18 octobre 2026
Covid-19 : yon gwoup 250 biznis egzije leta ayisyen ba yo bourad
Actualités

Covid-19 : yon gwoup 250 biznis egzije leta ayisyen ba yo bourad

Lendi 13 jiyè 2020 ((rezonodwes.com))– You gwoup ki gen plis pase 250 biznisman lanse yon petisyon sou entènèt pou mande leta ayisyen ba yo bourad pou yo pa toufe pandan pandemi Kowonaviris la, menm jan sa fèt nan tout peyi Karayib la.

Biznisman sa yo di y ap sibi tout sòt pwoblèm pou yo mennen aktivite yo depi 6-7 jiyè 2018. Apre sa, vin gen plizyè faz peyi lòk anvan nou debouche sou eta dijans ak konfinman Covid-19 la.

Leta Ayisyen : Sipòte biznis lokal yo !

Kontèks :

  • Lè nou konsidere dezas ekonomik peyi lock 2019 la sou biznis yo.
  • Lè nou konsidere enpak katastwofik Kovid-19 sou biznis yo.
  • Lè nou konsidere ke bidjè 2019/2020 a pa mansyone okenn pwogram sipò pou antrepriz yo.
  • Lè nou konsidere absans politik piblik pou ranfòse biznis yo.
  • Lè nou konsidere kantite moun ki pap travay akòz antrepriz kap fèmen chak jou pi plis.
  • Lè nou konsidere goud la kap degrengole chak jou parapò a dola ameriken an.
  • Lè nou konsidere enpak negatif Kovid-19 sou sektè pwodiktif tankou agrikilti, tekstil, konstriksyon, sante, teknoloji elatriye.
  • Lè nou konsidere kontrebann kap kontinye kraze biznis nasyonal nou yo.
  • Lè nou konsidere ke majorite nan bank komèsyal yo pa respekte mezi BRH ki gen rapò ak Pwogram Pro kwasans ak moratwa a.
  • Lè nou konsidere mezi ekonomik pou soutni antrepriz ki nan peyi CARICOM yo ak nan Karayib la. E lè nou konsidere fason mezi sa yo ba antrepriz yo jarèt pou anvayi mache lokal la pi plis.
     

Aksyon :

Nou menm, nan asosyasyon Sa Se Biznis Pam, nou mande pou leta ayisyen, vini prese prese avèk yon plan pou ankouraje kwasans epi pran prese prese mezi tankou sa yo:

  • Ranfòse Pwogram kapitalizasyon SME ak pwogram rekapitalizasyon, ke yo rele tou « programme Agribusiness » ki te lanse nan 2015. Program sa te gen pou objektif finanse jiska 20 milyon goud pou pi plis pou SME lokal yo tout pandan yap konfòme yo ak kritè yo etabli nan pwotokòl la.
  • Fond de Recapitalisation des Entreprises Haïtiennes (FREH) ki te lanse aprè tranbleman tè a pou remanbre antrepriz lokal yo.
  • Pwojè « Scale Up Haiti » pou konpayi ki gen gwo potansyèl kwasans. Ministè Ekonomi ak Finans te pran angajman pou mete 50 milyon dola nan  fon sa a.
  • Nou mande pou gouvènman rekonsidere ribrik “Autres interventions publiques” ki nan bidjè a. Ajoute yon anvlòp ijans $ 10 milyon USD pou ranfòse biznis yo nan bay jarèt ak plizyè mezi ak pwogram sipò pou konpayi k ap travay nan sektè pwodiktif la.
  • Prevwa yon pwolongasyon 6 mwa nan mezi fiskal MEF ak mezi monetè BRH ki te pran nan kad Kovid-19 la.

Enpak mezi sa yo :

  • Ede relanse ekonomi peyi a nan kreye 10,000 djòb sou 5 mwa.
  • Ranfòse biznis lokal yo.
  • Evite emoraji sèvo kap kouri kite peyi pou al nan Karayib, Amerik Latin, Amerik di Nò e latriye.
  • Bay espwa a biznis  yo.
  • Pwoteje konpayi estratejik ki nan pwodiksyon yo.
  • Diminye sou kantite pwodwi peyi a ap enpòte.

Klike la

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.