15 septembre 2026
Eske nou sèten nou vle chanje sistèm?
Actualités Société

Eske nou sèten nou vle chanje sistèm?

Dimanche 27 octobre 2019 ((rezonodwes.com))– Map tande yon emisyon politik maten an, gen yonn nan entèvenan yo ki di yon mo e map reflechi a sa li di a, pratikman an ayiti mantalite Kolon ak esklav la toujou rete lè ou gade tretman zotobre ap bay malere nan konpòtman yo okotidyen, gen de moun kap pale de chanje sistèm yap merite fè yon bon lavaj a presyon lakay yo paske mwen pa kwè yon ti bale ap sifi.

Mwen suiv yon bagay zotobre ayisyen toujou òganize li pou li fè moun kap travay ak li gen konpòtman Mandyan pou kisa paske li òganize li yon fason pou moun sa toujou ap oblije mande li. Sa leta ou byen prive ap bay moun nan, li deja paka fè anyen pou li, men li still pap bay anplwaye a lajan li alè e nan sa wa di se expre yo fè moun kap touche mwens lajan se li ki pi mal pou touche, gen nèg kap bale lari, yo konn dwe yo 6 mwa. Ki pi gwo mechanste ki gen pase sa? Si yon ajan sekirite pran pou li rakonte ou tribilasyon li, wa mande bondye ki sa sitwayen sa fè lap peye. Lap touche 10 mil goud pou 30 jou travay, si li pa vinn yon jou, li pèdi mil goud. 

Gen lòt moun ki nan ti djòb entèmedyè se lasosyete yo pa vle konn afè yo, yo kenbe yon aparans men se sou « Thank you » yon fanmi ou byen yon zanmi lòt bò nèg la ap viv. Gen de lè si machin apye pi mal lap roule a anpann se yon bagay li oblije vann ou byen mete nan plann pou li ka ranje machinn nan. Paske menm li menm ou wè avye kravat la kap moute nan gòje li a, se blòf li ye, se yon aparans lap jere. Ou menm ou gen dwa lè ou wè nèg la nan lari, ou di mesye intèl ap byen fonksyone epi se konnen ou pa konnen sa lap pran.

E sa ki pi dwòl an Ayiti nan sistèm sa ou ka sezi wè ou nan yon travay, Direktè a rele ou pou li felisité ou pou bon travay wap founi epi apre kèk jou li bay tout  kòlèg ou lajan, ou menm li pa mete ou sou Payroll ditou, ki donk an bon kreyòl li pa pete ba ou santi paske ou menm ou pa bezwen lajan pou viv, se ak felisitasyon li ba ou ou pral achete nan mache petyonvil. Gen de lè ou preske ta anvi mande ki jan pou ou te fè travay ou ankò?  Ki donk ni kantite, ni kalite travay ou ap founi a pa 1 kritè sifizan.

Ti sentaniz ale nan mache, li menm ki prepare manje a, men li gen entèdiksyon pou li manje nan manje, lè yon graten chodyè rete li a fonksyone. Ki  donk ou gen ti sentaniz lakay ou epi ou si wap goumen pou sistèm chanje, chanjman eske ou enkli ti Sentaniz ladan li?

An 2019, wap peye yon pwofèsè 7 mil goud pa mwa epi ou di timoun yo ap mal aprann, ki donk ou lonje 75 dola ameriken bay yon moun pou li viv ak madanm a pitit ou ta vle li konsantre sou travay la? Nou serye? Mesye sa lè li vinn lekòl la se panse lap panse a ki sa li pral bay lakay li, kòman timoun pa li yo ap fè al lekòl ki donk tèt li tou fè li mal avan li kòmanse fè kou a.

Polisye a gen madanm, li gen pitit, bouch li fann pou li manje epi li nan moun kap touche 45 le mwa yo tou, epi nou kole 23 mil 500 goud nan kòlèt li, nou serye? Ti kat pou li manje a nou ba li li chak 2 mwa, chak 3 mwa, Ki donk se chak 3 mwa madanm pa nou al nan Market?

Se nan mache pou manman nou ak papa nou ale pou yo jwenn yon ti kichòy pou yo okipe nou, eskizem wi kòman kwabosal ye? Ki donk moun sa yo ki te òganize yo pou yo al chèche lavi pou pitit yo, nou mete yo nan chomaj depi plizyè mwa. Chomaj sa ki pral kole ak dividal moun ki pat nan aktivite ditou, plis yon lòt ponyen ki ap pèdi travay yo nan moman an la. Sim te gen bèl vwa tankou chantè BIC mwen ta di nou Mesye CHAPO BA!
Antouka, lè nap pale pawòl chanje sistèm, mwen espere nou konprann sa vle di 80 % moun ki nan Esklavaj nan peyi a yo pa dwe nan Esklavaj ankò.

Fernando ESTIMÉ

1 Comment

  • Endijen 27 octobre 2019

    Ou pale de Kolon ak esklav nan atik la, se tre byen sa. Ou di « gen de moun kap pale de chanje sistem yap merite fe yon bon lavaj a presyon lakay yo…. » Kom yon Temwen istorik mwen gen pwoblem ak « gen de moun… » Si se gen de moun SELMAN peyi a pa tap Rive nan tout sa wap Denonse yo. Ou gen le BLIYE, yon Bon Pati nan Votan yo te bay marasa JB Aristide ak Preval MANDA pou yo chanje sistem nan. Mwen pa mande pou oken Benefisye ak Soubreka sistem nan banm ESKIS. Kom Temwen istorik e kom yon neg ki Etidye nan Ivesite Syans Sosyal, mwen konnen se pa Pretre (pwet pwet), souf kout, esklav ak moun ki Rate nan tout domen nan lavi yo ki ka chanje sistem.

    Poum fini, moun ki deja Esklav paka nan libere lot moun ki Esklav. Kit esklav yo sou pouvwa, kit esklav yo nan opozisyon se nan konstriksyon « Shithole » yo tout lage ko’ yo. Men mwen pap di tankou yon zanmi m Afime, « neg nwe’ paka fe peyi. »

    Ou pa janm konnen menm se nan kek lot Jenerasyon, mwen ka gen tan mouri, peyi a ka byen jwenn yon bon Ekip JE VEUX JE PEUX (ki pa Rabi ki soti nan bon Lekol) oswa yon bon Ekip POINT BARRE (ki pa Rabi ki soti nan bon lekol) ki ka Deside mete FIN nan sistem nan, enpoze diktati Lalwa. Pa gen sistem ki enfayib ka poko gen moun ki gen moun nan moun yo pou fe Djob la tankou nou we sa nan peyi a depi pase 33 lane.

    Kite ti Jovenel Moise sou kote ki fe yo we tout Anndan sistem Apated la, men nan 33 lane sa yo ki pase a, se Rene Preval ki papa sistem nan. Opinyon piblik Idyot ak patipri (grenn zanno ka ofev) pap janm di sa.

    Gade yon Refren : Kit Lavalas sou pouvwa, kit Lavalas pa sou pouvwa, peyi a Kondane poul soti nan « Shithole » la. Kit PHTK sou pouvwa kit PHTK pa sou pouvwa peyi a Kondane poul soti nan « Shithole » la. Mezanmi gen Pawol deye pawol wi…

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.