandanstan, gen yon dosye nouvo Konstitisyon k ap pale. Pa dwe gen deba sou koze sa. Yon moun ki respekte tèt ou pa dwe ap fè deba ni reponn kesyon sou sa. Se jis makak k ap fèt. Sensèman, mwen poko janm ka konprann ki jan pou yon moun ki ale lekòl ka ap ankouraje yon prezidan nan yon briganday konsa. Sa k pi grav la , yo tout bò kote prezidan an konvenki lòbèy yo ap fè ak Manman Lwa peyi a kòrèk.

Kidonk, nenpòt endividi ki rive prezidan peyi Dayiti, ki prete sèman pou l respekte Konstitisyon peyi a, ka deside yon bon maten mete Konstitisyon sa akote paske li pa renmen l, epi li deside li menm ak ti klan pa l pou l fè pwòp Konstitisyon pa l, nan gou pa l ak akolit li yo. Nou konn sa sa vle di ? Sa vle di pa gen Repiblik ankò. Bagay grav wi ! Sa vle di, si vagabonday sa pase, se chak grenn moun ki rive prezidan ki dezòmè ka fè pwòp Konstitisyon pa l pou manda pa l la. Bagay savann nèt wi !

Depi n te wè, okenn entèlektyèl k ap sèvi pouvwa sa pa demisyone apre asasinay Mèt Monferrier Dorval, nou dwe atann nou a nenpòt ki vagabonday de jenerasyon entelektyèl sinik sa yo ak stil pouvwa sa yo.

Madigra pran lari epòk kanaval. Lè sa tout moun deja konnen se madigra k ap regle koze madigra yo, epi lepèp samiz. Men, si nou pa nan epòk madigra epi pou madigra panse yo ka taye banda nan lari a konsa sèke tèt yo pa byen. Pa gen griyen dan la. Yon moun tèt dwat ap deja wè se moun fou madigra sa yo ye lè yo panse tout epòk nan ane a se epòk madigra. Plas moun fou se nan azil, pa nan lari alevwa nan pouvwa.

Pwojè Konstitisyon joujou sa pa gen avni.

Pa dwe gen deba sou sa, se konbat yon moun tèt dwat dwe konbat yon pwojè moun fou konsa.

Konstitisyon anvigè a merite chanje, li dwe chanje. Sa dwe rete yon aksyon kolektif. Yon pwojè fòs sosyal ak politik yo dakò sou li. Moun fou sèlman ki ka pran fouchèt li pou l bwè soup.

Aba tout pwojè Konstitisyon joujou !

Sitwayen, bon konba !

Daly Valet

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.