Edmonde Supplice Beauzile : Biyè pou Mesye Jouthe

1
2217
edmonde supplice beauzile

Lundi 10 aout 2020 ((rezonodwes.com))– Yon lòt fwa, ou louvri bouch ou pou w montre ou se yon moun san dimansyon, ki manke kilti ak triti pou jere Leta a nan pi wo nivo li: ou pa gen lidèchip, ni bon mannyè.


Direktè Normil Rameau gen yon pase nan DCPJ ki pale pou li men depi li pran tèt PNH la, nou derekonèt li. Djòb nan ekip bizango ak zagoloray ki nan tèt pouvwa PHTK a, se founo pou griye sèvèl moun onèt, woulo konpresè pou krabinen repitasyon ak kapasite yo. Depi Msye Rameau rive nan DG/PNH la, nanm li ale, li pèdi kontwòl tèt li.


– Mesye Jouthe, ou pale lòt jou, se yon tristès lè yon moun ap gade pwofondè imatirite ak azayis ki karakterize pawòl ou yo. Kote w jwenn ak koze 16 000 blennde sa! Poukisa ou pa pwopoze konstwi 16 000 kay pou polisye yo viv ak fanmi yo! Ou vle divèti lopinyon piblik pou anpeche sosyete pale sou dosye polisye bandi ap pèsekite, touye, kidnape! Fanm ansent ak ti bebe k ap tonbe anba bal!


– Mesye Jouthe, ou melanje, ou gaye, ou tèt anba. Ou aji tankou yon iresponsab k ap mache lage chay sou moun. Koze ensekirite ak banditis la dosye Leta dwe adrese nan pi wo nivo li. Dwe gen bon jan politik piblik sou sekirite vi moun ak byen yo; mwayen materyèl ak moun fòme epi estrateji adapte. Ta sanble nan dosye sa, gouvènman w la plis chita sou gagòt:
Kote lajan ENTELIJANS la?


Msye Jouthe, tanpri, rann piblik prese prese yon rapò sou kòb intelijans kap antre sòti nan Palè nasyonal, nan Primati, nan Ministè lajistis, nan Ministè Enteryè ak tout lòt kote lajan Leta ap depanse pou sekirite piblik. 


Mesye Jouthe, tanpri, rann yon rapò sou zam manch long ki te disparèt nan Palè Nasyonal la yo ak pil konvèsasyon w ap vante ou genyen ak chèf gang yo. Kisa CNDDR ap regle? Kote bandi yo jwenn tout gwo zam fann fwa sa yo, yo t ap egzibe lòt jou sou Bisantnè a, tou pre biwo w nan Primati a? Poukisa Egzekitif la fèmen je sou parad sa ki ta sanble gen ak wè ak revoke Lucmann DELILE, ansyen Minis Jistis.


Mesye Jouthe, biyè sa dwe rete pou listwa ka raple te gen yon Premye Minis san elegans, san triti, ki konfonn gouvènans ak chowòf. Ou se Prezidan CSPN, ou gen lòt espas pou w pale ak wo etamajò Lapolis la, espektak ou ofri a, fad, blèm, mastòk; diskou w la ki te vize diskredite DG/PNH la avili w. Li pwouve lè yon vilgè pèsonaj ap mennen Leta a, li evidan pou se nan labou pèp la ap benyen. Mwen sezi wè yon chèf ki gen plis pase 15 000 moun ak zam nan twoup li bwè malonèt sa pou ou. Depi menm jou a, te dwe gen yon depoze zam anndan enstitisyon an pou restore imaj Lapolis la epi reponn ak deklarasyon sa ki se yon atak anplis ki vize febli PNH la pandan gang yo ap federe (G9, fanmi ak alye).


Mwen sonje Rameau se nèg ki te fè kidnaping nan bat ba nan peyi a. Mwen pa konnen li men rezilta travay li nan DCPJ pale pou li. Pouki li pa ka travay ankò jodia? Mesye Prezidan an kap fè  dekrè tribòbabò, dekrè tèt anba yo, kite tèt polis la kòm enterimè, se kapab yon kòz ki eksplike yon mank angajman bò kote Chèf polis la? Se petèt? Men Msye Jouthe, èske se lapolis ki responsab tout pwoblèm sosyal yo, pwoblèm ekonomik yo gouvènman w nan enkapab adrese yo!


Yon bon Premye minis t ap konnen bagay la pi konplike pase sa nou wè a. Yon egzanp: Sant dakèy Delma, direktè a di li pa mete pye depi mwa janvye, youn nan timoun yo mouri ak tibèkiloz, nèg la pa revoke. Kiyès k ap kontwole fonksyonman sant dakèy la?


Konsta a sèke pa gen dirijan pyès kote. Lapolis se yon egzekitan. Tout pwoblèm sa yo gen yon repons: absans lidèchip ak bon mannyè. Lè w nan sitiyasyon geriya sa yo, lapolis pa ka konbat la. Se lame ki entèvni, nan kelke swa peyi a.


Yon bann chèf ai. DG Rameau pran yon angajman chanpwèl. Li te dwe konnen li p ap jwenn mwayen, li pat gen anyen pou te di: li te dwe fè silans ou byen demisyone.


M sonje Pierre Michel LUBIN te revoke  paske pouvwa nan epòk la pa t sipòte li. Li ta p trake bandi, te gen 2 solda general Titi ki te tonbe, Corvington, nan site soley, sete solda pouvwa a ki te tonbe epòk la, nou sonje jan sa te pase, nou gran timoun, nou gen bon memwa. Depi se pouvwa k ap alimante gang, lapolis ap toujou fèb.


Premye minis jan w pale la a, ou yon ti jan vilgè, banal, plat, gwo gonm. Ou pale vaykevay. Ou kraze diyite tout polisye men kòm manda ekip tèt kale a ap bout 7 Fevriye 2021, avan nou ale nou vle kraze PNH la. Se byen konte, mal kalkile. Wè kay kraze, vin pran blòk. Pèp la pa responsab si kay la tonbe sou nou.


Mesye Jouthe, m ap sere ti biyè sa pou pitit ak pitit pitit tout moun ki tonbe anba bal bandi, sa yo vyole, kidnape pou yo ka sonje non w.

Jou aleJou vini Ayiti ap libere

Edmonde Supplice Beauzile

1 COMMENT

  1. Elle fait partie des politiciennes traditionnelles, mais au Parlement, elle avait marqué son passage. Elle refusait de voter la présumée madoda Michèle Duvivier Pierre-Louis, en mettant en exergue sa Foi Chrétienne. Par contre, avec l’aide du politicien et « pasteur » Andrys Riché, Mme Pierre-Louis pouvait entrer à la Primature en passant par la petite porte à côté. Un certain pasteur Chavannes Jeune était sur place pour supplier le racketteur Joseph Pierre-Louis de voter dans le même sens de l’amuseur public Andrys Riché.

    C’est un très bon Rappel Historique, “M sonje Pierre Michel LUBIN te revoke paske pouvwa nan epòk la pa t sipòte li. Li ta p trake bandi, te gen 2 solda general Titi ki te tonbe, Corvington, nan site soley, sete solda pouvwa a ki te tonbe epòk la, nou sonje jan sa te pase, nou gran timoun, nou gen bon memwa. Depi se pouvwa k ap alimante gang, lapolis ap toujou fèb.” On n’a pas besoin d’agir comme des Lâches, en se référant à la dictature des Duvalier. C’est un DEVOIR PATRIOTIQUE de ne pas fermer les yeux sur les FAUX démocrates qui ont enfanté Michel Joseph Martelly et consorts. Pas de détours et d’amalgame.

    Papa DOC pat mande pou okèn FO demokrat vin imite l. Si se pou moun sa yo, Papa Doc ak Baby mèt repoze nan lapè! San m pa lonmen non Charlemagne Peralte tankou lòt voryen an te konn fè a. Si JEAN LEOPOLD DOMINIQUE kapab se pou l demanti m. Se domaj tankou Gerard Pierre Charles, li te twonpe zanmi ak patriyòt.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.