24 octobre 2026
Matris Liberasyon bay lis 13 pozisyon lanmò gouvèlman etazinyen yo kont pèp Ayisyen an
Actualités Société

Matris Liberasyon bay lis 13 pozisyon lanmò gouvèlman etazinyen yo kont pèp Ayisyen an

Mache sou 13 ou pou w pa pile 14 nou! Yon Matris Liberasyon pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè

Mardi 16 mars 2021 ((rezonodwes.com))– Nou  menm  MATRIS  LIBERASYON(ML),  nou  rale  plim  nou  pou  n make  fen  manda  ansyen  prezidan  Jovenel  Moïse  sou  pouvwa  a  jan konstitisyon amande 29 mas 1987 la nan atik 134-2 a di sa. Pa gen wout pa  bwa.  Manda  ansyen  patwon  AGRITRANS/SOFIDAY  la  bout.  Sa dwe make tou, pou pèp ayisyen an fen manda rejim PHTK a ki fini ak resous  peyi  a  nan  10  lane  sèlman  nan  tèt  Leta  a.  Depi  6,  7  jiyè  pèp ayisyen  an  te  pran  douvan  pou  l  te  konstate  enpopilarite  ak  ilejitimite prezidan  kògwoup  la.  2  rapò  senatoryal  ak  Kousiperyèdèkont  lan,  2 enstitisyon nan Leta a, ta pral fè sòti non prezidan an 69 fwa nan rapò sila  yo.  Sa  t  ap  fè  nou  konstate  ilegalite  misye  Moïse  nan  tèt  peyi  a. Malgre sa, yon ansanm peyi ki transfòme tèt yo an sendika pou defann PHTK ki bay tèt yo yon ti non jwèt ki rele Kògwoup, sèmante y ap ede Jovenel  ak  tout  gang/milis  li  yo bwè  san pèp  ayisyen  an. Nou  remake nan dat 7 fevriye 2021 an, nan yon fim koudeta trè mal monte, Jovenel Moïse  al  fè  anlèvman  yon  jij  ak  yon  seri  fanmi  tankou  Buteau  ak Gauthier pou n site sa yo sèlman, nan kay prive yo, nan Taba, a 2 zè nan maten.  Li  kontinye  nan  yon  dekrè  ki  sòti  nan  dat  8  fevriye  2021  an pandan  l  kache  dèyè  do  kògwoup  la,  atravè  dekrè  sila  a,  pou  l  non sèlman revoke 3 jij ilegalman nan kou kasasyon, men tou livre yon bon pati nan tèritwa peyi a bay kèk fanmi an n Ayiti k ap travay pou kèk gwo biznismann entènasyonal. Nou kontinye pran nòt tou kijan Lapolis la fè kèk militan ak jounalis tounen sib li atravè plizyè inite melanje ak

Gang/milis ame li yo. Nan moman n ap pwodui lide sa yo la a ansyen gouvèlman  an  lage  nan  chase  militan  ki  opoze  avèk  li  nan  lage  avi rechèch  dèyè  yo  tankou  kanmarad  Youry  Ralph  Chévry.  Alòs,  se  nan sitirasyon endiyan sa a n ap adrese pawòl sila yo ak peyi Etazini.

Nan lide pou n ride kanpe istwa 2 pèp sa yo (ayisyen/etazinizyen), n ap founi je gade dinamik batay yo konstui ansanm nan mitan solidarite tout lòt  pèp  sou  latè.  Konsa,  nan  rasanbleman  bwakayiman  (1791-1803)  a, pèp ayisyen an te rive dewoute sistèm kolonyal-esklavajis lan pou l mete kanpe sou pye yon pwojè libètebyennèt pou tout moun. Epi, 60 lane ann aprè, an 1863, nan batay Gettysburg la, Etazinyen yo suiv menm chimen an pou te mete yon bout ak lesklavaj lakay pa yo. 2 jès sa yo make yon moman koupe fache nan liye dominasyon ak eksplwatasyon sou baz ras, klas, sèks elatriye, nan lemonn; sa ki  an menm tan plase 2 pèp sila yo (Ayiti/Etazini)  tankou  2  dwayen  libète  nan  zòn  Karayib/Amerik  la  an jeneral.

Pou n byen jarete lide sa  a, pozisyon  pèp sa yo  se  pi  gwo ekspresyon volonte  yon  veritab  batay  pou  moun  te  lib  tout  bon  vre.  Pou  ka  pèp ayisyen an menm, depi batay Savanah a, yo te montre, depi nan boujon yo,  kouman  pou  trase  chimen  pou  solidarite  entènasyonal  la  djayi.  Se devwa tout pèp k ap goumen, depi yon lòt pèp an danje, nan diyite, pou yo ride l travèse yon moman istorik difisil. Nan sans sa a, se avèk anpil lapèn  n  ap  gade  jan  relasyon  istorik  pèp  sa  yo  ki  ta  dwe  makonnen ansanm, rive  nan  yon nivo dekwazman istorik, kote yo  chak  pran yon kan/wout diferan. Pèp ayisyen an ki rete kole ak defans sakre dwa tout moun atravè pozisyon yo nan enstitisyon entènasyonal yo; paregzanp, nan  lanne  (1939-1945)  aprè  dezyèm   gè  mondyal   yo,  malgre  rapò komèsyal/zanmitay nou te marinen ak ansyen metwopòl Lafrans, nou te toujou  vote  kont  yo  pou  n  te  ride  dekolonizasyon  kontinan  afriken  an nan peryòd (1960) yo. Poutan, lè n foure je gade nan fon listwa nou, pa menm yon fwa nou te jwenn sipò lòt dwayen an (Etazini) lè sa ta petèt fè santi l; okontrè, se plis nan twou yo konn abitye mete n, sitou nan kad premye  okipasyon  militè  yo  te  ba  nou  nan  dat  28  jiyè  1915  lan,  yon okipasyon  ki  te  gen  tan  konn  manifeste  depi  XIXvyèm  syèk  la  sou diferan gouvèlman pase yo nan plizyè domèn nan lavi sosyete nou an

Agresivite,   pèsekisyon,   tantasyon   rasis   anti-ayisyen   Etazini   atravè depatman politik li vin ap devlope kont peyi a, men tou kont pwòp istwa pa l (puiske l te koumanse defann kèk valè mounite) anvan sa, sa difisil pou  jwenn  yon  rasin  eksplikasyon  pwòp,  si  se  ta  pa  yon  mannèv dominasyon/eksplwatasyon  ki  ta  abite  gwo  flibistye  lakay  yo.  Nan ideyal pèp ayisyen an, nou ale pi lwen pase tout pwopozisyon retwograd pou  n  ta  fèmen  nan  yon  senp  demach  komèsyal,  rasis,  klanik  ki  pa marande ak zak zansèt nou yo te poze depi 14 dawout 1791 lan. Se vre nou pa yon gwo pèp ki  nan  finans  entènasyonal  dominasyon flibistye- rasis lan, men valè fondalnatal nou yo chita sou defans diyite moun, pi gwo prensip sosyal lavi sou latè. Se sa a menm ki chita referans, adrès pèp ayisyen an. Premye pèp lib sou latè. Sa a dwe klè nan tèt tout Leta kolonyal, rasis: nou lib nèt. Se yon devwa nan mitan volonte inite istorik pèp  ayisyen  an,  jan  papa  NANCHON  an,  Jean-Jacques  Dessalines  Le grand te vle sa, lè l te vire ranmase diskou istorik Boukman nan anndan Bwakayiman an, nou dwe rete soude pou defann dwa nou nan sèman sa a: libète osnon lanmò.

Mache sou 13 ou pou w pa pile 14 nou, se yon rèl patriyotik ki eksprime endiyasyon   nou   kòm   avangadis   fas   ak   tout   pozisyon   gouvèlman etazinyen yo pran depi digdantan kont pèp Ayisyen an; men se yon jefò tou pou tabli yon relasyon senbolik-mistik ki chita sou nimewoloji nonm 13 lan nan imajinè kolektif 2 pèp yo (Ayisyen ak Etazinyen).

Nan sans sa, nan bouske chache kwaze kèk fèy papye listwa, nou tonbe sou 13 pozisyon zwèzo bèk fè a nan tantasyon rasis li kont pèp ayisyen an. 13 pozisyon kote l deja pase 13 zepin ki anba pat Èg la nan figi peyi a. Volonte politik Gouvèlman etazinyen an, se rive, nan yon tantasyon rasis-enperyal,  mete  sou  kote  13  zan  batay  ak  selebrasyon  viktwa  pèp ayisyen   an   (1791-1804)   kont   mondyalizasyon,   modènizasyon   ak machandizasyon    fòs    travay    pèp    oprime    yo    ki    te    nan    lojik « repartimientos »   pisans   anti   sosyal   yo   (   Lespay,   Lafrans,   Pòtigal, Langletè, Lawoland…). Nou vle raple Kògwoup la an jeneral ak Etazini an patikilye, bay kou bliye, pote mak sonje. Se pou yo rale plim yo, epi make  13  fwa  13  pozisyon  yo  pran  deja  ki  montre  vrè  vizaj  rasis  yo genyen  pou  koukouman  pèp  ayisyen  an  nan  malsite  pi  plis  toujou  epi efase  sèman  pou  lavi  zansèt  nou  yo  te  fè  sou  san  yo  depi  14  Dawout 1791 lan!

Men  13  pozisyon  lanmò  gouvèlman  etazinyen  yo  kont  pèp Ayisyen an:

1- An 1868-1869, prezidan Sylvain Salnave, fas ak advèsè politik li yo,  te  tanmen  chèche  èd  gouvèlman  etazinyen  an.  Sekretè  Deta etazinyen  epòk  la,  Fish,  li  te  vle  non sèlman  negosye  pou  l  pran kontwòl zile panyòl yo (peyi dominiken yo), men tou pou te pran wout   komèsyal    »   Môle   St-Nicolas »   sou   bò   pa   nou   an   kòm rekonpans.  Salnave  li  menm,  pa  t  deside  antre  nan  demach  lan (Manigat: p.438). Poutan, Salnave ta pral dechouke, ansasinen nan lanne  1869  nan  yon  veritab  konplo  byen  monte.  Èske  se  poutèt misye prezidan an pa t satisfè konpòtman aloufa èg la ki fè yo kite kòsasinay sou li a fèt? Literalman nou rive sezi zak sa a tankou yon zak yon opòtinis k ap chèche konnen ki lè w an difikilte pou l fè dappiyanp sou richès ou.

2- 1883-1884, Prezidan Lysius F. Salomon te abòde etazinyen yo nan menm sans ak Salnave pou l te rive konsolide osnon asire pouvwa l fas ak opozisyon politik moman an (Manigat: p.438). Lè n foure je plis pou n gade, prezidan Salomon te rive modifye kèk lwa jis pou l te bay kèk avantaj ak kèk etranje ki te Ayiti sou dwa pwopriyete ki  te  parèt  kòm  yon  baryè  pou  pwoteje  dwa  grandètmajè  peyi  a. Prezidan an te livre eksplwatasyon forè bay fransè ak kèk etranje etazinyen  (Paul  Moral:  p.50). Se menm  jan an tou Fabre  Nicolas Geffrard pou l te asire libète komèsyal li, te rive aksepte eksplwatasyon  forè  peyi  a.  Edmond  Paul,  yon  save  ayisyen  nan diznevyèm syèk la pa t met dlo nan bouch li pou l te kritike politik pouvwa sa yo, patikilyèman zak Salomon yo nan yon liv ki rele:  » la cause de nos malheurs ». Sa a rive fè n sezi pikan kwenna sa yo la  lontan,  enterè  etranje  a,  konpòtman  divize  epi  bwote  a,  sa  la lontan nan mouvman listwa nou. E sa t ap kontinye.

3- 27 dawout 1889, nan mitan mete men politik ant Florvil Hyppolite ak  François  Denys  Légitime,  blan  rasis  etazinyen  yo  tranche dirèkteman pou Hyppolite. Yo tranche pou pouvwa Hyppolite la te remèt  yo  « Môle  St-  Nicolas »  pou  kontwole  wout  maritim  komès yon gwo pati nan mond lan nan. Si se pa t vijilans pèp ayisyen an, lòt rival etazinyen yo tankou: Lafrans, Lalmay, Langletè ki te gen enterè sou tèritwa a epi ladrès Anténor Firmin, rasis yo t ap debake sezi  « Môle  St-  Nicolas  nan  men  nou  (Manigat:  p.  441).  Nou kontinye  wè  tradisyon  byen  long  politik  divizyon-rasis  diferan pouvwa mèsenè Etazini yo ap aplike nan peyi a depi digdantan. E, sa pa t fini la.

4- 7 novanm  1914, palman  ayisyen an  rive vote Davilmar Théodor.

Yon  mwa  sèlman  aprè  vòt  lan  (10  desanm  1914),  poutèt  Tonton Sam remake nou nan yon kriz politik tèt chaje, li egzije pouvwa an plas  la  yon  seri  prensip  pou  l  ka  sipòte  l,  tankou:  kontwòl  dwàn peyi  Dayiti,  likide  Môle  St-  Nicolas,   transfere  bank  peyi  a  bay finansye   etazinyen   yo.   Konsa,   prezidan   Théodore   ki   te   pè mobilizasyon popilè a nan peryòd lan, malgre l pa t yon moun ki te twò fèm nan politik li, misye te refize pwojè dappiyanp ak vòl sa a.

Nan menm mwa desanm sa a, bòt fere yo, lame maren etazinyen yo te debake, yo te leve rezèv lò bank santral peyi a ki te evalye ak anviwon 500.000 dola vèt ki te pou garanti refòm monetè peyi a. Zak  sa  a  te  rive  febli  Leta  a,  koupe  tout  tantiv  pwojè  sosyal  epi koupe tout sous garanti pou gen aksè ak prè entènasyonal sa vle di pou n te « solvable » nan vokabilè finans entènasyonal kominotè a. Sa  te  anfouraye  nou  pi  plis,  epi  kenbe  kriz  lan  nan  gòje  jouktan Vilbrum G. Sam te met do Théodore atè (Jean Fouchard: p. 309). N  ap  kontinye  konprann  toujou  se  nan  kriz  nou  Yankee  jwenn bonè l.

5- 9 mas 1915, touswit aprè Vilbrum Guillaume Sam fin pran pouvwa a sou kriz politik moman an, yon delegasyon tou nèf blan etazinyen debake vin mande pouvwa a aplike yon konvansyon pou yo ka sipòte l. Delegasyon sa a te gen nan tèt li Paul Junior Fuller, Fort ak Smith. Yo te mande pouvwa Sam nan pou l te livre yo Môle St- Nicolas yon lòt fwa ankò. Bò kote pa l, Minis Ulrick Duvivier, reprezantan pouvwa ayisyen an, avèk anpil ladrès, voye pwojè etazinyen yo jete nan poubèl. Epi, kòm se Siryen yo ki t ap jwe wòl koutye komèsyal pou Etazini pou fè konkirans sou mache ayisyen an fas ak lòt komèsan yo tankou: ewopeyen-kretyen- kapitalis-oksidantal yo, sitou komèsan ayisyen yo, pouvwa an plas la te mennen yon politik anti siryen ki te deranje Yankee yo anpil. Blan rasis pouvwa Etazini yo pa t pran tan nan angrave kriz la, epi veye kòlè pèp la fas ak kèk move desizyon pouvwa Sam nan te konn pran, pou te debake vin aplike politik rasis- kapitalis yo a an Ayiti nan pran kontwòl peyi a militèman 28 jiyè 1915(Jean Fouchard: p. 314). Nou rive wè kouman nou pa kapab toujou retire blan Etazini mete sou kote nan kriz peyi a. Epi nou dwe retire voye jete byen lwen tout lide ki ta fè kwè se ayisyen poukò yo ki reskonsav premye okipasyon peyi a e menm tout malè nou an aprè, pandan yo voye jete pwojè konvansyon an ak dappiyanp, vòl ki te fèt sou rezèv lò peyi a anvan menm debakman militè 28 jiyè 1915 lan. Pèsistans peyi èg la ta pral kontinye fè wout li nan malsite peyi a.

6- Eleksyon    11    dawout    rasis-okipan    1915    yo    mete    Sudre Dartiguenave   kòm   sèl   kòk   chante   pou   ratifye   epi   aplike    » convention  haïtiano-américaine »  nan  ki  te  la  pou  liberalize,  ouvè vant  mache  ayisyen  an  bay  blan  etazinyen,  bese  tout  taks  sou pwodui ki sot lakay yo k ap antre nan peyi a, kontwole finans peyi a nan benefis « exclusif » pwodiktè Ezetazini yo. Nan menm sans sa a,  yo  rive  pran  kontwòl  politik  peyi  a  nan  enpoze  nou  yon konstitisyon ki ekri lakay yo nan dat 18 jen 1918 pou bay etranje dwa  pou  pran  tè  peyi  a  libelibè.  Sa  ki  te  rive  fè  yo  te  pouse  do peyizan  yo  vre  epi  enstale  yon  seri  endistri  nan  lojik  kapitalis entènasyonal yo. Avèk Dartiguenave yo rive plase yon diktati nan tèt  peyi  a  kont  rezistans  peyizan  yo,  kote  yo  touye  Charlemagne Péralte ak Benoît Batraville kont enterè mas yo (Lucien: pp.93-96). E se nan aplike politik ekonomik pou entènasyonal kominotè a yo rive pouse do peyizan nou yo al an Dominikani, Kiba, elat. Sa rann nou  vin  sibi  masak  27.000  ayisyen  yo  an  1937  nan  Dominikani. Yon masak ki te antre nan kad pou jete fòs travayè yo te fin itilize yo e yo pa t bezwen ankò. Nou pa janm sispann wè blan yo pa inosan nan mizè peyi a, tankou Sanmba Keb ta di l nan yonn nan mizik li yo.

7- 10 avril 1922 ta pral gen eleksyon. Enperyalis etazinyen yo sipòte ansyen  minis  « affaires  extérieures »  gouvèlman  Dartiguenave  la, Louis  Borno,  kote  misye  sa  a  pa  t  ranpli  kondisyon  pou  vin prezidan  peyi  a.  Borno  pa  t  elijib  paske  paran  misye  yo  pa  t natifnatal peyi  a. Poutèt sèlman misye te avoka gwo biznis rasis- enperyalis yo an Ayiti, li t ap defann enterè envestisè sa yo byen, yo te fè yon kout fòs pou enpoze misye nan laprezidans. Alòs, lè misye rive nan tèt peyi a nan dat 15 me 1922, rapidman etazinyen yo enpoze peyi Dayiti yon prè ki te evalye a anviwon 22, 9 milyon dola   vèt.   Prè   sa   a   ta   pral   ogmante   dèt    »   extérieures »   ak    » intérieures » Ayiti. Yo rive fè prè a pou yo ranmase kèk richès peyi a ki  te gen tan ap peye Lafrans  yon lòt  pami  dèt  ki te koumanse nan lane 1825 yo. Se kòmkidire yo achte dèt Lafrans lan pou nou pandastan nou t ap remèt etazinyen yo lajan an ak enterè. Sa ki fè, non sèlman nou te toujou dwe Lafrans, epi nou vin ap remèt plis lajan toujou puiske nou dwe remèt Yankee yo lajan an ak enterè. Sa a bay yon dèt  marasa ki  foure nan  twou mizè a pi  fon  toujou (Lucien: pp 136-140). Nou pa bezwen pase nan 4 chimen, janbe 4 kafou, nou tounen yon veritab sous richès pou devlope Etazini ak lòt pisans enperyalis. Blan/etranje sa yo toujou fè mikalaw nan kriz nou yo. Yo pa t kanpe, yo te rete kinalaganach nan piye peyi a.

8- 1930,  2  zan  annaprè  eleksyon  yo,  blan  rasis  etazinyen  yo  rive kontwole  rejim  Sténio  Vincent  an  ki  te  di  tèt  li  l  se  nasyonalis. Etazinyen yo rive kanpe dèyè rejim nan pou l te pouse tout kalte atak kont fòs pwogresis, nasyonalis osnon sosyalis/kominis peyi a. Se  nan  sans  sa  a,  pouvwa  anplas   la  arete  Jacques  Roumain (kominis),  epi  fè  kòsasinay  sou  Joseph  Jolibois  Fils  (nasyonalis) (Hector: p. 20). Objektif yo te klè, se rive frennen tout kouran lavi, kase rèl mas yo, yon mannyè pou kite  » receveur financier » yo pou kontinye trennen tout lajan taks peyi a bay bank etazinyen yo, epi louvri vant peyi a pou pwodui yo ka antre libelibè. Enperyalis la, malgre sa, te kontinye pouse bourik li. Yo kontinye fè chimen yo nan kriz peyi a.

9- 1957 vin rive, nou vin tonbe nan anbyans elektoral nan moman an.

Nan  dat  22  sektanm  1957,  blan  rasis  etazinyen  yo  rive  mete François Duvalier nan tèt peyi a. Duvalier ki te yon ansyen bousye gouvèlman etazinyen an, ansyen konsiltan misyon sante enperyalis etazinyen yo an Ayiti, te jwenn tout kalte sipò anbasad Yankee yo ak Depatman Deta pou l te pran pouvwa a. Se  te anba gwo koken gouvèlman  etazinyen  an  rive  enpoze  Duvalier  nan  tèt  peyi  a. Konsa, nan Lagonav ki te gen 13, 300 elektè, yo rive konte 17, 568 moun ki vote pou Duvalier. Nan zile Latòti sou sèlman 900 elektè anrejistre,  yo   konte  7,500  bilten  pou  Duvalier.   Touswit   aprè eleksyon sa yo, Olphand, ansyen anbasadè Yankee yo nan peryòd la, bat bravo pou l eksplike  » jounen elektoral sa a pase tankou nan yon zòn andeyò blan etazinyen okipe ki trè pezib (Arthus: pp. 71-

72). Alòs, tout magouy, kabouyay sa yo ki t ap pase nan eleksyon an   se   pou   enperyalis-rasis   yo   te   kontwole   mouvman   politik entènasyonalis ki t ap deplòtonnen nan zòn nan. Rasis yo rive sèvi ak Duvalier nan  zòn nan pou tabli  yon diktati/bout  di  pandan 29 lane. Avèk diktati sa a yo rive chase tout rezistans fòs pwogresis yo, maspinen epi touye anpil jenn sosyalis ak kominis nan peyi e menm kèk senp opozan ak rejim Duvalier a. Anpil fanmi disparèt nan  peyi  a,  tankou  fanmi  Jumelle  ak  fanmi  Benoît  nan  peyi  a. Duvalier  yo  ansanm  ak  fòs  fè  blan  enperyalis  Yankee  yo,  foure dwèt  yo byen long nan kès  Leta peyi  a. Nou t  ap monte yo gwo maswife politik. Malgre tout evelman sa yo, rasis yo rive mete yon tranzisyon  politik  pou  te  fè  ti  pas  kout  ak  kèk  militè  yo  te  gen kontwòl. Yo pa janm pa la. Malè peyi a pa grandi san Etazini.

10-        1986, Malgre pèp ayisyen an rive monte mòn tranzisyon-pyèj la pou l te fè 16 desanm 1990, bourik chaje pa t vle kanpe. Bourik la te tèlman pa t vle kanpe, li mache sou san pèp la 7 mwa annaprè rèl elektoral desanm 1990 yo pou l te fè koudeta 11 sektanm 1991 lan. Kèk temwanyaj rapòte menm 16 desanm nan yo pa t ap kite n fè, si se pat rèl Antoine Izmery a midi nan menm dat sa a, kote blan an t ap fè presyon sou lidè mas yo nan moman an, Jean Bertrand Aristide, pou l te koule bay Marc L. Bazin pase, lidè liberal yo a. Kontèks bourik chaje pa kanpe a, se kontèks revizyon politik divizyon-rasis entènasyonal yo nan peyi a. Alvin P. Adams, ki te ansyen anbasadè etazinyen yo nan peyi a nan peryòd fen ane 1980 koumansman ane 1990 yo, deklare:  » bourik chaje  pa  kanpe »  (Le  nouvelliste  3  dawout  2012).  Malgre  volonte anbasadè a pou l te fè yon eleksyon pou yo te kontwole, volonte mas popilè yo te fòse l kontrenn jeneral Prosper Avril demisyone. Poutan, ajennda anbasadè a te klè, se te koudeta 11 sektanm ki t ap manniganse. Koudeta sa a, yon bò, selon plizyè temwanyaj  anpil reskape, lage anpil fanmi ayisyen yo nan mawon, anpil arestasyon ak  zak  maspinay  sou  militan  yo;  yon  lòt  bò,  OIM  (Organisation Internationale pour les Migrations) te pwofite mennen yon politik migratwa pou kase ren mouvman popilè a nan fasilite epi elwaye chak militan nan yon peyi  diferan pou  demobilize aksyon  politik popilè     yo.     Rejim     FRAPH     (Front     Révolutionnaire     pour l’Avancement  et  le  Progrès  d’Haïti)  a  te  rive  fwape  mouvman popilè yo jouk nan venn li. Sa pa t menm ase pou peyi a, yo ban nou yon anbagwo 3 lane, yo fèmen peyi a sou nou jouktan nan dat 15 oktòb 1994, yo retounen ak Jean-Bertrand Aristide nan peyi a, men ak yon fòs okipasyon plizyè nasyon sou direksyon Etazini. Yo pa  t  sèlman  vyole  dwa  nou  politikman,  yo  te  tou  anmize  yo  vin kraze rès ekonomi peyi a ak anpil lòt lwa komèsyal pou louvri vant li   nan   kad   globalman   sa   nou   rele   yon   politik   ekonomik koukouman, mizèrere ki gen ti non jwèt: neyoliberal. Malgre tout sa yo, te toujou rete yon lespwa pou mouvman mas popilè yo. Blan etazinyen  yo  te  kontinye  nan  tantasyon  pou  pran  kontwòl  tout enstitisyon peyi a.

11-        2000,  nan  kad  operasyon  elektoral  mwa  me  yo,  ta  pral genyen yon editoryal ki te sòti 27 mas 2000 anba kout plim Jean L. Dominique. Editoryal sa a te fè yon kout je sou yon akò ilegal ant KEP  a,  anba  direksyon  Léon  Manus,  ak  CNO  a,  sou  direksyon Léopold Berlanger. Akò sa a te bay CNO yon pouvwa men longè sou tout dewoulman elektoral la, tankou: resevwa tout dokiman ki gen rapò ak eleksyon yo, otorize reprezantan KEP yo. Sak pi tèrib la, se manm CNO yo ki gen pou fè pwosè vèbal sou sa k ap pase nan biwo vòt yo lè dokiman orijinal yo osnon kopi yo pa disponib. Pou anpil obsèvatè, tout sa se kareman vyolasyon lalwa elektoral la nan   atik   (158-159)   li.   Editoryal   la   fè   kwè   Berlanger   t   ap manniganse yon konplo pou kraze Lavalas depi lontan. Genyen tou pwofesè  Wesner  Emmanuel  ki  te  fè  kwè,  nan  yon  konvèsasyon anrejistre ak Berlanger, depi 1990, nonm nan te vle kraze Lavalas ki te yonn nan senbòl rezistans popilè nan peryòd la. Pi lwen, nan dat 3 avril 2000, swa 3 jou aprè editoryal la, yo te rive fè kòsasinay sou  Jean  Léopold  Dominique,  epi  21  me  2000  nou  ta  pral  tonbe nan yon veritab kriz elektoral. Pwojè sa a ki t ap mitonnen sou do mas  la  pandan  lontan,  ta  pral  bay  29  fevriye  2004S.  Se  vre  gen anpil  gwo kesyon  sosyal  ki  t  ap  poze  anfas  rejim  Lavalas  la  nan epòk la, men nou te deja konprann gen yon konplo tou depi lontan pou te fann tout pratik politik popilè nan peyi a. Franchiz, gagòt, koripsyon,  okipasyon  se  te  kèk  nan  makfabrik  tranzisyon  rasis- enperyalis yo te tabli nan peyi a. Malgre gwo koudeta politik sa a, mas la antre nan eleksyon, li fè 14 me 2006. Li te kontinye nan lari a pou l fè revandikasyon l yo pase nan grangou klowòks an 2008 ak  tout  batay  salè  minimòm  anfas  grandonboujwa  ak  Leta  l  la. Blan  Yankee  goumen  yo  enpoze  peyi  a  definitivman  yon  Leta vwayou an 2011.

12-        14 me 2011, aprè gagòt CIRH (Commission Intérimaire pour la reconstruction d’Haïti) ansyen prezidan etazinyen yo Williams Bill Jefferson Clinton ak tout madanm li Hilary Clinton, akonpaye ak kèk manm nan oligachi a; yo rive kontwole machin elektoral la pou  yo  enpoze  Michel  Joseph  Martelly  sou  pouvwa  a.  Ricardo Antônio   Sylva   Seitenfus,   youn   nan   gwo   potanta   nan   politik entènasyonal  la  ki  te  reprezantan  nasyonzini  ann  Ayiti,  montre klèman nan liv li ekri a  » l’échec de l’aide internationale en Haïti », kote se manipilasyon politik ki te voye Martelly nan dezyèm tou. Avèk monte Martelly sou pouvwa a, rejim nan louvri vant peyi a nèt  bay  Yankee  yo.  Yo  lage  Ilavach  ak  zile  Lagonav  nan  men flibistye  entènasyonal  yo,  yo  gagote  plis  pase  4,2  milya  dola petwokaribe a nan akò pèp Venzyela a ak pèp ayisyen an. Konsa, yon  ekip  bandi  legal,  fanmi  ak  zanmi  vin  rich  toudenkou.  Yo simaye zam nan tout katye popilè yo pou prepare retou yo. Nou vin tonbe  nan  yon  veritab  Leta  delenkan.   Lè  pèp  la  leve  kanpe  pou chavire  rejim  nan,  yon  anbasadè  etazinyen,  Kenneth  H.  Merten, nan dat 8 mas 2012, nan kad akizasyon doub nasyonalite ki te peze sou do Sweet-Micky, ta pral deklare Martelly se yon ayisyen pou l te   anpeche   yo   kontrenn   rejim   PHTK   premye   moso   a   (Le nouvelliste 16 dawout 2016). Tablo sa a ta montre nou, se kòmsi Barack  Hussein  Obama  (prezidan  etazinyen  yo  2008-2016)  ta renmèt  peyi  a  bay  yon  fanmi  fiblitsye  entènasyonal,  Clinton. Pandanstan  sa  a,  pèp  ayisyen  an  te  kontinye  batay  san  pran  souf pou te fè 22 janvye 2016, kote yo te bloke yon eleksyon zenglendo pou  te  fè  n  vale  ti  poul  kay  boujwagrandon  yo  melanje  ak entènasyonal kominotè a, Jovenel Moïse. An fevriye 2016, yon akò anlè te vin mete Jocelerme Privert sou pouvwa a. Men sa pa t ap anpeche rasis yo kontinye met pye sou kou peyi a.

13-        Novanm 2016, nan yon kou pa konprann, lidè politik yo kite blan an foure yon konze tankou Jovenel Moïse nan gòj pèp ayisyen an.  Malgre  pil  ak  pakèt  fwod  ak  iregilarite  ki  te  karakterize pwosesis   elektoral   2015   lan   kote   rapò   CIEV   (Commission Indépendante  d’Évaluation  et  de  Vérification  Électorale)    la  te montre tout koudeta elektoral rejim PHTK a te fè, kèk lidè politik te  dakò  etazinyen  yo  retire  pèp  la  sou  sèn  politik  la  pou  bay vwayou/bandi  legal  yo  pouvwa  a  nan  sousi  pou  anpeche  tout pwosè sou tout krim finansye ak san òganizasyon entènasyonal yo fè kit se nan dosye CIRH/ Clinton lan, kit se nan dilapidasyon lajan Petrocaribe a kit se krim Nasyonzini fè an  n Ayiti nan Kolera ak kadejak! Bill Clinton parèt tankou yon veritab Leclerc finansye, ou ta di sitirasyon sa a sanble tèt koupe ak yon novanm 1803 pou w te vin fè koutye pou kèk kapitalis entènasyonal. Tout chirepit yo ant klas sosyal parèt klè kou klèwoz. Sa a san ble tèt koupe ak kalfou mangonmen  kote  mete  men  klas  yo  klere  tankou  n  te  nan  plen lalin. Malgre yon seri masak, zak kòsasinay kraponay, sèl sa linèt rasis  etazinyen  yo  byen  wè,  se  eleksyon-seleksyon  dèmalòg  ak krèy  elektoral  Jovenel  Moïse  la.  Rasis  yo  te  byen  konnen  moun tankou  Jovenel  yo  se  dwèt  long  siperyè.  Yo  jis  ban  nou  tyoul- konze a pou fè n peye bwakayiman, epi montre nou se sèl vwayou ki ka dirije peyi a. San n pa bliye tou yo jwenn kèk manm ki nan opozisyon-trayizon ki pa janm sispann reve palè nasyonal tèt dwat. Menm  si  gen  san,  gen  pèsekisyon,  gen  entimadasyon,  gen  egzil politik, konze nan opozisyon an panse yo ka pran pouvwa a. Sa ta vreman di pou okipasyon militè etazinyen yo ta kite n menm san yon  tikal  etik  politik.   Epi,  jan  nouvo  piyajè  entènasyonal  yo  ap gade  peyi  a  ak  linèt  magouyè  yo  a,  nou  ta  di  yo  pran  tout  pèp ayisyen an pou bouki y ap vin met nan paradi krèy elektoral.

Nou  menm  nan  MATRIS  LIBERASYON  (ML),    aprè    7 fevriye ki sot pase a la kote manda Jovenel Moïse te fini, nou sezi wè jan peyi rasis yo kontinye ap sipòte yon malè pandye konsa sou tèt pèp ayisyen an. Douvan je tout moun pouvwa ilegal sa a ki san lejitime popilè, chita ap bwè san pèp ayisyen an. Yon kolonn fòs fè nwa  nan  Lapolis  la,  nan  anbasad  etazinyen,  nan  Nasyonzini,   ak nan katye popilè yo ki gen yon federasyon gang/milis ki rele G9 an fanmi e alye, kontinye ap masakre epi kidnape  militan, jounalis ak tout rès kò sosyal ki pa danse kole ak diktati. Nan sans sa a, nou ranmase fòs nou nan vizyon istorik bwakayiman an, pou n di blan flibistye-rasis yo, pinga, de may sou chenn yo! Nou di yo mache sou 13 yo pou yo pa pile 14 nou! Ogou feray di l kanpe la! Lakou a pa san mèt menm si kèk nan sila yo w ap trete avèk yo nan lakou a se mèt dam, se konze nasyonal. Nou  konprann byen lide ki  abite lòt konstitisyon ou vle foure nan ti gòjèt pèp la. Sa yo sanble tèt koupe ak konstitisyon 1918 ou te fè n vale a. Bay kou bliye, pote mak sonje! Nou tèlman sonje mouche blan, nou sonje se ou ki te ban nou lame 28 koudeta  a, nou sonje se ou ki  te ban n makout, atache,  bandi  legal  ak  Lapolis  represyon-gansterize  sa  a.  Ou  ban nou  anpil  vre.  Nou  konprann  ti  jwèt  kouri  dèyè  moun  lakay  nou pou n vin ak moun pa w vin ranmase richès nou yo. Ou sonje jan w te kraze pwodiksyon nou an 1915, epi an 1922 ou tounen ak 200 siwo-libanè   yo   nan   peyi   a   pou   w   te   vin   reprezante   koutye ekonomik  pou  ou.  Non,  nou  pa  bliye  an  1922  ou  toufounen  tout inisyativ ekonmik nasyonal prive tankou piblik nan peyi a pou w te vin tabli gwo konpayi entènasyonal ou yo lakay nou. Reyalite sa a fè Ayiti pèdi tout deviz li yo, li desann valè monnen nasyonal nou an pou layite lajan pa w la. Se pou sa menm ou kont tout konpayi nasyonal nou yo, epi an menm tan w ap mande chanje konstitisyon pou ou, se jis pou ranmase kèk byen peyi a rete nan rezèv li pou ou drennen bay flibistye-kapitalis lakay ou yo. Jodi a sa a se rèl tout pèp ayisyen an pou di non! Nou granmoun nèt! Bwakayiman fèt, se  fini!  Nou  p  ap  janm  bliye  nou  te  met  Napoléon  deyò  ak  fòs kouraj  nou nan Sendomeng.  Nou kanpe la kòm  yon ranpa  pou n goumen  kont  pwojè  dappiyanp  sa  a  yo.  Pwojè  pran  tout,  pa  kite anyen an pap pase. Pèp ayisyen an se grenn pwonmennen.

Bibliyografi :

ARTHUS, Wein Weibert. Duvalier à l’ombre de la guerre Froide. Presse de l’imprimerie S.A. Port-au-Prince, 2014.

FOUCHARD, Jean. 2007. Histoire d’Haïti (1804-1990). 2 tomes. Port- au-Prince: Éditions Deschamps.

HECTOR, Michel. 2007. L’engagement politique de Jacques   Roumain de  1927  à  1936.  (Conjonction:  217-218.  La  revue  franco-haitienne  de l’institut Français d’Haïti).

LUCIEN,  Georges  Eddy.  2013.  Port-au-Prince:     une  modernisation manquée. 2 volumes. Port-au-Prince: UEH.

MANIGAT,  Leslie  F.  Év  entail  d’Histoire  Vivante  d’Haïti  1789-1999.

2002. 6 tomes. Montréal : CHUDAC.

MORAL, Paul. Le paysan haïtien. Fardin. Port-au-Prince, 2004.

Biwo Kominikasyon ML Tel : +50944112672/40209052 matrisliberasyon33@gmail.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. Découvrez comment les données de vos commentaires sont traitées.