Ça promet de chauffer dans les jours prochains. Les Petrochallengeurs ont décidé de reprendre le flambeau de la mobilisation. Dans une note fixant leur position sur le rapport partiel de la Cour Supérieure des Comptes les jeunes ont exprimé leur frustration et ont annoncé le redéploiement de la foule ayant adopté le petro caribe challenge dans les rues de Port-au-Prince et sur la toile. Rendez-vous est fixé le 5 février pour une rencontre avec la presse…
Dimanche 3 février 2019 ((rezonodwes.com))– Note de presse
Malgre anpil dout nou genyen sou kapasite Lakoudѐkont pou fѐ travay li, lѐ nou konsidere ke enstitisyon sa pa respekte obligasyon lalwa fè li, nou konstate ke yon lane apre yo remѐt yon rapò pasyѐl ki manke yon pakѐt enfomasyon sou anpil lòt pwojѐ. Men omwen, li montre aklѐ, menm jan ak 2 premye rapò senatoryal yo, endividi mal entansyone nan Leta a, dechѐpiye lajan petrokaribe a.
Nou pran nòt piblikasyon rapò pasyèl la, ki pwouve si lakoudekont t ap fѐ travay li depi 11 dѐnye lane yo, tout moun sa yo ki pase sou pouvwa, tout moun sa yo ki t ap jere lajan leta pa t ap fè peyi a gro mal sa a : dilapide plis pase 4.2 milya dola vèt.
Aprè anpil presyon popilè, dosye a ap souke kò li, men pou jan grangou ap kokobe sitwayen nan peyi a, pou jan lajenѐs fin detounen, pou jan manman ak papa pitit nan redi pou kenbe diyite yo, pou jan pwofesyonѐl ap kouri kite peyi yo pou al pran imilyasyon lòtbò dlo, nou p ap ka chita tann yon lòt ane ankò pou lajistis fѐ travay li ki se jije tout moun ki enplike de yon fason oubyen yon lòt nan vòlò lajan malere kòmanse remѐt.
N ap kontinye mobilize pou pwosè Petrocaribe a rive nan bout li san pѐdi tan. 7 fevriye ki ap rive la a, yon dat ki raple nou ke malgre li te difisil, malgre anpil moun te tonbe, nou te rive kwape diktati nan peyi a. 7 fevriye 2019 ap pran nou anba yon lòt fòm diktati, yon diktati kòripsyon ki
mete baboukѐt nan bouch nou, baboukѐt nan pòch nou, baboukѐt sou rѐv nou. Koripsyon sa ki pran anpil fòm ap vale tѐren chak jou epi l ap kwape lavi.
Nou kontinye tande bri gagòt, move jesyon zafè Leta, trafik enfliyans, anrichisman pap padap nan move konbinezon, enpinite, kopinaj, kote menm prezidan peyi an ak madanm ap benyen tèt kale nan bouyon mimi pratik sal yo rele Koripsyon ak enpinite a , malgre dapre lalwa moun
pa ta dwe gen okenn dout sou yo. Dѐnye rapò anyèl pou lane 2018 transparency international la sou endis koripsyon an, montre kijan ayisyen santi kòripsyon an grav nan peyi a.
Nan sans sa, nou menm ki leve kanpe depi plis pase 5 mwa pou mande kont sou jesyon lajan petwokaribe a, n ap sipòte leve kanpe nan tout peyi a pou denonse kòripsyon ak konsekans kòripsyon tankou move lavi k ap kontinye taye banda l sou nou. Se pou sa, nan lide pou kontinye mobilize n ap gen pou n anonse yon kalandriye aksyon nan kad mouvman Petrocaribe
challenge. Kalandriye sa a ap disponib nan konferans pou laprès n ap bay nan jou Madi 5 fevriye a pou fikse pozisyon.
Nou renouvle angajman nou, pou batay jiskaske peyi a jwenn jistis ak reparasyon, pou lavi fleri.
Noupapdomi #kotkobpetrocaribea
Pou Otantifikasyon se :
Lucia Dominique Pascale SOLAGES, 509 38 88 9999
James Beltis, 509 38 74 1824
Velina Charlier, 509 47 00 7252


2 Comments