26 octobre 2026
Matris Liberasyon voye gwo mesaj bay fanm vanyan tankou Netty
Actualités Société

Matris Liberasyon voye gwo mesaj bay fanm vanyan tankou Netty

Madi 8 mas 2022 ((rezonodwes.com))– Nan lokazyon 8 mas lan, jounen selebrasyon viktwa ak refleksyon sou ansanm batay ki fèt e k ap fèt e dwe kontinye fèt pou dwa fanm respekte, pou fanm viv nan yon sosyete jis , pou fanm rantre nan plan desizyon k ap pran sou kòl, Kòm Moun, sou desizyon k ap pran sou direksyon peyi l ap pran…

Matris Liberasyon ap salye memwa tout fanm vanyan ki tonbe sou chimen batay sa, espesyal Marie Antoinette Duclaire (Netty): yon fanm vanyan, ki te kwè nan chanjman, nan egalite ak nan tèt kole  fanm ak gason, nan batay pou yon demen miyò.

Nou pa ka pa salye kouraj ak fòm batay revandikatif fanm sila yo ki pa konn lajounen ni lanwit nan bouske lavi ak demen miyò fanmi yo: Peyizàn yo, madan sara yo, ouvriyèz yo, ti machann yo, sila yo k ap goumen ak lavi nan diaspora,  fanm nan inivèsite, nan laprès, nan bank , nan kò polis la, elatriye..

Matris Liberasyon swete  nan pwogram levasyon nasyonal la: respè dwa moun, kò moun, tounen priyorite. Nan sistèm jistis lan menm , se pou lwa sou patènite responsab la vin yon reyalite !

Pou sa rive fèt se tout sosyete a : fanm kou gason ki pou batay pou sa. Bon konba medanm, wout lan long, yon jou la jou sou konba nou yo !

OZE NETTY !

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.