26 juin 2026
Plimdò 2026 : Atrèl dewoule tapi wouj pou Akademisyen Pauris Jean–Baptiste
Actualités Culture Kreyòl

Plimdò 2026 : Atrèl dewoule tapi wouj pou Akademisyen Pauris Jean–Baptiste

Alliance Culturelle Haïtienne (ACHA) lanse, mèkredi 24 jen 2026 la, 6èm edisyon Pri literè Plimdò nan Atrèl, lokalite k ap dodomeya nan mitan de (2) komin : Answouj ak Janrabèl. Envite donè evènman an, Akademisyen Pauris Jean – Baptiste, 90 lane, ankouraje lajenès pran responsabilite li nan moman malouk yon peyi k ap lokobe depi kèk lane anba ensètitid tout kalite. Premye prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an raple wòl endispansab lang kreyòl la nan tout dinamik chanjman sosyal pozitif. Powèt Martenson Metayer, nimewo en ACHA, deplwaye yon pawòl fyète ak onè pou li akeyi Akademisyen Pauris kòm resipyandè Plimdò 2026 la. 

Mèkredi 24 jen 2026 la, nan kad aktivite 6èm edisyon Pri literè Plimdò, l’Ecole Baptiste Conservatrice d’Atrèl resevwa envite donè evènman an, ekriven Pauris Jean – Baptiste nan yon akèy cho. Notab nan zòn nan, pwofesè ak delegasyon elèv plizyè lekòl te reponn prezan pou salye prezans grandèt la, savalouwe kontribisyon imans Pauris pote nan evolisyon literè lang kreyòl. Nan entèvansyon li, premye prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an ouvri kè li pou temwanye kontantman li di ki toujou abite l chak fwa l jwenn posibilite pataje eksperyans lavi li, angajman l kòm ekriven / kreyolis bay lajenès. Mesaj Pauris Jean – Baptiste la klè : « Timoun, pa lage lekòl ! Pri Deschamps 1985 pou woman « Nan lonbray inosans » kontinye pou li di : « Peyi a s on richès. Men anpil fwa lekòl gaspiye richès sa a nan men nou. Nou menm timoun, nou dwe pran etid nou trè oserye. Aprann konnen ki kote nou vle rive avèk tèt nou. Bondye ban nou lavi. Se nou menm ki pou travay avèk lavi a. Yon sèl bagay, respekte tèt nou. Ayiti peyi sa a pa ka peri. Se li menm nou genyen. Peyi nou se li ki pa nou. Peyi nou se lang nou, kreyòl. E lang nou se nanm nou. Lang nou jwe yon wòl fondamantal nan devlòpman nou kòm pèp djanm». 

Bò kote pa li, prezidan ACHA a Martenson Metayer, nan diskou li pou sikonstans lan ekspoze yon tablo fyète ak onè li menm ak ekip li nan genyen pou yo akeyi Akademisyen Pauris jean – Baptiste nan zòn natal li Atrèl. Diskou powèt Martenson Metayer a raple dimansyon ekriven Pauris reprezante a epi angajman san fay ki anime grandèt la ki pa janm kite lang matènèl pèp ayisyen an dèyè nan pwodiksyon l : « Premye moun mwen li kòm ekriven se Pauris Jean – Baptiste. E se gras ak papa m Fritz Metayer. Ochan pou ekriven, Akademisyen Pauris Jean – Baptiste. Otè nan lonbray inosans lan merite ochan sila a paske l se yonn nan majòjon literè ki kontribye nan fòme epi enfliyanse plizyè jenerasyon ekriven. Se sa kif è ACHA mete devwa l opwòp pou onore li pou imansite travay li. ACHA chwazi onore Pauris Jean – Baptiste pandan twa (3) jou kifkif, soti 24 jen pou rive 26 jen 2026 la. Jodi 24 jen an, nou nan zòn Atrèl, zòn natal mwen, espesyalman nan lokal Ecole Baptiste Conservatrice Atrel ki se ansyen lekòl mwen. Jedi 25 jen, n ap nan vil Pòdepè nan Institution Mixte Les Frères Mathurin. Vandredi 26, n ap nan Ecole Etienne Saintil ; e se nan menm jou sa a n ap remèt Akademisyen Pauris yon plim 14 kara lò. Mèsi ekriven Pauris paske w fè ACHA lonè pou w se envite donè Pri literè Plimdò. Ochan pou imansite travay ou ki pa sispann limen pwojektè sou bote ak richès lang kreyòl».

Nan fen lansman Plimdò 2026 la, Martenson Metayer te pwofite remèsye pèsonalite ak enstitisyon ki kontribye nan reyalizasyon aktivite a. Nan lis la, nou jwenn : Ecole Etienne Saintil, Institution Mixte Les Frères Mathurin, Collège Les Saints Innocents, ERRA, GIDD, Benjamin Mikov ak eslamè Erodenelson Ciné.

Anivince Anervé Jean Baptiste  

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.