17 septembre 2026
Plizyè oganizasyon denonse asasina Willard Vancol
Actualités Kreyòl Société

Plizyè oganizasyon denonse asasina Willard Vancol

Ann ranmase kadav Vancol, fè l tounen angrè pou lit pèp la ka donnen bonjan chanjman

9 sektanm ki sot pase a, nouvèl la tonbe tankou yon bonb. Bandi ak sapat k ap travay pou bandi kostime, asasinen kanmarad Willard Vancol, nan forè ITEKA ki nan Tiboukan, komin Gresye. Nan dat 20 dawout, yon kòmando kriminèl pwograme debake nan sant fòmasyon ITEKA nan Gresye bò 7è nan maten, yon poze lapat sou kanmarad Vancol epi pati ak li san fè bri. Apre anpil demach pou jwenn polisye pou ale anwo a, dirijan ITEKA yo ak lapolis rive jwenn zosman kadav kanmarad la nan forè ki nan lakou ITEKA a. Bandi pwograme yo koupe tèt kanmarad Vancol pou fè li peye travay louvri je li t ap fè bò kote mas yo. 

Ki moun Willard Vancol te ye ?

Kanmarad Willard Vancol se te yon gason vanyan, yon militan lagoch ki patisipe nan anpil lit nan peyi a epi ki mete kanpe anpil òganizasyon ak enstitisyon. Kanmarad Vancol te kwè se nan batay ak bonjan òganizasyon konsekan, klas popilè yo ka rive pote chanjman tout bon y ap chache a. Se konsa, Vancol te patisipe nan mete Mouvman Pou Inite Pèp Okay (MUPAC an franse), apre depa rejim bout di Divalye a. Vancol te reponn prezan nan mete kanpe anpil lòt òganizasyon tankou Alyans Nasyonal Oganizasyon Popilè (ANOP) ak Alyans Sid Grandans. N ap raple ANOP te mennen yon gwo kanpay kont lavichè nan peyi a pandan prezidans Jal Prosper Avril la. Batay sa a te pouse Jal Avril mete deyò yon dekrè pou kreye magazen Leta nan peyi a. Men dekrè sa a pat janm rive aplike. Tout gouvènman ki vin apre yo toujou sere dekrè sa nan tiwa pou fè FMI plezi. Vancol se prensipal manm fondatè Radyo Vwa Klodi Mizo ki t ap fè yon travay louvri je nan depatman Sid la. Dènye kote Vancol t ap feraye se nan sant fòmasyon ITEKA nan Tiboukan / Gresye kote li t ap jwe wòl kòdonatè sant fòmasyon an epi direktè Radyo Tiboukan FM ki nan menm lokal la. Eksperyans sa a te pèmèt kanmarad Vancol kontinye akonpaye peyizan yo epi pote vwa yo nan Radyo a. 

Koze yo anpil, men nou bay kèk nan eksperyans Vancol yo. Asasinay Vancol la se yon kokenn chenn pèt pou peyi a, pou mas yo ak pou lit la. Nan sans sa a, nou menm òganizasyon pwogresis ki siyen nòt solidarite sa a, nou swete fanmi, zanmi, kanmarad, enstitisyon ak òganizasyon ki pwòch Vancol yo anpil kouraj. Nou dwe ranmase kadav Vancol pou fè l tounen angrè pou lit pèp la ka donnen chanjman, malgre otorite yo, boujwazi a ak enperyalis meriken fè peyi a tounen yon lanfè. Nan okazyon sa a, depatman Sid la, vil Okay sitou dwe reveye l epi leve kanpe pou rann kanmarad Vancol bonjan omaj. Limen balèn, bat tenèb, epi rele chal bari dèyè gang lokal ak entènasyonal yo. Nou pap mande jistis pou Vancol, paske machann peyi, dirijan konwonpi, boujwa mafya ak kriminèl tout kalite, fè jistis la tounen lo patat. Se noumenm mas pèp la ki ka bay tèt nou jistis nan konstui yon Ayiti Sosyalis, yon Ayiti kote tout moun ka viv tankou moun, kote jistis kapab blayi pou tout moun. 

Viv lit pèp la !

Viv yon leta sosyalis !

Aba leta gang ! 

Oganizasyon ki siyen yo se :

  1. Tèt Kole Ti Peyizan Sid / Romane Juste
  2. Konbit Aksyon Popilè Sid (KPAS) / Guy NUMA
  3. Oganizasyon Lave Je Koray Anri (OLAJEKA) / Vilio Espérance 
  4. Rasanbleman Fanm Pwogresis nan Awondisman Aken (RAFPAA) / Louise Marie Naissant 
  5. Coordination des Militants Pour le Développement (CMD / Tigwav) / Mathurin Desroches 
  6. Tèt Kole Baradè / Don Louis Joseph
  7. Kòdinasyon Peyizan Mak / Lessage Henri 
  8. Cercle Des Jeunes en Action Pour le Développement Durable (CJADD / Tigwav) / Chenet Zamor  

Pou otantifikasyon 

Guy Numa / 38409034 / 40746789

Romane Juste / 41588317

Vilio Esperance / 40667980

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.