POZISYON CNOHA sou sitiyasyon peyi a
Pòtoprens 19 septanm 2020 ((rezonodwes.com))– SANTRAL NASYONAL OUVRIYE AYISYEN (CNOHA), ki se yon Santral sendikal ki toujou akonpaye epi defann dwa travayè yo nan peyi Dayiti , konstate ak dlo nan je l degradasyon sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal Peyi-a depi enstalasyon pouvwa Core Group/ PHTK Jovenel Moise la, ki te sòti nan yon koudeta-elektoral.
Se tout sektè nan peyi-a k ap rele anmweyyyy anba pouvwa diktatoryal enkilpe Jovenel Moise ak PHTK. Lamizè, lavichè, grangou, fènwa, ensekirite jeneralize, banditis deta, Koripsyon, enpinite, krim, movèz Gouvènans, esplwatazyon sou tout fòm, dominasyon, enjistis sou tout fòm ap fin kokobe mas pèp la.Pifò se ouvriye,peyizan ak moun nan katye popilè yo kap viktim zak rejim kriminèl yo.
Fas a tout konsta sa yo, depi plis pase 3 lane, pèp ayisyen an ap ekzije depa enkilpe Jovenel Moïse nan tèt peyi a epi fòmasyon yon pouvwa tranzisyon pou mennen bak peyi a.Jounen jodi a, se tout sektè yo nan peyi a ki leve kanpe kont pouvwa bandi legal tèt kale PHTK/ Core Group la.
Ouvriye, peyizan, elèv, etidyan, majorite silansyez yo, legliz, komèsan, polisye elatriye yo tout di se TRÒP ATÒ, TWÒP KRIM DETA, TWÒP SAN KOULE, fòk san sispann koule nan peyi-a, fòk sistèm fewodal sa a kaba, fòk enkilpe Jovenel Moise ak PHTK kite Palè a prese prese ak tout akolit li yo pou al reponn kesyon pou tout krim sa yo fè yo .
Tout Sektè sa yo di , yo pap kolabore ak bandi legal tèt kale PHTK a Jovenel Moise la, ki pa janm sispann asasinen pèp la nan katye popilè yo, nan klas mwayèn lan, menm swafizan laboujwazi a pa epanye. Lè se pa pèsekisyon politik se asasina, se arestasyon abitrè ilegal,se entimidasyon lage manda pou fè tout moun ki kont li yo kouri.
Se pou tout rezon sa yo, yo di: yo pap voye okenn reprezantan yo nan yon KEP bidon pou al fè seleksyon bouyi vide sou lòd Core Group pou kontinye mete vòlè,kriminèl kidnapè, koronpi, enkonpetan,restavèk enperyalis, machann peyi, nan tèt leta peyi-a. Eleksyon se yon ak souverènte nasyonal li ye, se zafè pèp Ayisyen an, etranje pa dwe ap foure bouch yo byen longè nan zafè eleksyon pèp Ayisyen an .
Se poutèt sa, nou menm nan CNOHA voye jete byen lwen tout deklarasyon kolon enperyalis yo, patikilyèman deklasyon ti kolon nan anbasad yankee USA ap fè sou zafè eleksyon nan peyi DAyiti.
CNOHA ki toujou kanpe bò kote mas pèp la kise pi gro viktim anba men enperyalis yo ak kapitalis la : ouvriye, travayè, peyizan, madan Sara, elèv, etidyan, anseyan, machann yo, polisye yo, katye popilè yo elatriye ap ankouraje tout pèp Ayisyen an kontinye mobilize nan tout peyi-a san pran souf jiskaske enkilpe Jovenel Moïse kite pouvwa a ak tout akolit li yo, mete kanpe yon pouvwa tranzisyon granmoun tèt li , pou pote solisyon nan revandikasyon mas pèp la, jan tout sektè yo mande sa.
CNOHA konstate Yo di dola ameriken an bese epi pri gaz yo,pri kous machin transpò piblik ak pri manje pa janm desann.
Pou n fini CNOHA konstate to enflasyon an monte 23 à 25% pri tout prodwi nesesite yo kwatripe sou mache-a.Pri kay ,lekòl, rad , kous machi-n eltriye monte leta Ayisyen pa janm ogmante salè minimòm lan pou travayè yo ak ouvriye yo nan peyi-a ,se toujou yon ti salè tibèkiloz ki chita sou leksplwatasyon jeneralize ak esklavaj jeneralize.
Se pou tout rezon sa yo: CNOHA ak afilye li yo nan konsètasyon ak tout sendika ouvriye yo pou lanse plizyè jounen manifestasyon pou ogmantasyon salè minimòm ak asistans sosyal .Pèp k ap goumen pa janm pèdi batay.Viktwa final la se pou pèp la.Aba salè tibèkiloz Aba tout trèt ala nasyon.Viv lit Pèp Ayisyen an Viv lit Ouvriye yo
Dominique ST ELOI
Kòdonatè Jeneral CNOHA
Telefò-n : 509 38513282

