Leta bwè pwa ! Wilkens Scott Fifi

1
2346

par Ricot Marc Sony

Lundi 9 septembre 2019 ((rezonodwes.com))– Wilkens Scott Fifi se jiris, komedyen, powèt, li fèt Pòtoprens nan lanne 1986, admiratè René Philoctète, Paul Eluard, André Breton, Wilkens Scott Fifi tizè e kòmanse ekri pwezi depi nan laj danfans li.

Li pibliye 2 rekèy « Souvnans »  « Libera/ Mizè Ri Kòd » E plizyè lòt  powèm nan revi an ayiti kou lòt bò dlo, li se manm Atelier Jeudi Soir ke ekriven Lyonel Trouillot ap dirije.  

Wilkens Scott Fifi ap viv Knoxville Tennessee kwak li elwanye de peyi a depi 2015 men lang kreyòl la toujou nan pwent pli m li pou l ekri sou madigridji leta ap fè yo, sou lanmou, sou legzistans, sou tout reyalite sosyal k ap bandijonnen bil peyi a.

Jodi a Rezonodwes envite w Li 3 powèm powèt la livre nou. 

1
Kriz la vante do nou
Kòlèt Baye n anbrase kriz la
Pòtoprens se yon mize kriz
Ki rann kriz la mize
Kriz la rize
Kòk kòdase pou anonse
Ke Kriz la kristalize
Nasyonalize
Pou chak mizik tris
Nan chak grenn betiz
Pou chak rabòday
Chak fwa sèvèl nou tòde kreyòl
Nan akouchman yon parabòl kremòl
Kriz la ranfòse
Kriz la anvayi kò nou
Nanm nou
Nou gen lè pa wè ke kriz la met blokis nan espas nou
Kriz la se nou
Leta bwè pwa
Pran pwa kriz la
Li pote mak yon kri inosan
Ti bebe yo rechinya
Kriz la seche lèt manman

2
M vante mizè nan laye lajounen
Sèl sak rete yon pay Leta
Jodi a m konprann ke Mizè se yon ologram
Andidan kalbas mandatè
Mantè se premye kreyasyon lanmizè
Jou verite a tòde
Se jou sa menm lavi gaspiye
Nan kase fèy kouvri sa
Nou kouvri kadav ak fatra
Kochon Sèmante longè dyòl li
Fòk masak la avili
Malgre lalin sal ak mak san
Lasalin doubout nan nanm
Jouk nou kraze kilti lanmò
Arebò wonn nan n ap teke Leta
Jouk mayi a frèt nan plat nou

3

Malè pandye
Pandye malè
Zotobre griyen dan sou wout lanmizè
Entèlektyèl bwè pwa
Pa bò isit adye wi dan
Tout politisyen koklich
Niche pla men madichonen lesyèl
Galimachya lespwa
Bonbade landemen ak yon kout piman pike boule
Se depi lè sa tout vi kontre nan ri lantèman
Se depi jou sa krab kache anba karapas tòti
Tounen bandi modi jodi mòde jodi
Mò n di
Ri lantèman kriye san
W ap betize
Se lè sa klorat pete nan demen kokorat
Leta pran kout Leta
Lespri n pa depase minwi
Epi pwezi a kaba
Nan fasad yon lekti 

Wilkens Scott Fifi
Inédi

1 COMMENT

  1. Ayiti se peyi ki Kanpe sou bit MASAK. Sou rejim diktatoryal ak sou rey « denokrat, » Leta pa pran lot direksyon. MASAK sou MASAK. Pou bon patriyot ak moun ki gen lekti istorik, se pa MASAK Lasalin ki gen bon do selman. Masak Kazal, Masak La SCIERIE…ak Masak Lasalin se menm kout BWA a. Yo se MARASA. Nou soti Lwen, jounalis JOLIBOIS, Gasner Raymond, Ezechiel Abelard, Felix Lamy, Jean Leopold Dominique, Brignol Lindor, Francois Latour …ak Jacques Roche pa vle demanti m. Se MALANDREN/AVADRA kap goumen pou pouvwa pou we KIYES ki ka fe plis soubreka Oligachi ak tjoul BLAN. Anpil fwa mwen ta vle pedi, gen yon « fondasyon devwa memwa » pou pale sou krim Duvalier yo. Epi yo te nan pouvwa oswa alye yo te sou pouvwa yo pat fe Pwose Rejim Duvalier yo. Pe William Smart ak asosye l yo panse tout moun se « Analfabet pa bet. »

    Sak pired la gen kek ekriven ak istoryen ki Afime se pa Baby Doc ki pitit papa Doc nan zafe Krim. Yo ta vle lonje dwet pito sou JB Aristide. Men misye te twonpe epok. Li pran 2 so kabrit. Jal Prosper Avril (ki pa Milite tankou Augusto Pinochet) menm gen yon liv li ekri sou rey « demokrat » yo ki rele, « Liv nwa ensekirite. » Sistem nan paka egziste san Masak.

    Nan dat 11 septanm nan fe Divesyon nan sosyete resele/patipri (Martelly pa egare li konprann sa) sel lavalas ki pa we m, men se pa FRANCK ROMAIN. Yon pwezime kriminel ki PWOP, « La Communaute Urbaine de Port-Au-Prince…. » Jounalis Jean Leopold DOMINIQUE pa fouti demanti m. Peyi m gen istwa wi…

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.