10 novembre 2025
Élections 2016 : Liste des partis et regroupements agréés par le CEP de Berlanger
Actualités Élections

Élections 2016 : Liste des partis et regroupements agréés par le CEP de Berlanger

Port-au-Prince, jeudi 7 juillet 2016 (rezonodwes).-  Le Conseil Électoral Provisoire (CEP) a publié la liste des partis et regroupements habilités a participer aux prochaines élections en Haiti:

En total 70 partis et regroupements ont été agréés, conformément aux articles 101 et suivants du décret électoral du 2 mars 2015.




 

1 Comment

  • Patrick Jean 8 juillet 2016

    Èske Privert ap kapab fè eleksyon yo san lajan kominote entènasyonal la?

    Eleksyon ki gen pou fèt 9 Oktòb kap vini la, reprezante yon gwo defi pou kominote entènasyonal la ki toujou panse otorite ayisyèn yo pa kapab fè anyen san èd yo. Men se pral kontrè. Paske prezidan provizwa a Jocelerme Privert fè konnen li pral fè grès kochon an kwit kochon an. Sa vle di li pral fè eleksyon yo ak lajan peyi a. Kòm nou konnen lèzetazini, Lafrans, Kanada… Toujou pare pou bay lajan pou fè eleksyon ann Ayiti. Men fè sa nan enterè yo. Paske yo toujou chèche enfliyanse eleksyon yo nan sans pa yo. Sepandan, peyi a gen lajan pou l te kapab òganize pwòp eleksyon l. Lè sa blan an pap kapab foure bouch li, li enfliyanse vòt yo. Nou sonje sak te pase an 2010. Prezidan KEP nan epòk sa a, Gayo Dòsenvil te vann blan an rezilta eleksyon yo. Tout moun konnen byen se madan Maniga kite eli. Men blan an pat kapab dijere madan Maniga. Yo te prefere mete gwo lajan deyò pou falsifye rezilta yo. Menm blan sa yo te chèche residive an 2015 ak Jovenel bannann pouri. Men, popilasyon an te leve kanpe pou te di blan an 2015 pa 2010. Kou sa pap pase. Chèf gang woz yo, Sweet Miki te envesti gwo lajan nan Opont, yon fason pou l te kapab foure bannann lan nan gòjèt pèp la. Malgre Jovenel te klase an katriyèm, Opont te mete l premye. Men, tout konnen se pat vre. Se magouy Opont te fè pou PHTK. Dayè komisyon verifikasyon an pwouve sa. Se sak fè Blan an fache. Paske li pat vle fòmasyon komisyon verifikasyon an. Kòm rezilta yo di yo pap bay senkòb pou òganize pwochèn eleksyon yo. Men sèl erè manm komisyon an fè yo te dwe pibliye yon klasman suivan jan yo te wè bagay yo. Antouka, eleksyon yo ap koute $55 milyon dola. Se pou Privert itilize bann ak pakèt $1.50 yo kontinye ap pran sou lajan transfè dyaspora a. E mwen panse ap gen ase kòb pou eleksyon yo fèt komsadwa. E san enfliyans blan.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.