12 octobre 2025
Le président Martelly en mode Baby Doc ke makak! par Daly Valet
Actualités Élections

Le président Martelly en mode Baby Doc ke makak! par Daly Valet

Martelly Ke makak !

Le président Martelly en mode Baby Doc. Jan li pale jodi jedi a sè ke li pa deside remèt pouvwa a 7 fevriye jan Konstitisyon amande li te pibliye a di sa. Li la pi rèd kou ke makak.

Anfèt mwa Janvye 2016 sa mennen m tet dwat nan lane 1986 swa 30 lane avan lè Baby Doc te deklare li la pi rèd kou ke makak nan moman kote pèp la te leve kanpe pou mande l bay pouvwa a…





Baby doc… Henry Namphy …Prosper Avril…Jean Bertrand Aristide… tout te di yo la pi rèd kou ke makak nan moman manifestasyon yo t ap pran chè…Yo tout te fini pa pèdi pouvwa kèk jou apre….Genyen nan yo ki te menm blije ale nan egzil kanpe lwen lòt bò dlo.Rezonman prezidan Martelly pou l pa ta kite pouvwa 7 fevriye a pa kenbe. Li pa t fe eleksyon pandan 4 lane. Jou l resi fe youn se yon briganday. Donk li pa ka vle fè konprann jodi a depi pa gen eleksyon li pa p remèt pouvwa a. Sa se yon rezonman absid.

M panse se yon gwo pwovokasyon iresponsab lè prezidan Martelly chwazi jouke l sou pouvwa a tankou Baby Doc.

Lojik Baby Doc ke makak sa se tankou yon timoun san memwa k ap jwe ak dife.

Daly Valet

1 Comment

  • Di FA 29 janvier 2016

    Sa w neglije nan dosye a tout nèg radyo a, si m ka di l konsa: Se moun sa yo ou site pi wo a wi ki t ap fè vyolans sou pèp la. Donk si n ta vie konkli li la se kontrè a wi ou bay. Se vyolan yo wi ki toujou pèdi batay. Aristide te konn anpeche moun manifeste, kounye la ki moun ki anpeche moun manifeste?

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.