Mme Emmelie Prophete-Milce
Minis Kilti e Kominikasyon,
Mme la minis, se avèk anpil tristès, dlo nan je lè nap gade sitiyasyon lamantab peyi nou kote konpatryot yo ap tonbe anba bal bandi legal yo kap travay pou oligak koronpi mechan kriminel yo.
Ojektif lèt sa se pou eksplike ke, pandan nou tap fouye listwa peyi a, nou remake ke jan anpil gouvèneman ekri non Haiti, se pa konsa zanset nou yo te ekri l.
Gen omwen 2 dokiman istorik ki prouve ke ero endepandans 1804 yo te ekri l Hayti ( H a y t i ).1) Selon yon kopi de Akt Endepandans peyi a daté 1er Janvier 1804, dokiman ofisyel sa a ki reprezante batistè Hayti ke Boisrond-Tonnerre te redije, montre klè ke tout chèf lame revolisyone 1804 yo te ini ansanm, ak Papa Fondatè Nasyon an Jean-Jacques Dessalines, pou yo rele nouvel Eta sa a Hayti.
E gras a kouraj-bravou-visyon, zanset nou yo te rive chaviré lord mondyal epok la ( ki te chita sou lesklavaj ) pou yo ranplase l par libète egalite fratènite pou tou moun san eksepsyon.
2) Deziem dokiman se: GAZETTE ROYALE D HAYTI, daté 4 Novembre 1819, ki prouve ke menm aprè asasina lamperè Jacques 1er, wa Christophe te kontinye ak menm ortograf Hayti a.
Alavèy 220 ane peyi a, pèmèt mwen, antout imilite, sijejere w ansanm ak gouvèneman an, par respè pou zansèt yo e par gratitid pou ero 1804 yo, pou nou ta pran tout dispozisyon pedagojik e administrativ nesesè pouke aparti de 1er Janvier 2024 non peyi a retounen ekri ofisyèlman Hayti.
Fratènèlman,
Serge Midi Pierre.

