AKA lanse ofisyèlman Mwa lang manman 2026 la
Mèkredi 4 fevriye 2026 la, nan lokal li sou Bwavèna, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse ofisyèlman yon mwa aktivite nan okazyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman k ap rive 21 fevriye pwochen. Pou mwa a, daprè prezidan Akademi an, Akademisyèn Rosilia François Corneille, enstitisyon an « deside limen pwojektè sou travay ak angajman Akademisyen Michel-Ange Hyppolite,
