Depi kèk semèn yon tansyon lapèrèz tabli sou Kafou Fèy kote gwoup ak zam ap Simen dèy ak laterè sou popilasyon sila ki pa janm kapab viv yon klima lapè. Tansyon gwoup ame sila gentan pote ale lavi plizye ayisyen.
Gwoup ame yo bay piga lè yo vle, yo kidnape ak Sasinen moun yo vle, yo san krent. Anba zye Leta moun ap Sasinen, Anba zye Leta popilasyon Kafoufèy ap maspinen epi Matirize.
Òganis Defans Dwa moun ECCREDHH rete Kwè gwoup ki pote Zam yo pa t’ap gen tout pisans sa yo, tout fòs frap sa yo ak tout pouvwa sa yo si Leta pat Makonnen sosis li ak yo.
Se Leta sa Ariel Henry ap dirije. Leta k’ap souse san pèp, leta k’ap Sasinen pep, leta k’ap planifye lanmò pèp. E se yon wont pou tout fanm ak gason ki fè pati pouvwa sanginè sa kap kontinye pilonnen dwa moun.
Òganis Defans Dwa moun ECCREDHH konstate Ariel Henry fè Dwa moun tounen twal mouye pou l pilonnen e se pou sa ECCREDHH mande pou plent kontinye depoze kont pouvwa sa espesyalman kont Ariel Henry paske yon Jou Lajistis ap reprann eskanp figi l, lap sispans anba grif piyajè ak konplotè e menm si lòtè zak kriminel sila yo ta gentan fè vwèl pou peyi san chapo, zosman yo ap trennen devan tribinal pou kondanasyon.
Òganis Defans Dwa moun ECCREDHH rete kwè Fok gen egzanp ki trase.
Pou Otantifikasyon :
Me Louimann MACEUS,av, Sekretè jeneral
Me Gesnel PIERRE, Av. Kowòdonatè jeneral

