28 octobre 2026
Patrice Dumont : wòl Sena a dwe jwe nan konjonkti a
Actualités Société

Patrice Dumont : wòl Sena a dwe jwe nan konjonkti a

Objè: Lèt Senatè Patrice Dumont bay 9 lòt Senatè yo sou wòl Sena a dwe jwe nan konjonkti a

Mèkredi 28 jiyè 2021 ((rezonodwes.com))–

Pifò ayisyen te pare pou rezanmi senatè yo, mwen di byen: senatè yo. Konsa, 10 Senatè yo ta jwe wòl medyatè-fasilitatè ant pati politik yo ak sosyete sivil òganize ki prezan sou tout teritwa a.  

Pozisyon enstitisyonèl entèlijan, patriyotik sa a t ap tou bay Sena a otorite pou pale ak Claude Joseph tousuit aprè sansinay yo fè sou Jovenel Moïse la, kounya a tou avèk Ariel Henry, ki okipe pouvwa a ilegalman. Nan menm mouvman an, Sena a ap tou yon entèlokitè etatik anfas kò diplomatik la. Se yon demach ofisyèl, piblik, ki t ap mete pèp la ankonfyans.

Nan tout sitiyasyon, depi anbisyon pèsonèl youn, oubyen plizyè senatè, pa kadre ak enterè popilè, plis enterè enstitisyon an, se nan pozisyon lènmi pèp la senatè yo ap foure tèt yo.

Nan sans sa a, mwen menm Senatè Dumont, mwen pwopoze pou Sena a, selon yon kalandriye  bon zenzenn, antanke sèl kò ki gen 10 moun ki gen manda popilè nan men yo, rankontre moun ki okipe pouvwa a ilegalman, gwoup sosyete sivil, gwoup pati politik ak wo eta majò lapolis la, pou ede reyalize yon konsansis istorik pou yon tranzisyon ki ka debouche sou yon eleksyon san fòs kote.

Yon demach konsa pa retire dwa okenn ayisyen prezante tèt yo pou jwe yon wòl, sòti prezidan rive minis nan sikonstans sa a. Toutokontrè, nou ka jwenn konsansis la pi vit ke yon moun ta kwè. Se pa sèlman manti ki kaba, lè 4 je kontre, se lè 4 je kontre linyon ka fèt epi,  nou tou gen fòs lamenm.

Konsènan wòl Sena a, mwen adopte yon slogan : « Sena a devan, chak Senatè dèyè l. » se konsa mwen espere tout politisyen peyi a ka di : enstitisyon tankou pati politik, òganizasyon sosyete sivil sou tout teritwa a devan, aktè politik  dèyè. Se konsa pou Ayiti genyen.

Patrice Dumont

Senatè peyi a

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.