Mairie des Gonaïves
Apati vandredi 24 jiyè 2026, Lameri ak sèvis sikilasyon komisarya Gonayiv la ap anonse dezomè Ri Lozama ak ri Louvèti pral sans inik, yon fason pou evite anbouteyaj nan sant vil la.
Ri Louvèti ap monte (direksyon Wès-Ès)
Ri Lozama (Lozamar) ap desann (direksyon Ès-Wès)
Nap mande kolaborasyon popilasyon an pou mezi sa yo kapab respekte pou yon pi bon sikilasyon, pou yon pi bèl Gonayiv.


