NÒT POU LAPRÈS DIREKSYON POLITK OPOZISYON DEMOCRATK
Pòtoprens, 3 Jiyè 2021
Direksyon politik opozisyon demokratik nan peyi Dayiti (DIRPOD) ap denonse ak tout fòs li mannèv ki pa gen anyen pou wè ak kod enstriksyon kriminèl la, ke komisè gouvènman nan Pôtoprens la, Me. Bedfod ap fè depi zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan defakto Jovenel Moise nan dat 7 jiyè 2021.
Komisè a amize l ap distribye manda tout kalite, tribò babò bay yon ban n ak pakèt sitwayen ki nan sektè opozisyon an, ki pa genyen anyen a revwa ak krim sa a. Nap di Komisè a apre tout tan ki fin n pase depi 7 jiyè a pa ka gen flagrans ankò, zafè manda pou arete moun kote yo jwen li a pa nan konpetans li, se jij enstriksyon ki gen dwa sa, jiska prezan panko gen yonn ke lajistis mete sou dosye asasinay sa.
DIRPOD kwè mannèv sa a se yon fason otorite jidisyè ak polisyè nan peyi a ap chache pou anpeche verite soti nan dosye asasinay Jovnel Moise la. DIRPOD ap mande komisè Bedfod ki rapò sitwayen Paul Denis genyen ak zak kriminel sa a.
Se vre nou te denonse ak anpil fòs politik retwograd Jovnel tap mennen nan peyi a, nou te bat chalbari dèyè koripsyon ki gangrennen leta a, nou te soutni e patisipe nan batay kont diktati ki tap enstale nan peyi a, kont referandòm, kont KEP enkonstitisyonel, ilegal ki vle fè eleksyon chòvsouri nan enterè ekip ki sou pouvwa a, men okenn fômasyon politik ki konpoze DIRPOD la tankou INIFOS, ki sou direksyon Paul Denis pat janm panse itilize vyolans nan batay la, vwa pou n ta rive nan kalite krim tèt chaje sa a.
Nan DIRPOD zam pa nou se dyalektik, sa vle di nap batay sou tèren dyalog, sou teren respè konstitisyon ak la lwa, men jamè sou teren zam pou detwi lavi moun.
DIRPOD ap di komisè Bedfod kijan l fè pa envite prensipal temwen krim nan. San nou pa beswen fè gwo analiz gen yon moun ki genyen kle pou ouvri pòt verite a sou dram 7 jiyè a.
Komisè, DIRPOD ap site pou w yon bon pwovèb ayisyen ki di: ou kite kadav la pou al kriye kot sèkey la.
Sispan poze zak ki ap detwi plis toujou kredibilite pouvwa jidisyè, ki sanble ap fè tout sal konnen pou limyè pa blayi sou zak asasinay sa, pou koupab yo pa reponn kòm sa dwa devan lajistis epi jwen pèn ke yo merite.

