Konekte -Ayiti se prononce sur la crise haïtienne

0
1759

POZISYON MOUVMAN SOSYO-POLITIK “KONEKTE-AYITI” SOU KRIZ SOSYAL TOTAL PEYI A AP TRAVÈSE DÈNYE TAN SA YO

Samedi 19 octobre 2019 ((rezonodwes.com))– Depi peryòd Duvalier yo, Ayiti ap viv gwo kriz ki pa janm rezoud. Apre nou batay pou nou voye Duvalier ale, nou ponn yon konstitisyon ki pa gen anyen pou wè ak sa n ap viv, sa nou bezwen kòm pèp. Yon konstitisyon ki se ekspresyon twomatis apre-diktati ke nou t ap viv.

Apre sa, nou kondui peyi a pi mal ke sou diktati deklare a. Paske alaverite, nou vin kreye diktati lamizè ; diktati yon boujwazi ki pa gen gwo koze pou l wè ak devlopman Ayiti paske se nan zafè enpòtasyon li kwè, li pa nan koze pwodiksyon nasyonal ; nou bay diktati enperyalis la plis pye toujou, elatriye.

An 2004, nou soulve yon lòt fwa ankò kont yon Prezidan nou te estime ki t ap mal mennen bak peyi a. Nou voye l ale. Pou nou te fè sa, tout fòs viv peyi a te leve kanpe. Men apre, nou pat ka fè yon konsansis pou nou siyen yon pak sou yon nouvo modèl gouvènans ki t ap sèvi ak lasyans pou refè figi peyi a, epi remanbre sosyete a.

Kenz (15) lane apre, nou twouve n nan menm sitiyasyon an. Yon sitiyasyon kote n ap mande yon Prezidan rache manyòk li, pandan ke nou pa gen okenn pwojè komen, okenn plan stratejik, okenn pwojè sosyete ki ta va rezilta konsètasyon tout fòs viv konsyan peyi a. Sa vle di, n ap pati sou menm baz apre 1806 yo, apre 1986 yo, apre 2004 yo.

Kidonk, si nou pati sou baz echèk dènye fwa yo, nou riske echwe menm jan yo ankò. Nou pral fè menm erè istorik yo. N ap mete yon gouvènman trazisyon san pwojè reyèl, sinon yon fèy de wout pou l jere rès tan ki rete a, jouk nou fè eleksyon, epi tonbe anba yon gouvènman san pwojè sosyete, san adezyon ak patisipasyon tout sektè nan lavi peyi a.

Pou tout rezon nou sot site la yo, Mouvman Sosyo-Politik KONEKTE-Ayiti ap fè kat (4) pwopozisyon pou pèmèt nou gen yon tranzisyon avize, reprezantatif apre depa Prezidan Jovenel Moïse, k ap debouche sou :
• Remanbre leta a
• Yon pwojè sosyete
• Stabilite politik pou nou pa janm tonbe nan voye ale ankò

*PWOPOZISYON KONEKTE-AYITI *

1) – Kotinye egzije depa Prezidan Jovenel Moïse ;
2)- Refè konstitisyon an nan konsiltasyon nasyonal, popilè. Li enpòtan pou nou pran de (2) lane tranzisyon yo pou nou refè konstitisyon an. Nou dwe fè yon konstitsyon k ap mennen nou dirèk nan modènite a;
3) – Reyalize yon pwosè san paspouki. Yon pwosè k ap vize trase yon egzanp istorik pou tout moun ki konn ou ki ta anvi vin dilkapide kòb leta, kòb ki la pou konstui byennèt kolektif la;
4) – Òganize yon « Konsèy tranzisyon » k ap gen pou misyon prensipal :
a- redrese enstitisyon leta yo ak yon refòm de baz prese prese, epi rive fè leta a prezan tout
bon nan tout peyi a, pou l bay sèvis epi idantifye pwoblèm pwofon chak komin;
b- inisye yon pwogram pwodiksyon nasyonal nan tout zòn ki gen tè ki ka kiltive; bay kiltivatè yo semans; mete siveyans nan tout zòn fwontalye; mete siveyans pou aparèy k ap vole nan zanviwon zòn agrikòl yo;
c- monte yon selil ak yon ansanm teknisyen nan diferan domèn (teknik, teknolojik, syanzimèn ak sosyal, elatriye); reprezantan diferan sendika yo; reprezantan sektè prive a; sosyete sivil la.
Misyon selil sa, se elabore yon « Pwojè sosyete » pandan 2 lane « Konsèy Tranzisyon » an ap fè sou pouvwa a. Li nesesè pou travay sa pran tan paske pwojè sosyete mande anpil refleksyon, anpil konsiltasyon, anpil etid sou teren, anpil rechèch ak anpil ekspètiz.
Pwojè sosyete sa dwe vize 25 pwochen lane yo. Se yon fason pou nou koupe fache ak pratik dirije peyi a jou apre jou. Kidonk, pwochen gouvènman k ap vini youn apre lòt pandan 25 lane sa yo, ap gen pou egzekite pwojè sosyete sila pandan y ap pase men ladan si gen bezwen, epi kontinye fè konsiltsyon ;


d- Kreye yon konsèy elektoral pèmanan k ap gen kòm manm :
• bon jan teknisyen endepandan
• reprezantan sosyete sivil la kòm obsèvatè.
e- Òganize eleksyon sou tout teritwa a pou eli ranplase eli.
Yon pèp je kale ! Yon leta solid ! Yon « Pwojè sosyete » ! Yon bon peyi pou nou tout !

_Pou otantifikasyon: _

*Allwitch JOLY*
Kòdonatè Jeneral

*Ralph Youri CHEVRY*
Kòdonatè Kominal

*Peterson FRANÇOIS Jr*
Manm Fondatè

*Jean Léonard TOUT-PUISSANT*
Manm Fondatè

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.