27 octobre 2026
 »Zafè wa apredye sa a fòk li fini ! » : Biwo Swivi Akò Montana denonse zak maspinay sou ouvriye ouvriyèz
Actualités Société

 »Zafè wa apredye sa a fòk li fini ! » : Biwo Swivi Akò Montana denonse zak maspinay sou ouvriye ouvriyèz

Nòt pou laprès Biwo Swivi Akò Montana

Jedi 24 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))–

Se ak anpil lapèn, anpil endiyasyon Biwo Swivi Akò (BSA) Montana a aprann zak maspinay, represyon sovaj lapolis fè sou manifestasyon ouvriye -fanm kou gason- k ap kontinye defann ogmantasyon salè mizè y ap touche a. Youn moun mouri e plizyè lòt blese. Kilè lapolis, ki la pou pwoteje ak sèvi, ap sispann tounen yon zouti pou kraze zo pèp la ?

Depi lane 2019, apre anpil batay, menm Pouvwa ekzekitif la ki jodi a chanje figi moun ki nan tèt li a, te asepte pou te mete yon grapday sou salè minimòm lan ki pa janm pèmèt travayè yo – fanm kou gason- reponn ak minimòm vital chak moun dwe jwenn pou kontinye viv.

De (2) zan apre, Pouvwa a ogmante a san pou san pri gaz la, ki lakòz transpò, manje, pri tout bagay ogmante san okenn kontwòl. Grangou ap touye moun lè se pa ensekirite moun ak zam. Menm batay la blije rekòmanse anfas menm rejim politik la. Menm sistèm esklizyon sosyal la reponn menm jan ak maspinay e represyon lapolis la. Pouvwa politik ak ekonomik la reponn menm jan. Bonbade travayèz ak travayè ak gaz lakrimojèn, kout baton, ak bal, jouk yo rive touye yon jounalis ki t ap fè travay enfòme popilasyon an sou malveyans Leta.

De (2) zan apre, Chèf gouvènman defakto ak alye li yo ki revandike testaman Jovenel Moïse la pran menm desizyon mete yon grapday sou salè minimòm yo san respekte revandikasyon klè ouvriye yo -fanm kou gason, ki fè konnen jodi a moun paka viv ak 685 goud li deside bay la. Li konpòte l tankou se yon wa k ap fè favè distribye salè ak kòb ki pa pou li. Li pa menm gen dwa pou entèveni nan zafè salè moun kap pwodui richès peyi a, paske gen enstans nan Leta ki la pou sa.

Zafè wa apredye sa a fòk li fini ! Se youn nan pwen ripti Akò Montana a ap fè pwomosyon pou li : zafè salè se negosyasyon ant salarye ak chèf antrepriz devan enstitisyon Leta k ap fè medyasyon. Manda Konsèy Siperyè Salè (KSS) sa a fini, e se yon KSS patizan paske se patwon ki t ap jwi ak Prezidan defen an ki te bay moun ki pou ladan l. Jounen jodi a, se pou gen yon nouvo KSS, Konsèy Siperyè Salè, ki monte kòm sa dwa, k ap pibliye pwopozisyon chak pati yo (travayè /patwon) te fè nan Konsèy la ak mòd kalkil li fè pou jwenn salè minimòm chak sektè aktivite nan ekonomi peyi a.

Batay salè minimòm ekitab se batay tout Pèp Nasyon, se batay chanje lavi li ye, se batay diyite nan respè tout moun se moun, tout moun gen menm bezwen debaz pou yo ka viv. Se batay tout travayè, sa ki nan faktori tankou sa ki lòt kote. Prensip salè travay pa separe ak respè dwa moun nan yon sosyete kote jistis sosyal se gid relasyon ekonomik moun ak moun.

Yon nouvo Konsèy Siperyè Salè dwe pran responsablite l nan jwenn pi vit posib salè minimòm ki koresponn ak valè travay chak ouvriyèz ak ouvriye ki pèmèt yo reponn a bezwen yo e an menm tan pèmèt travay pwodiksyon peyi a kontinye. Leta dwe jwe wòl abit li. Leta pa papa ni li pa parèn.

Reskonsab pouvwa defakto a dwe fè limyè pi vit posib sou zak briganday ak maspinay lapolis fè sou manifestasyon ouvriye yo ki tap fèt nan lapè. Yo dwe pran sanksyon kont tout polisye ki reskonsab zak kraze zo sa yo. Si se pa sa, l ap klè pou tout nasyon an se pouvwa defakto ak sipò alye lokal kou entènasyonal li k ap transfòme l nan yon diktati sou nou.

Biwo Swivi Akò a voye senpati ak solidarite bay tout sendika ouvriye ak ouvriyèz, tout travayè, ki angaje nan lit pou yon salè nimimòm akseptab. BSA ap prezante tout senpati li bay tout travayè laprès yo-fanm kou gason- k ap soufri anba rejim wa apredye a k ap kontinye a. BSA salye byen ba tout fanmi viktim yo.

Ann mete ansanm fòs ak entelijans nou pou yon vrè tranzisyon koupe fache nan peyi a !

Pòtoprens 23 fevriye 2022

Kòdinasyon Biwo Swivi Akò a

Tel : 34266666

Email  :  bureausuiviacc3008@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.