Nòt pou laprès 20 jiyè 2023
Direktwa Nou pap Konplis
pwofite moman sa pou salye laprès an jeneral nan batay n ap mennen pou bay jarèt ak demokrasi a andan peyi a, yon lòt bò n ap salye pèp ayisyen an sitou sila yo ki kwè nan batay pou chèche byennèt kolektif la.
Aprè Plis pase 2 lane gouvènman Ariel Henry fè nan mennen bak peyi a, NOU PAP KONPLIS konstate ekip Ariel Henry a pa fé anyen pou kreye kondisyon pou te amelyore sitiyasyon popilasyon an, olye pou gouvènman kreye kondisyon pou gen kreyasyon anplwa ak richès Pandan se tan pwoblèm ensekirite, kidnapin, koripsyon, enpinite, lasante, lamizè, chomaj ak dezespwa kontinye fè anpil nan sila yo ki nn klas mwayèn nan kite peyi a pou al chèche moso byennèt la yon lòt kote
Plis pase 2 lane popilasyon ayisyèn nan pa konn ki sen poul rele ankò telman l ap monte yon kalamite pa do san l pa wè ki jou l ap sòti ladan l, yon aksyon ki pa rete san konsekans sou sante yo kote anpil nan moun sa yo ap viv ak maladi sante mantal kote anpil nan sila yo rive swiside tèt yo telman estrès, depresyon ap fini ak yo poutan gouvènman sa kila pa fè anyen pou diminye soufrans popilasyon an nan mete kanpe bonjan ankadreman sikolojik gratis pou te pèmèt popilasyon an fè fas ak jan de pwoblèm sa yo
Sou plan ekonomik menm se tèt chaje nèt, sou gouvènman Ariel Henry ak alye li yo enflasyon an double kote l pase de 24,6% a 48,3% yon sitiyasyon ki deja lage plis mizè ak grangou andan peyi a si n ta pran poun site sa yo selman. Gaz la ki se yon pwodwi transvèsal ki gen pou wè nan monte ak desann pri pwodwi premye nesesite yo andan peyi a depi kèk tan la gaz la pèdi pliske 40% sou mache entènasyonal la yon sitiyasyon ki ta dwe tou otomatik pou gouvènman ta fè yon bon desann pri a sou mache selon jan sa te di nan lwa 9 mas 1995, Ebyen tout moun konstate se yon ti pitans 10 goud leta retire sou pri a yon aksyon ki pa vledi anyen sou kou lavi popilasyon an.
Sou gouvènman Ariel Henry an lajistis la livre nan 2 pou 15 kote CSPJ a lage nan sètifye yon bann Jij malonèt kita dwe dèyè bawo nan plas sila k ap fè efò pou rebay yon lòt imaj ak lajistis la, yon sitiyasyon ki pwouve aklè gouvenman sa pa gen enterè pou diminye enpinite ak koripsyon k ap taye banda andan peyi a
Aprè 2 lane pase nan tèt primati a avèk 2 akò politik ki pa drennen dèyè l reyalite ak atant popilasyon an te swete a, Nou Pap Konplis kwè gouvènman Ariel Henry an paka fè tèt li plezi lè li kwè li ka kontinye reve yo ka monte konsèy elektoral ak ni fè eleksyon ak yon akò politik ki pa enklizif e ki pa itil peyi a anyen ke kontinye ofri privilège ak sila ki pwòch pouvwa a.
Wi plis pase 2 lane kote moun ki nan gransid, grannò ak yon bon pati nan kapital la poko konnen kilè ak kijou y ap ka travèse pou yo al nan youn nan depatman andan peyi a san lòd bandi san fwa ni lwa yo ki kontwole plizyè grand vil ak depatman andan peyi a, sa ki lakòz plizye abitan paka fè rèv plante pou al vann pwodwi pou pote vin vann nan Pòtopwens ankò akoz ensekirite a ki met ajenou tout kouch nan popilasyon an ki pa konn ki sen pou yo rele ankò.
Nou Pap Konplis swete pou gouvenman Ariel Henry ak rès klas politik la bay peyi a yon chans paske li pa posib pou nou di nou fyè de peyi sa n ap dirije la pandan peyi a tounen yon lanfè pou pwòp pitit li, lilè litan pou tout aktè yo jwenn yon akò pou sove peyi a ki preske disparèt si pa gen anyen kifèt pou amelyore sitiyasyon ki la.
Pou Direktwa Nou Pap Konplis
Renois Jonathan
Ricardo Fleuridor
Junia Seraphin
Gilles Bernard

