19 septembre 2026
Politisyen ak bandi se marasa
Actualités Société

Politisyen ak bandi se marasa

Politisyen bandi 

Bandi se bandi 

Tout figi di se bandi

Vòlè pa gen lòt non : vòlè

Tout jan w vire lòlòy ou : ou se malfektè

Chèf gang tounen Leta 

Tèlman bouda politisyen tounen fatra

Nan tete lang ak zaza 

Wi yo se fatra dekonpoze 

Ki santi ak malkonpoze 

Peyi d’Ayiti te mèt kraze

Depi yo gen pouvwa pou yo piye ak pete

Politisyen

Eske w se ayisyen? 

Non ! Mwen se machann peyi ak vòlè

Mwen se malfektè

Politisyen wap tann zeleksyon 

Poukisa? Pou w fe kisa?

Pou w ka danse zaza

Nan piye Leta 

Nan fè krèy

Pandan ke pitit pèp la ap jwe yoyo ak sèkèy

Wi sèkèy madoulè

Tounen sèl espwa jenès lan 

Kote bandi ak zam 

Ap fè lavi pèp lan filalang toupatou nan touye 

Vyole tifi ak fanm 

Anba  » Dwa Moun  » RNDDH ak Je Klere

Politisyen EDE

Kote konsyans 

Piti Desalin?

Bò mache FUZYON

Nan twou egou LAVALAS 

Aout lot yo asosyasyon tet ansanm…

Avek vonvon mouch

Akò 30 janvye 

Nan plen pòsh KID

Ak 3 vòlò BNC

KPT – sitirè

Reselè

Manjèt vyann pouri

Dyòl santi 

Kalanbè 

Dwèt kannari 

K : Kalanbè

P: Pete

T: Tafyatè

Politisyen 

Kisa w vle? 

Plis teritwa pèdi

Plis kadav tififi

Boule gwo midi 

Anba zago bandi 

Wi bandi konplis ou 

Bandi ke w bay zam

Pou pouvwa

Raket ak boujwa kiki

Bandi teworis 

Bandi polka w 

Bandi asosye w

Bandi pwotektè w 

Wi ou paka pale politisyen

Tchoul ak restavèk blan 

Wap griyen dan 

Pandan pèp lan nan kouri 

Tout kote bò lari 

KPT jwisè

Pati politik benefisyè

Bandi atoufè

Pèp ayisyen nan mizè

ESA .’.

ReplyForwardAdd reaction

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.