Funérailles de la regrettée mère de Mackly Joseph, « Rethink Haiti » annonce des modifications

0
2132

Madame Roselène Metayer Joseph, après avoir bravement assisté au départ de l’un de ses fils, le brillant professeur Johnny Joseph, très prometteur, a elle aussi achevé sa mission sur terre

Pòtoprens, Samdi 19 mai 2018

Nòt pou laprès




Se avèk anpil tristès Fanmi JOSEPH ap pote nan konesans publik an jeneral an menm tan ak la près an patikilye Madame Roselène Metayer Joseph ki se Manman Ansyen Konsul Jeneral nan Miami, Orlando Marckly Joseph epi aktyèl Kowòdonatè Jeneral : Rethink Haiti / Repenser Haiti rann denye souf li 4 me 2018 ki sot pase nan vil Orlando: Nan sans sa fanmi an ap enfòme tout fanmi , zanmi, ak tout mounn ki Ayti ki ta renmen bay yon denyè omaj a Madame Roselène Metayer Joseph vini nan funeray li kap chante samdi 26 me 2018, nan Legliz Baptiste Beree ki chita kò li nan delmas 43.

Expozisyon an ap kòmanse a 6:00 nan maten epi sèvis funeray la a derape a 8:00 AM – Fanmi Joseph ak Metayer ap envite tout moun nan yon sware espesyal, yon  » soirée d’hommage » kap fèt nan lavèy jou kap vandredi 25 Me nan menm legliz Baptiste Beree Delmas 43 kap komanse a 6 ze nan aswè. Seremoni espesyal sa ap fèt avèk kèk gwo atis evanjelik tankou : – Delly Berson -Aquela Dorvil -Poppy Duverne – Marcelus Prosper




Ansanm avèk Koral Gospel Kreyol ki ap prezan pou anime evenman nan souvni potorik fanm sa ki ale kite nou pandan li tap lapriyè Bondye…sou supevizyon Mr. Jacques Maurice ( Papi Jacques) kap kowòdone sware espesyal sa.

Madam Roselene Metayer Joseph mouri a laj 76 zan, te yon moun ki te konsakre tout vi li nan lapriyè. An menm, fanmi an ap pwofite envite tout zanmi ak fanmi ki Etazini yap kontan konte prezans yo nan yon sware rekèyman sa nan non Mme Joseph kap dewoule samdi 19 me sa sòti 5 :00 pou rive 11 :00 PM nan First Haitian Baptist Church of North Miami Beach, ki chita kò li 15395, NE North Miami Ave, Fl 33169.

Mèsi anpil ak tout moun.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.