8 octobre 2026
Collège Les Frères Saint-Cyr selebre Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl
Actualités Société

Collège Les Frères Saint-Cyr selebre Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl

Vandredi 27 oktòb 2023, li fè 10è nan maten. Yon dividal mizik ladouskivyenkenèp ap sikre zorèy nou. Yon dekò byen plante ki di nou byenvini. Yon latriye elèv k ap souri anndan bèl wòb kreyòl yo file. Yon espas ki chaje bèl dra ak flè… Se nan bèl anbyans sa dirijan Collège Les Frères Saint Cyr yo resevwa Akademi Kreyòl Ayisyen nan lokal yo Dèlma 83. Se pou make yon lòt fason Jounen entènasyonal Lang ak kilti kreyòl mwa oktòb 2023 a, Collège Les Frères Saint Cyr te òganize aktivite aktivite sila.

Sa ki fè patikilarite selebrasyon sila nan Collège Les Frères Saint Cyr se dabò, lekòl la pa te chwazi òganize sèlman yon konferans sou istwa ak pikilarite lang kreyòl ayisyen an. Lekòl la te ale pi lwen: ekspozisyon imaj atis k ap fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen, ekspozisyon rad kreyòl, diferan manje kreyòl, foto divès gran pèsonalite, elatriye. Mete sou sa, chwa mizik yo  pandan tan animasyon yo te pote yon lòt gou nan selebrasyon jounen sila.. 

Akademisyen epi womansye Jean Pauris JEAN BAPTISTE se te prensipal entèvenan nan konferans sila. E sijè kite enterese lekòl la se ede elèv yo pi byen konprann orijin lang kreyòl ayisyen an, evolisyon lang sila ak patikilarite li. Epi pi lwen, konprann veritab misyon Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Dewoulman

Apre yonn nan responsab evenman yo nan lekòl la te fin entwodwi estaf Akademi Kreyòl Ayisyen an ak anpil kè kontan, anba gwo aplodisman elèv yo, moderatè konferans lan, Iléus PAPILLON te prezante konferansye a, Akademisyen epi Kreyolis djougan Jean Pauris JEAN BAPTISTE. San pèdi tan, avan Akademisyen Pauris te antre nan orijin lang kreyòl ayisyen an, konferansye a te pataje yon esperyans pèsonèl li te fè nan lekòl lè li te timoun. Premye pati entèvansyon an te chita sitou sou difikilte li te genyen pou li te aprann nan yon lang li pa te konnen ditou. Mete sou sa, egzijans lekòl la te fè li pou li oblije pale yon lang li pa te menm konprann. Yon direktè lekòl te menm oze di Pauris : «lekòl pa fèt pa fèt pou li. Se pou l al gade kabrit, gade kochon, fè jaden.» Yo te oblije mete li deyò lekòl la. Yon etap difisil nan lavi li kòm timoun 5 lane sèlman ki t apral oblije chache yon lòt chimen pou li pran, men se pa te chimen lekòl. N ap pale de ekriven ayisyen nou konsidere kòm womansye kreyòl ki pi pwolifik nan moman an (2023). 

Yon esperyans malouk ki kite yon gou anmè kou fyèl nan bouch Akademisyen Pauris, ni paran li tou. Apre esperyans sila, papa Pauris te deside fè li ale nan jaden pou l al aprann konnen non plant yo, aprann li fè lajan, gade bèt, elatriye. Gen de jou, li konn oblije ale nan mache al vann ak manman li. E se konsa li aprann konte. Se konsa Jean Pauris te aprann konnen lajan tou.

Yon bon jou, selon sa Akademisyen an rakonte, yon tant li pral vin chache li pou mennen li nan vil Gonayiv pou l a lekòl. Tant lan pa te dakò pou tibonnonm nan rete chita lakay, ale nan mache ak nan jaden sèlman. Nan tèt kole ak papa a, Jean Pauris JEAN BATISTE antre Gonayiv. E se la yon lòt chapit nan lavi l t apral kòmanse. Men, si lè li rive Gonayiv, li vin ap premye nan klas la chak trimès, li te panse li te fò pou sa. Epoutan, se laj Pauris ki te twòp pou klas la, parapò ak lòt elèv yo. Mete sou sa, gen yon bann konesans li te gen tan ranmase anba bouch papa ak manman li, sa ki vin fè li alèz nan sal la.

Se yon moman nan lavi Jean Pauris JEAN BAPTISTE ki dwe atire atansyon tout Ayisyen. Se istwa anpil ti elèv ayisyen y ap fòse aprann nan yon lang yo pa konnen. Pi lwen, Akademisyen an envite chak elèv pran lavi yo oserye paske yo chak ki la se yon trezò. Elèv yo dwe pran lavi yo oserye pou pi devan yo mete sa yo konnen osèvis de peyi a. Temwanyaj si la te fè elèv yo tris men tire anpil leson, suivan temwanyaj yo.

Pou vini nan prensipal tèm konferans lan, Akademisyen Pauris fè konnen, chak moun fèt ak diferan eleman nan kò li ki lye ak lang: keseswa zòrèy, bouch, lang, gòj, elatriye. Tout eleman sa yo fasilite moun devlope langaj yo.

Pou vini sou orijin lang lan, Akademisyen an te esplike kijan se atravè kontak plizyè gwoup moun, plizyè sivilizasyon, moun ki  pale diferan lang, gran paran nou yo t apral envante pwòp lang pa yo, kreyòl ayisyen. Yon lang ki granmoun tankou tout lang. Yon lang ki gen règ ak prensip li. Menm si li rekonèt tou, sou plan estrikti, anpil eleman nan lang nou an soti an Afrik nan diferan tribi kote esklav yo te soti. Lang kreyòl ayisyen an, menm jan ak tout lang sou latè fè pretay mo (emprunt, an franse) nan diferan lang tankou anglè, espanyòl, fransè, mete sou baz afriken yo lang premye abitan ki te sou zile a. 

Lang kreyòl ayisyen an se yon lang rezistans. Li te ede pèp sa pran endepandans li. Se yon eleman inifikatè, yon kat idantite, yon levye kiltirèl. Se yon zouti ideyolojik, politik avan menm li se yon mwayen kominikasyon.

N ap raple, Konstitisyon 1987 la, nan atik 213 li te prevwa kreyasyon yon Akademi Kreyòl Ayisyen ki gen kòm prensipal misyon: kore devlòpman lang kreyòl ayisyen an. Men se nan ane 2014, nou t apral gen premye gwoup Akademisyen yo. Kote enstitisyon sila t apral gen yon adrès fizik.

Apre prezantasyon konferans lan, te gen anpil reyaksyon ak kesyon. Anpil elèv ak pwofesè te poze kesyon.Boutofen, konferans sila se te yon eksperyans rich ak koulè lè nou konsidere kalite entèvansyon konferansye a, oryantasyon kesyon yo, preyokipayon ak reyaksyon asistans lan mete sou akèy ekip AKA te jwenn nan lekòl la. Ekspozisyon diferan eleman tankou: foto atis, manje lokal, ansyen jounal, rad kreyòl, ansyen enstriman mizik, elatriye., te rann te bèl ankò selebrasyon Jounen lang ak kilti kreyòl nan kolèj Les Frères Saint Cyr Dèlma 83 .  Iléus PAPILLON

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.