Mesaj pou entelektyèl ayisyen yo

1
1626

Pou yon lòt fòm panse! Peyi kòmsi, leta kòmsi !

Jedi 23 me 2019 ((rezonodwes.com))– Pi gwo pwoblem, lè w ap analize sitiyasyon Ayiti, kèlkeswa domèn nan, ou oblije fè kòmsi se yon peyi, « kòmsi » gen yon leta kòmsi.

Ou oblije chita tout demach pou sezi kèlkeswa sitiyasyon an sou  » komsi » paske w bezwen baz ,pou w chita sa w ap di yo, ou pa sa opere nan vid.

Sa ki fè rezilta refleksyon yo toujou fòse, pa ka ateri, Lè la rive pou mete yo an pratik..

Se nouvèl pratik refleksyon, ak lòt zouti ki apwopriye pou nou k ap panse devlope, ki ka chita refleksyon, epi pèmet entèvasnsyon yo reyisi ak transfòmasyon sosyete a.

Zouti nou prete lekòl ak nan gwo inivèsite, loup ki sévi lot peyi, nou prete yo. fòk nou reyajiste yo, oubyen remèt yo. Yo fè nou plis mal ke byen. Nou refléchi nan fè kòmsi. ak nan si e selman si.

Fòk nou soti nan kad sa, pou n rive nan « Sal ye a! ».

Sèl pòt sòti nou, se ta rive devlope yon sistèm panse « ayisyen » kite nap retwouve nou sètadi fòje zouti adapte. Nan kad goumen pou chavire sistèm ki la, moun k ap panse nou yo, kèlkeswa nan politik, ekonomi, sosyal, nan domèn agrikòl, kiltirèl, li ta enpòtan pou kelkeswa lide, nap gaye, pote konsepsyon ak mak jefò pou panse ayisyèn : ak tout feblès nou.

Tout sipèstisyon nou, tout fason nou wè mond lan, tout fason nou wè lavi, lanmó ak tout eksperyans esklavajis nou.

Filozòf nou yo, chèchè nou yo, sosyolog nou yo, ekonomis, etnològ, tout moun syans nou yo, ta dwe bay tèt yo defi sa, ki se konstwi yon sistèm panse ayisyen, ki ka sèvi kad pou mwen menm ak lòt pwofann ka chita pale.

Mwen rete kwè, se selman nan kad sa nou ka kómanse fòmile, fè desen Ayiti nou vlea.

Mèsi

Kathleen Desravines

1 COMMENT

  1. Rapel yo…

    Se yon Bel Refleksyon, men ou pedi pi devan. Tout gwo save ou fe referans yo, ou pa di kijan wap fe yo vin moun avan, nan ki Moul ou pwal pase yo. 33 lane nan lib yo, montre nou gen anpil nan yo ki manke gen moun nan moun yo.

    Pran ekzanp, minis Edikasyon Nasyonal la, anpil moun nan sosyete a te konsidere l, men misye fe prev de yon Fatra. La a mwen pa pale misye se yon Zozolye nan fe Koupe Kloure ak bay sevant lakay li pitit… Map mande kijan yon neg tankou Misye ki Toujou tap pale de listwa pase yo twouve jodi a fe Solidarite ak yon pouvwa ki nan itilize Mesene’ kont opozan l kap kouri deye l pou Movez Gouvenans ak fe Alyans ak Petrovole. Misye pa gen pwoblem pou l fwote ak San Pide ki nan tet ministe « lajistis » la. E le n monte piwo, nou we, anpil pesonalite, jounalis nou te konsidere kom moun serye, pat gen pwoblem fwote ak pwezime asasen Privert oswa pwezime Petrovole Jean Max Bellerive. Nou tout konnen nan ki kondisyon Privert te jwenn liberasyon apre 26 mwa nan pwizon pou MASSACRE LA SCIERIE (St Marc, le 11 fevrier 2004) ak nome senate nan eleksyon Santidi yo. Koze yo Anpil.

    Tout moun nan Medya ak Oganizasyon Dwa Moun ki te konn pale de Massacre La Scierie, lonje dwet yo sou Privert, se yo ki te vin pibon Alye misye le l te rive sou pouvwa nan Kout Mal Taye, nan 14 fevriye 2016. Bon Patriyot paka nan goumen kont Chawony pou l asepte tiglot Vomisman chen. Pa gen Eskiz, pi devan se kandida Martelly ki vin pwezidan. E sa ki fe Zefeyis « peyi lok, » pat rive mete do Jovenel Moise ate’. Misye toujou kwoke sou pouvwa a, li menm nan fe pwovokasyon nan kite nan figi moun minis « lajistis » la.

    Ou we nou met bay Antonio Jules ak Koudapel nan Okap yon Kanpo. Moun nou rele demokrat yo pat konstwi Leta, epi nou vle Martelly/Jovenel pouki te fe l. Enposib. Yo Kontinye mache pito nan wout « Shithole » demokrat yo te trase a. Koze yo Anpil.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.