Daly Valet : GNB vs Lock!

1
4408

GNB vs Lock !

Mardi 12 novembre 2019 ((rezonodwes.com))– Bon .. gade yon koze mesye ! Mwen menm mwen pa t Ayiti nan epòk GNB an 2003 ak 2004. Mwen pa fin konnen tout aktè yo ki te anfas prezidan Aristide yo. Men gen kèk nan aktè sa yo ke tout moun te konnen nan epòk la tankou jèn aktivis nan inivèsite a.

Pou listwa m ap raple, pou jenerasyon pa m nan te rive voye diktatè Jean Claude Duvalier ale an fevriye 1986 nou menm élèv lekòl te fè preske 3 mwa pa ale lekòl. Pou nou te rive voye jeneral Namphy ale an 1987, nou te fè plizyè mwa chita lakay. Gen nan nou ki te menm pèdi ane eskolè a. Mwen se youn ladan yo. Mwen te oblije refè filo. Donk mwen pa konprann diskou reyaksyonè k ap travèse radyo yo nan moman an. Dayè lekòl dwe toujou ap fonksyone. Si lekòl pa fonksyone sè ke gen yon gwo pwoblèm nan sosyete a. Se kòz pwoblèm yo pou n atake se pa konsekans yo si nou vle rezoud yo pou n avanse.

M ap tande yon radyo la maten an souf mwen manke koupe. Tout aktivis san fwa ni lwa GNB yo se yo menm k ap denonse jodi a peyi lòk la. Yo te lòk peyi a kont Aristide men yo pa vle yo lòk peyi a kont Jovenel. Vrè sans batay kont sistèm nan se la li ye.

Laprès, jounalis ak lidè opinyon sistèm nan pa t vle Aristide donk yo te nan peyi lòk kont Ti Pè a. Men yo tout ak kèk eksepsyon aliyen jodi a pou denonse peyi lòk e defann Jovenel anba chal. Jovenel pitit sistèm nan. Kidonk laprès sistèm nan ap defann pitit sistèm nan.

Sèvitè sistèm lan gen je chèch anpil. Yo pa jennen pou montre anba yo. Peyi lòk te bon pou yo pou elimine Aristide men peyi lòk pa bon pou yo pou voye Jovenel ale. Se kòm si depi Jovenel ale se yo menm ki prale tou….ou di mwens si Jovenel pa nan Palè a ankò yo pa p nan Palè a tou.

Nou ka konprann kounye a pou ki rezon kriz la dire konsa. Sè ke Laprès an majorite, Washington, plizyè gwo bawon boujwa sektè prive ak sosyete sivil la vle bagay yo rete konsa. Estatikwo a se li ki garanti sistèm nan. Tout fòs sa yo ki te nan peyi lòk ak GNB anfas Aristide, jodi a yo tout bò kote Jovenel, bò kote sistèm nan, kont peyi lòk e anfas pèp la.

Peyi lòk vs GNB, sistèm nan di sa k te bon pou yo ak Aristide pa bon pou yo ak Jovenel.

Daly Valet
6 Novanm 2019

1 COMMENT

  1. Mwen réaji sou atik ou a poum few konnen:
    Premyèman, presyon ak vyolans opozisyon an ap fè sou pèp la jodi a pou timoun yo pa al lekòl ni pou paran yo pa al chèche de goud nan lari a pou ba yo manje, se premye fwa sa dire tout tan saa ann Ayiti. Rezon an se paske wòch nan dlo pa konn doulè wòch nan solèy. Map pale de boujwazi, palmantè, ansyen anplwaye ki tap détounen lajan nan kès leta, ak jounalis machann mikwo ki pa manifeste okenn pitye pou yon ti pèp la yo kenbe ann otaj. Batay la te ka mennen yon lot jan, men ou konnen deja poukisa neg yo bezwen jete Jovenel avan mwa janvye a.
    Dezyèm man, Sou epòk CNG, tout ti moun te al lekòl, lè saa m te lekòl tou. Se sèl élèv klas tèminal yo ki te fè grèv, yo te di yo pa pral nan egzamen ak CNG a. Malgre sa CNG a te òganize examen, gen elèv ki te al konpoze e pa gen moun ki te fè presyon sou yo. Se sa yo rele demograsi.
    Daly Valè ou se yon lidè opinyon, avanw poste yon atik, analize propow yo.
    Ou pa dwe apiye okenn fòm de represyon ni vyolans sou yon pèp.
    Nan demokrasi, tout moun dwe lib pou egzèse dwa yo, ni sa ki pou Jovenel ni sa ki kont Jovenel.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.