Mardi 18 février 2020 ((rezonodwes.com))– Se pa jodi a ke divizyon entènasyonal travay ba nou vokasyon plantasyon. Gouvènman Salomon te voye 8000 Ayisyen nan konstriksyon kanal Panama ke yon franse ki rele Ferdinand de Lesseps te koumanse.
Aprè, Ameriken sou lokipasyon ankouraje Ayisyen al koupe kann Kiba ak Sendomeng. Kidonk, vokasyon nou kòm plantasyon neyokolonyal se voye moun alé deyo kote yo bezwen fòs ponyet. Ayisyen dakò se konsa pou’l rete.
E byen, si se sa nou vle fè kom modèl ekonomik, fòk nou pase men nan sistem edikasyon pou Ayiti ka voye tout kalite moun al travay deyo. Konsa transfè dyaspora a ta p double pou li reprezante plis ke 50% PIB peyi a.
Malerezman, menm sa a nou paka fè kom refleksyon.
Enspirasyon nou rivé nan bout li. Fòk sèvo nou refòmaté sinon nap menm jan ak karavan lan: tou sye, tou bouké, tout boulin an plas.
Alin Louis Hall


1 Comment