« BARIKAD LA POU NOU MENM PÈP ANGAJE », un texte de James Romain

1
1473

KOREKSYON

Port-au-Prince, lundi 4 novanm 2019 ((rezonodwes.com))–Peyi sa a se yon peyi ki chapante ak yon barikad kiltirèl, sosyal, ekonomik ak politik depi 17 oktòb 1806 aprè kòsasinay yo te fè sou papa nanchon an Jan Jak DESALIN.

Yo drese barikad kont levasyon nou nan enpoze nou yon modèl ansèyman franse pou depeyize nou sou kondisyon lavi n ak orijin sosyal nou; yo drese barikad nan pran tè nou bay grandon boujwa yo pou fòse n vin vann fòs kouraj nou ak notab nan vil yo, nan lage n nan taksi moto, ti machann pwonmennen, chofè kamyonèt, polisye ak ajan sekirite; yo drese barikad kont pwojè envestisman nasyonal nou yo pou ranfòse miltinasyonal yo; yo drese barikad kont pwojè libète byennèt moun andeyò yo pou bay lavil jarèt…

Nou estime barikad pèp ayisyen se yon repons alafwa kont barikad entèn ajan sistèm eksklizyon an te tabli sou konsyans yo ak yon koupe fache sou pratik barikad entènasyonal-kominotè a mete depi 18 novanm 1803 sou dwa grandèt majè nou kòm pèp! Kidonk barikad ki nan lari a nan dènye moman leve kanpe pèp ayisyen an se yon barikad kite anndan lakay yo nan soufrans yo ak nan sityasyon malsite tout kalte yo, yo deside mete l deyò pou tout entènasyonal la wè ak konprann endyasyon yo.

Mwen konnen save sèvèl wòwòt sistèm nan ap rele barikad ki nan lari a pandan dènye moman sa yo, vyolans. M ap poze yon Kesyon. Yon ti kesyon byen senp. Kisa ki vyolans pou yo? Eske se yon sitirasyon grangou ki pouse moun pran lari pou egzije yon lòt lavi nan diyite osnon se lè w reziye w rete kache sibi zak vòlò nèg yo kont pwojè libète ak mounite pèp la?

Nou rete kwè barikad nan lari yo drese kont manti, fo pwomès ak eksklizyon. Chak fwa pèp la ap panse ak grangou konplotè yo mete byen wo nan peyi a, yo dwe mete barikad yo pi wo epi kanpe dèyè l pou defann avni yo, pou defann pwojè libète ak diyite bwa kayiman 14 dawout 1791 bosal yo te vle kanpe 17 oktòb 1806 la.

Viv libète byennèt la nan defann barikad pou kanpe yon sosyete san fòs kote san nou pa bliye pwojè pèp ayisyen se yon maraday demisyon Jovenel pou bout nan liberasyon yo kòm pèp ki granmoun tèt li.
-Pa janm bliye se moun k ap batay ki fè listwa!

James ROMAIN,
Jenerasyon Ogou Feray

1 COMMENT

  1. SISTÈM nan rive nan bout li tout bon vre wi, men manke moun sou teren politik la pou CHARYE yon lòt Pwojè Sosyete. Lè m ap li Pawòl ki nan tèks la mwen pa panse a 1986, men FNCD (1990) pase nan memwa m. Anpil Makonn Kabrit te mete tèt ansanm pou Pòn yon lòt sosyete. ECHÈK panyen pèsi « demokrat » yo (tivisye, tigrangou, aloufa/gran manjè…, domestik, divisyon ak trayizon) mennen peyi nan Rout nou ye jodi a. Mwen pa pami moun san memwa yo, nan lane 2010 nan pwemye deklarasyon kandida Martelly te fè li te di, « tout pati politik yo Echwe, yo dwe pèp Ayisyen Chanjman. » An Makonn Kabrit oswa Meleyis Meleyo, sa pat sonnen mal non, « LA CHANCE À PRENDRE, LA CHANCE QUI PASSE » mete sou « JUSTICE, TRANSPARENCE et PARTICIPATION. » Nan menm logik kreyasyon Lavalas fatra, gen yon PHTK fatra ki pran nesans. Finalman PHTK remèt menm REZILTA lavalas la : MOVÈZ GOUVÈNANS ak KAO.

    Jodi a li twò fasil pou moun ki Avize kriye tankou James ROMAIN, « Viv libète byennèt la nan defann barikad pou kanpe yon sosyete san fòs kote… » Lè manke GID pèp la GAYE, Sistèm nan Toujou repwodwi tèt li. Ak teyori Inivèsite Syans Sosyal la ki pa janm bay manti Yè tankou Jodi a, « Gade ENÈJI kap Gaspiye… »

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.