27 octobre 2026
Jovenelis yo deklare ke apati jodi a 7 fevriye Ariel Henry dwe kite pouvwa a.  »PM defakto a pa gen dwa pran okenn desizyon nan tèt leta a »
Actualités Société

Jovenelis yo deklare ke apati jodi a 7 fevriye Ariel Henry dwe kite pouvwa a.  »PM defakto a pa gen dwa pran okenn desizyon nan tèt leta a »

Nòt pou Laprès Pòtoprens, 7 fevriye 2022

Lendi 7 fevriye 2022 ((rezonodwes.com))–

Sa fè 7 mwa depi mèsenè etranje mele ak mèsenè kreyòl touye Prezidan Jovenel Moïse anndan lakay li. 2 jou avan asasina li, Prezidan Jovenel Moïse pèp Ayisyen te mache al vote nan eleksyon demokratik lib e libè, te nonmen Ariel Henry kòm Premye minis. Li te gen misyon:

1.- Reyini fòs viv sosyete a pou fòme yon gouvènman ki ka reponn ak bezwen pèp la;
2.- Rezoud pwoblèm ensekirite a;
3.- Akonpanye KEP a pou òganize eleksyon nan tout nivo ansanm ak referandòm;

RJD konstate olye Ariel Henry ranpli misyon li te genyen yo, li pito itilize pouvwa l pou l kanpe an kwa kont tout manèv ki vize rann jistis ak prezidan an epi fanmi li pandan l ap pèmèt sistèm jidisyè a ede kache oswa libere kèk moun ki te va gwo aktè nan konplo asasinay Prezidan Jovenel Moïse la.

Depi lè li monte nan tèt primati a, premye minis defakto ilejitim nan fè tout sa l kapab pou bloke pwosesis elektoral la, pèsekite jovnelis yo, blanchi tout kriminèl lajistis t ap pouswiv nan vòlè lajan ak byen leta, retounen leta bay oligak kowonpi, defèt tout sa Prezidan Jovenel Moïse t ap fè pou pèp la.

Ariel Henry ta gen yon manda enperatif pou l enstale yon prezidan ki eli demokratikman nan tèt peyi a jou 7 fevriye 2022. Kou dat sa a rive premye minis defakto ilejitim nan dwe kite tèt primati a e li pa gen dwa pran okenn desizyon nan tèt leta. Manda li te makonnen ak manda prezidan Jovenel Moïse ki te nonmen l lan ki ap fin 7 fevriye 2022 selon konstitisyon peyi an. Premye minis defakto a echwe ak misyon enperatif li te genyen.

RJD reyafime volonte li pou l kontinye lite pou Prezidan Jovenel Moïse ansanm ak pèp Ayisyen jwenn jistis.

Biwo Kominikasyon rjdjovenliste@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.