Ayiti Koupe Fache pote tout sipò l bay SOKOWA, sendika Batay Ouvriye nan Wanament ki lanse gwo mobilizasyon kap koumanse ak 3 jounen grèv jou k ap lendi 13, madi 14 ak mèkredi 15 avril pou mande Leta mete salè minimòm lan a 3.000 goud epi pou bay tout ouvriye 30.000 goud sibvansyon prese prese pou pèmèt yo viv devan gwo kalamite lavichè ak dènye ogmantasyon pri gaz la.
Anpil lòt oganizasyon nan sosyete sivil la pran chimen mobilizasyon tou pou egzije leta fè bak ak ogmantasyon 37 pousan li mete sou gaz la. Epi yo mande pou sispann fè politik ak dosye sekirite a.
Nan zafè salè ouvriye yo, Leta toujou deside defann enterè boujwa lokal yo lè li refize ajiste salè ouvriye yo chak fwa enflasyon an depase 10 pousan, jan Kòd Travay la mande l. Malgre Konsèy siperyè salè a fè rapò depi nan mwa jwen 2025 kote li mande pou ogmante salè ouvriye yo, gouvènman Didier Fils Aime a mete koton nan zorèy li epi kontinye fòse ouvriye yo viv nan mizè malgre yo ap travay di. Yo blije van fòs travay yo pou po patat chak jou piplis.
Leta menm rive vyole pwòp lwa li mete pou fè patwon plezi jan nou ka wè sa ak kòd travay la ki mande ajiste salè yo depi enflasyon an depase 10 pousan. Li vyole tou lwa 2009 la ki mande ogmante salè yo chak fwa Konsèy siperyè salè a mande sa.
Se nan sans sa tou li vyole regleman nan zafè pri gaz la. Nòmalman pri yo dwe ajiste sou mache a chak fwa pri baril petwòl la varye nan nivo 5 pousan. Leta ayisyen ajiste pri yo sèlman lè gen ogmantasyon, li pa janm bese pri yo nan peyi a lè pri yo bese nan mache entènasyonal la. Konsa, Leta senpman ap defann rant pa l ak rant enpotatè gaz yo ki pa janm sispann ogmante.
Se konsa sa te pase nan Lane 2022 kote pri yo te monte lè Larisi te anvayi Ikrèn. Ogmantasyon pri baril petwòl la te menm rive atenn plis pase 60 ak 70 pousan. Kèk mwa apre, pri yo te vin bese. Bès la te kontinye nan yon pwen kote li te vin menm atenn pri ki te genyen avan lagè a. Men, malgre tout tandans bès sa yo, Leta ayisyen pa janm bese pri yo nan peyi d Ayiti. Sa fè enflasyon an agrave kote li menm rive 30 ak 40 pousan pou yon ane. Konsekans yo fè ouvriye ak lòt klas oprime yo pa menm kapab repwodwi fòs travay yo. Zafè pri gaz la vin tounen yon mwayen anplis pou leta konsolide rant li ak rant enpòtatè yo pandan y ap anfonse mas pèp la nan mizè chak jou piplis. Gaz la se yon pwodui transvèsal paske depi pri gaz la monte se pri tout pwodui premye nesesite yo ki monte. Deja, pri yon galon gaz depase salè yon ouvriye touche pou yon jounen travay.
Mizè malouk sa vin pi terib ak vyolans epi gwo chomaj ki ap frape rès popilasyon an. Plis pase 5 milyon moun nan peyi a vin ap viv nan ensekirite alimantè ak nan malsite. Yon sitiyasyon ki vin agrave ak ensekirite kote plis pase yon milyon senk san mil moun pèdi kay yo ak katye kote yo te abite akoz vyolans gang. Devan tout pratik ekstòsyon Leta ap fè nan pri gaz la, devan blokaj ajisteman salè minimòm lan depi 4 lane, Ayiti Koupe Fache sipòte grèv ak kanpay mobilizasyon SOKOWA, sendika Batay Ouvriye nan Wanament yo, pou fòse Leta mete salè ouvriye yo a 3.000 goud pa jou epi pou bay 30.000 goud sibvansyon prese prese. Nou ankouraje tout travayè, tout miltan, tout sendika, asosyasyon peyizan ak òganizayson pwogresis solidarize ak batay sa a.
Viv Batay klas ouvriye a pou bonjan travay, bonjan salè ak bonjan kondisyon travay!
Viv lit otonòm kan pèp la ak travayè kòm potomitan!

