5 juillet 2026
Gonayiv | Koripsyon : BAY SAN, YON BIZNIS OUBYEN SOVE LAVI ?
Actualités Corruption Santé Société

Gonayiv | Koripsyon : BAY SAN, YON BIZNIS OUBYEN SOVE LAVI ?

pa Frantz Renel LEBRUN

GONAYIV LE 4 JIYÈ 2026.

BAY SAN, YON BIZNIS OUBYEN SOVE LAVI ?

Depi yon bon bout tan, koze jwenn san pou bay yon moun ki nan nesesite vi n tounen yon sijè preyokipasyon nan sosyete a, malerezman menm ministè sante piblik ak popilasyon sanble pa gen kontwòl sektè sa andan peyi a espesyalman nan vil Gonayiv.

Lè yon pasyan bezwen sa, se nòmal yo konn egzije pwòch li bay sa pou li, men an reyalite se pou ranplase sa yap retire yo men li pa fòseman se san w bay la ki al jwen n pwòch ou a.

Konnya men kesyon kap poze, èske san ki bay a pasyan yo se san ki byen trete, nan ki laboratwa yo analize yo pou konnen san sa yo ok, kilès ki gen kontwòl koze bank san yo, oubyen ki kote san sa yo soti nan laboratwa ayisyen ou byen pakèt san kap vann lakay vwazen, ki tès ki fèt sou san sayo avan yo antre nan enstitisyon sanitè nou yo?

Plizyè moun ki swa anemi, oubyen ki pral fè operasyon nan vil Gonayiv gen gwo malèz aprè yo fi n ba yo san, swa yo gen pikotman( kò pike), gratèl, gen sa ki menm mouri aprè yo fi n pran san.

Sanble menm jan etanòl dominiken anvayi peyi a, ki konn menm pran plas kleren Sen Michèl la, menm jan manje ki fèt nan move kondisyon anvayi mache ayisyen an, konnya li enpòtan pou responsab sante yo nan latibonit ta gen kontwòl sou san yap bay malad yo, paske gen moun ki al achte san, san konnen anyen nan kesyon an, kita dwe yo gwo sijè nan sosyete a malerezman anpil moun pa konsyan de danje sa.

Si leta sanble pèdi kontwòl prèske tout bagay andan peyi a, li ta enpòtan pou dosye san sa pran an kondiderasyon paske san kap vann nan rakèt, san kap pase anba fil pou antre andan peyi a, paran malad ki pran lari ap mache chèche san pou yo achte, e lè yo jwenn li yo annik pote bay medsen an san poze ankenn kesyon pou konnen si san sa ok, si l pa enfekte, si se pat yon san kontamine.

Nou espere leta pran kesyon sa an men pou evite pita pi tris.

Frantz Renel LEBRUN, RADYO CÉLESTE FM GONAYIV.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.