Une coalition d’organisations paysannes, écologistes et de gauche a dénoncé le décret minier publié le 30 mars par le gouvernement de transition du Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé, qu’elle accuse de faciliter l’exploitation des ressources naturelles sans débat public ni contrôle parlementaire.
Dans une note signée notamment par la Plateforme haïtienne de plaidoyer pour un développement alternatif (PAPDA), le Mouvement démocratique populaire (MODEP) et Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA), les signataires estiment que le texte ouvre la voie à une expansion de l’activité minière au détriment des terres agricoles, des ressources en eau et de l’environnement.
Les organisations critiquent notamment la confidentialité de certains documents liés aux permis, l’extension possible des superficies attribuées aux compagnies et l’absence, selon elles, de mécanismes garantissant la consultation des communautés concernées.
Elles rappellent le moratoire adopté par le Sénat en 2013 sur les activités minières et appellent à une mobilisation nationale contre l’application du décret, qu’elles jugent incompatible avec les impératifs de souveraineté alimentaire et de protection de l’environnement.
NOT DENONSYASYON DEKRÈ LWA MINYE
GOUVÈNMAN DEFAKTO Alix Didier FILS–AIMÉ a
Se ak anpil endiyasyon, fristrasyon nou konstate nan jou ki te Lendi 30 Mas 2026 la, gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a mete deyò yon Dekrè Lwa Minye. Nou te toujou kwè epi jan nou te toujou ap souliye sa depi lane 2013, nan lansman gwo mobilizasyon kont pwojè minye neyokolonyalis yo, se nan moman kriz, gouvènman antipèp, tyoul enperyalis yo, toujou pwofite pou likide tout sa peyi yo genyen kòm resous. Nou denonse gouvènman defakto a ki sèvi ak ensekirite planifye sa kòm estrateji pou kontinye piyaj resous natirèl anba tè peyi a.
Gen egzanp ki montre aklè kote konpayi yo kontinye jodia ap fè eksplwatasyon matyè natirèl tankou <<kabonat kalsyòm », nan mitan fyèf kote bandi patwone yo ap feraye. Ensekirite a se yon estrateji pou kreye laperèz pou deplase epi deposede popilasyon an gratis ti cheri, anmenmtan ki vize kase ren tout mouvman popilè ki ta vle kanpe anfas pwojè piyaj la, ekonomi neyokolonyal la. Li klè, kontra ak gwoup mèsenè swadizan pou bay sekirite se menm pwojè a lè n konsidere se nan zòn estratejik peyi a, kote ki gen resous yo baz yo tabli. Divès materyèl militè yo pa vini pou rezoud pwoblèm ensekirite nan peyi a tout bon, men pito pou sekirize miltinasyonal ki ap vin piye matyè anba tè peyi a.
Pwojè piyaj la ap chache lejitime tèt li. Se pa pou san rezon enperyalis la toujou bat pou li mete yon seri popetwèl tankou Premye minis defakto a Alix Didier Fils-Aimé sou pouvwa a. Dekrè lwa minyè sa se yon prèv anplis ki moutre kouman enperyalis etazinyen t ap batay pou kenbe premye minis defakto a sou pouvwa a malgre revokasyon 1. Alix Didier Fils-Aimé se yon bon jwè pou enperyalis la, yo pa chanje jwè ki ap bay gany. Nou pa dwe bliye tou, eleksyon ki pa janm òganize yo, se yon fason pou tyoul enperyalis yo toujou rete sou pouvwa jiskaske yo kapab òganize eleksyon malatchong, pou mete yon pouvwa chanpwèl pou lejitime pwojè piyaj la. Pwosesis << Seleksyon >> sa, se faz pi avanse a.
Dekrè lwa minye gouvènman defakto a se rezilta yon pwojè lanmò k ap planifye depi lontan pou fini ak peyi a. Se nan pwolonjman pwojè kolonyal la Leta Ayisyen te sakrifye lavi peyizan ak anviwonman nan lokalite Meme (nan Latibonit), Payan nan Nip) pou bay konpayi miltinasyonal tankou SEDREN ak Reynolds Mining piye nan lane 1960 yo sou preteks devlopman. Yo toujou wè peyizan yo kòm kategori moun ak anviwonman an ki dwe sakrifye pou yon seri grennsenk ka rich. Se nan nati Leta a menm sa ye: yon Leta antipeyizan. Se menm pwojè sa ki parèt tèt li apre 12 janvye 2010, kote yo t ap eseye renmèt plis pase 15% nan teritwa peyi a bay miltinasyonal, san konte tout lòt mega pwojè tankou zòn franch endistriyèl, touristik, agwo endistriyèl. Modèl pwojè sa yo p ap janm ka pèmèt peyi a fè fas kare ak gwo defi lavi ak souverènte ki devan li.
Dekre Lwa minye liberal gouvènman defakto a sanble tèt koupe ak pwojè Lwa minye Gouvenman Mateli a, Bank Mondyal, Konpayi minyè yo, klas boujwazi a te vle foure nan gagann pèp la ki te jwenn anpil rezistans, jiskaske Palman ayisyen an ta pral pran yon Rezolisyon nan lane 2013 pou mande gouvènman an kanpe tout aktivite minye nan peyi a. Dekrè malatchonn sa fè aktivite a pase pou yon bagay << enterè piblik » aloske yon lòt bò, yo vle kache enfòmasyon sou aktivite sa, lè atik 115 la deklare pou tout dokiman, rapò ki lye ak yon pèmi dwe rete konfidansyèl pou 10 zan, menmjan ak Atik 23 Dekrè 1976 la ki te fèt sou rejim bout di Divalye yo. Dispozisyon sa pa konfòm ak atik 40 nan kontitisyon 1987 la ki fè Leta obligasyon pou enfòme popilasyon an sou tout pwojè ki konsène lavi 1. Dispozisyon sa non sèlman montre aklè ki menas ak negosyasyon k ap fèt sou souverènte peyi a, sou sekirite ak dwa moun, men tou li louvri pòt pou gwo chabrak nan Leta ak boujwazi antinasyonal la fè tout kalte koripsyon.
Li parèt klè tankou klewòz eksplwatasyon min pa ka yon aktivite enterè piblik, men pito yon aktivite ki nan enterè enperyalis yo, konpayi minyè yo, gouvènman konwonpi, anti-pèp yo ak klas boujwa sanginè, raketè ki ap chache fè penich sou senkant kòb.
Gouvènman defakto toupuisan an, retire Palman nan kontwòl sou souverènte peyi a, epi ipoteke dwa tout Ayisyen (fanm kou gason) genyen pou jwenn bon jan enfòmasyon sou desizyon ki gen pou wè ak lavi ak lavni yo. Dekré sa nan Atik 24 li voye jete moratwa Sena ayisyen an te pran nan dat 21 fevriye 2013 la. Dekrè sa pa bobo ak aktik 276-2 konstitisyon 1987 la ki bay Palman an pouvwa pou ratifye tout sa ki gen pou wè ak konvansyon, trete, elatriye lè Atik 54 dekrè a mande pou konpayi yo siyen yon konvansyon ak Leta. Se MTPTC, Ministè Ekonomi ak Finans ki ap siyen konvansyon minye an ak konpayi yo ki dwe siyen konvansyon an pou Leta(Atik 65) epi li ap pibliye nan jounal << Le Moniteur » depi Ministè Anviwonnman bay sètifika non objeksyon(Atik 55). Kontrèman ak Dekrè 1976 la, nan atik 21 an, ki klarifye klè kisa ki dwe fè nannan konvansyon an, Dekrè defakto a pa di anyen.
Dekrè defakto a lage baryè lib pou konpayi tout plim tout plimay fè dap piyanp sou tout tè, espesyalman tè agrikòl yo lè li deklare nan Atik 26, yon pèmi rechèch kouvri tout peyi a epi pa gen gen dat ekspirasyon. Nan sa ki konsène pèmi eksplorasyon, atik 30 la pwolonje dat ekspirasyon pou 4 lane kontrèman ak dekrè 1976 la. Dispozisyon sa se yon estrateji pou fasilite divès konpayi, tankou Newmont Mining Corporation, ki gen yon bann pèmi ekspire kontinye fè travay li. Anplis, Dekrè a, menmsi li mansyone yon pèmi pa dwe depase 100 kilomèt kare, li bay posiblite pou kantite total pèmi yon konpayi ka genyen rive nan 2500 kilomèt kare. Pou pèmi eksplwatasyon an, si nan Dekrè 3 Mas 1976 la yo limite kantite espas la nan 25 kilomèt kare, nan dekrè 2026 la, nan atik 46.2, gouvènman defakto a mete li 50 kilomèt kare, epi bay posiblite pou konpayi a genyen jiska 500 kilomèt kare tè pou fè eksplwatasyon. Dispozisyon sa yo moutre aklè malè pandye ki genyen sou tè agrikòl yo ak agrikilti nan peyi a. Se yon pwojè pou mete vant peyi a sou kont pwodwi enpòte. Se yon pwojè kont peyizan yo, kont granmounite peyi a nan zafè lamanjay, kont patrimwàn istorik peyi a; sitou nan zòn kote konpayi yo gen pèmi deja yo, tankou Mòn Bossa, ou jwenn Sitadèl la ak Pak Nasyonal istorik la toupre.
Gouvènman defakto a atravè Dekre Lwa minye sa fèmen je sou Ayiti ki se yon peyi ki travèse ak yon bann fay sismik. Li ap fè fas tou ak yon kriz anviwònmantal, yon kriz dlo. Eksplwatasyon min se yon aktivite ki detwi lavi moun, bèt, ki fè dappiyanp epi kontamine tè, dlo, lè moun respire. Kidonk, eksplwatasyon min se ap yon apse sou klou, yon malè pandye sou lavni jenerasyon ki ap vini yo, pou anviwonman peyi a, pou agrikilti, tè, dlo, kilti, lasante. Aktivite sa rantre nan kontradiksyon ak konstitisyon 1987 la, kote ki deklare nan atik 253-1, 253-2 anviwonmann se kad pou lavi boujounnen epi kondane tout aksyon ki ka fè enpak negatif sou li. Dekrè lwa minyè defakto a nan atik 116 rekonèt sa, men etid enpak sosyal ak anviwonmantal li mande konpayi yo kòm kondisyon pou yo jwenn otorizasyon eksplwatasyon an se yon bagay sou pwèl paske li pa enskri nan yon peryòd long, ni tou li pa konsidere patisipasyon kominote yo nan bay dizon yo sou enpak yo. Enpak sosyal ak anviwonmantal yo pa parèt alapapòt, genyen se apre plizyè lane apre yon bann lane yo konn parèt. Dekrè lwa sa, ki benyen nan lojik pwodiktivis, moutre klè, fè 10 kòb sou goud gen plis enpòtans pase lavi moun ak anviwonmann an.
Pou n fini, Dekrè Lwa minye sa ekri ak yon bann maladrès epi nan objektif klè pou mete lajan avan souverente ak dwa lavi nan peyi a. Li gen yon seri mo kle ki pa byen defini epi ki ka foure moun nan konfizyon. Responsablite ANM ak Ministè Anviwonman gen anpil moute desann. Li lage peyizan yo san defans nan diskite ak gwo konpayi miltinasyonal ki ka vin gen plis pouvwa pase Leta sou koze tè. Li retire posiblite pou konsilte popilasyon an ak dwa li genyen pou di non li pa vle pwojè eksplwatasyon min metalik nan peyi a.
Nou rete kwè, okenn pouvwa pa ka ipoteke lavni peyi a san okenn deba, san pa gen okenn enstitisyon legal, lejitim ki asire li tande vwa pèp ayisyen an ki dwe voye jete tout aktivite eksplwatasyon min metalik sa yo. Nou p ap janm aksepte pou yon gouvènman pwoziwa ki pa gen okenn lejitimite bay tèt li dwa pran desizyon estriktirèl ki pwal gen gwo konsekans sou lavni Pèp ayisyen. Desizyon sa yo se sèl yon pouvwa ekzekitif ki sòti nan eleksyon ki ta gen dwa pran yo e fòk sa ta fèt nan kad yon deba nasyonal ak patisipasyon Lachanm ak dizon tout reprezantan popilasyon an ak kominote ki konsène yo.
Eksplwatasyon min metalik pa gen anyen pou wè ak bezwen fondamantal pou soti nan sistèm piyaj la k ap toupizi peyi a depi nan tan lakoloni jis jounen jodia. Pou sa, nou ap lanse yon apèl pou mobilizasyon nan tout peyi a kont Dekrè Lwa minye a, kont pwojè eksplwatasyon min, kont Premye Minis popetwèl Alix Didier Fils-Aimé ak tout gouvènman defakto a, tyoul enperyalis la, kont tout machann peyi ak tout fòs okipasyon.
Pèp ayisyen an reyafime dwa granmoun li sou bout tè papa Desalin lan ki pa pou
vann, ni angwo, ni an detay!
Aba tout gouvenman tranzisyon enperyalis la enpoze ki panse yo se sèl mèt peyi a! Aba eksplwatasyon min ki mete malè pandye sou lavni peyi a!
Òganizasyon ki siyen nòt sa:
Viv Agrikilti peyizàn familyal agwoekolojik! Viv dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay!
ÒGANIZASYON
Platfòm Ayisyen k ap Plede pou yon Devlòpman Altenatif (PAPDA)
Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK), Nòdwès
Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS)
Inyon Koperativ Pwodiktè Kafè ak Kakawo Nòdès (IKOPKANE)
Konbit Ekolojis Sid (KES)
Konbit Ekolojis Sid (KES)
Tet Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK) Sid
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK) Latibonit
Mouvman Inite Ti Peyizan Ayisyen (MITPA)
Altènativ Sosyalis (ASO) Nòdwès
Communo–Terre Haïti
Antèn Ouvriye (AO)
Association des Volontaires Vaillants pour une Intégration Sociale (AVOVIS 12) Association des Volontaires Vaillants pour une Intégration Sociale (AVOVIS 12) Mouvman Peyizan pou Defann Enterè Savanolèt (MOPDES) Konbit Tanbou Pale
Mouvman pou Devlòpman ak Desantralizasyon Nò ak Nòdès (MODOD) Rasanbleman Fanm pou Pwomosyon Awondisman Aken (RAFPAA) Öganizasyon Lave Je Koray Anri (OLAJEKA)
Cercle des Jeunes en Action pour le Développement Durable (CJADD) Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ak Alimantasyon (FRAKKA) Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou Nef (RASIN KAN PEP) Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA)
SIYATE
Camille CHALMERS
Guy NUMA
Nenel DAVID Wisvel MONDELICE
Jarcaunave SAINT-FLEUR Lorkems PAULEMOND Max-Imbert MARCELIN Romane JUSTE
Nicolas PIERRE-LOUIS Roland FLEURISMAT Exantus EXANTÉ
Jose Fabiola JOSERA Reyneld SANON
Shello SYLVAIN
Edouardo llena EDOUARD Rodelin DESARMES
Ogoukadi Tchovama FILS-AIME Murat NOEL
Louise Marie NAISSANT
Vilio ESPERANCE
Chenet ZAMOR
Daniel TINA
Marc-Arthur FILS-AIME Berthanie BELONY
Pou otantifikasyon :
Camille CHALMERS, PAPDA, +509 3837 1899
Guy NUMA, MODEP, +509 3840 9034/+509 4074 6789 Nicolas PIERRE–LOUIS, TK Latibonit, +509 4134 5655 / +509 3767 8063

