Yè maten, li te 8h44, lè Smoye Noisy rele m pou l mande m : « Skas, èske w gen yon ide poukisa se Ariana Milagro Lafond Ministè Kilti nome anbasadè liv an Hayti ? » Mwen reponn li : « Smoty, m pa gen yon ide. M gen plizyè lide. »
DABÒ, AN N GADE ANATOMI NOMINASYON AN
M ap envite n fè yon ti egzèsis senp, kote n ap retire emosyon n, n ap retire non moun yo nome a, n ap bliye vizaj li pou n gade desizyon an toutouni, san okenn rad sou li.
Yon ministè ki responsab kilti deside chwazi yon anbasadè pou reprezante liv nan yon peyi. Pami tout moun ki ta ka okipe fonksyon sa a : ekriven, editè, bibliyotekè, edikatè, bibliyofil, militan alfabètism, yo chwazi yon moun ki gen 19 an, ki etidyan, ki enfliyansè sou TikTok, ki sot chanpyon yon chalendj sou entènèt.
Premye kesyon m poze tèt mwen, se pa èske moun sa a gen valè. Wi, li gen valè. E m p ap dakò pyès moun konteste valè l. Vrè kesyon an se : poukisa se li menm ki jwenn nominasyon sa, se pa yon lòt ? Ki kritè ki jistifye chwa sa a nan kontèks espesifik yon anbasadè liv isit an Hayti an 2026 ?
Ebyen premye repons m ap ba w Smoye, sa pa gen anyen pou wè ak konpetans moun yo nonme a… se jis yon kesyon estratejik.
SE MENM LOJIK POPILISM LAN
Gen mo nan diksyonè yo pou dekri aksyon gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a, popilism, se mo ki parèt mwen plis adapte a. Pa nan sans orijinal tèm nan, kote yon gouvènman pran desizyon ki nan enterè reyèl pèp la. Men, nan sans pejoratif la, kote yon gouvènman, olye l rezoud pwoblèm k ap detrui pèp la, li chwazi fè pèp la santi l byen malgre tout pwoblèm k ap ravaje l yo.
Diferans lan enpòtan anpil nan analiz sa. – Rezoud yon pwoblèm, se aji sou reyalite a. – Tandiske fè moun yo santi yo byen, se aji sou pèsepsyon reyalite a. Premye a mande konpetans, kouraj ak rezilta. Dezyèm nan li menm jis mande yon bon senbòl nan yon bon moman.
Ariana Milagro Lafond se yon senbòl pafè pou yon gouvènman ki bezwen jere pèsepsyon li, nan yon bon moman kote yon efori ap travèse mas la. Ariana jèn, li senbolize espwa. Mete sou sa, li popilè, sa garanti vizibilite. Anplis, li enb, sa elimine risk pou chwa li a pa kontwovèse. Nou pa ka neglije bote l tou ki bay yon minimòm garanti pa rapò ak atansyon l ap jwenn, si se vizaj li ki sou aktivite gouvènmantal yo. Tout sa m sot site la yo, se kalite ki reyèl lakay chanpyon 8yèm edisyon HOC a. Men, yo yonn pa kalite ki gen rapò ak liv reyèlman.
Smoty, m pa konn si w sou men w, e se egzakteman sa ki deranjan nan kout kat la… gouvènman an pa chwazi Ariana pou sa l ka fè pou liv. Yo chwazi l pou sa l ka fè pou gouvènman an politikman.
GEN YON TI KOULÈ KLIYANTELISM EMOSYONÈL NAN CHWA A TOU
Nan politik tradisyonèl, kliyantelism se lè yon gouvènman konn bay yon moun yon pòs oswa yon avantaj an echanj sipò politik. Nan tan modèn yo, kliyantelism pa senp menm jan an ankò. Kliyantelism ka fonksyone tou pa rapò ak emosyon piblik sib la.
Nan sans sa, nominasyon Ariana kòm anbasadè liv, se pa yon favè gouvènman an fè Ariana. Se yon favè gouvènman an fè piblik la. Ministè Kilti pran moun piblik la pi renmen nan moman an, li ba l yon tit, epi li kolekte benefis emosyonèl la, ki se « aplodisman, santiman fyète ak distraksyon ». Sa, se yon tranzaksyon reyèl, « m ap ba w, w ap ban m ».
Se vre, gouvènman an pa peye ak lajan kontan ki sot nan trezò piblik, men li peye ak sa Ariana reprezante. Epi an retou, li resevwa sa li bezwen pi plis nan moman an, ki se silans majorite a sou rès bagay « pwoblèm » yo.
Konprann byen, pandan n ap diskite sou Ariana chak jou sou rezo sosyal, nan medya tradisyonèl yo, nan lari a ak nan salon lakay nou, gen lòt sijè ki pi serye ki otomatikman soti nan konvèsasyon nou, pami yo : koripsyon ; ensekirite ; viv ansanm k ap mache pran Jakmèl ; eleksyon ki pa janm fèt ; yon tranzisyon ki pa gen dat l ap bout ; yon peyi kote gouvènman an pa eli (soti nan yon paleman), men k ap distribiye tit ak nominasyon tribòpabò, tankou lejitimite li pa genyen an ta yon senp ti detay.
Smoye bagay pou m ta kriye, m oblije souri wi. Se pa nenpòt ti blag non. Yon gouvènman avèk zewo lejitimite pou gouvène, poutan ap nome moun anbasadè. Sa sanble tèt koupe ak yon moun ki pa gen kay pou l rete, men k ap distribiye kle kay pou lòt rete. M etone wi Smoty, kontrèman ak ou ki di, e ki montre m nou pa etone w ankò.
KISA NOMINASYON ARIANA A SENBOLIZE POU GOUVÈNMAN DIDIER FILS-AIMÉ A ?
Smoty, ni mwen ni ou ap dakò yon gouvènman serye ta ka toujou salye pèfòmans Madmwazèl Ariana Milagro Lafond, remèt li plak onè, menm felisite l piblikman. Li merite sa yo vrèman, m pa panse okenn moun ap gen kouraj ak odas pou konteste sa.
Sepandan, nome l anbasadè liv se yon lòt bagay ki pa gen okenn rapò ak sa l senbolize. Se pran yon tit onorifik ki gen yon sans ak yon misyon, epi chavire l tèt anba pou jete kontni ki anndan l lan, epi ranpli l ak senbòl pito. Se konsidere wòl la kòm yon veritab wòl dekoratif, olye yon wòl ki egzije responsablite.
Minis Emmanuel Ménard, yon entelektyèl mwen gen anpil estim pou li, te gen lòt chwa. Li te ka onore Ariana san l pa diminye tit anbasadè liv la. Li te ka rekonèt merit Ariana san l pa inyore Abigaïl Alexandre kòm veritab anbasadè liv, si liv dwe gen yon anbasadè nan mitan jenès la. Okenn nan nou pa ka konteste chwa Abigaïl kòm yon moun ki, nan moman sa a, enkane liv reyèlman, pa kòm senbòl, men kòm pratikan.
Paske, gen gwo diferans ant onore yon moun ak bay li yon responsablite. Onore yon moun, se rekonèt sa moun sa fè. Tandiske, bay moun sa responsabilite, se di li ka fè yon bagay li poko fè vrèman. E lè w bay yon moun yon responsablite san li pa mande w, sitou si l pa prepare pou responsabilite sa, ankò plis si responsabilite sa pa nan domèn li, ou pa ede l vrèman, ou jis sèvi ak li, e w ka fini pa detrui l.
DISTRAKSYON AN GEN YON KALANDRIYE KI BYEN PLANIFYE
Smoye, kite m fè yon prediksyon ki pa difisil vrèman, li jis mande w suiv lojik la jiskobou… Gouvènman an pral chèche fè Ariana dire kòm senbòl pandan anviwon 60 jou ankò. Yo pral alimante prezans li, miltipliye aparisyon l nan medya, kenbe atansyon piblik la fikse sou jèn chanpyon an, jiskaske yon lòt evènman rive.
11 jen 2026, Koup di Mond lan ap lanse pa egzanp, se petèt pwochen evènman ki pral ranplase Ariana isit an Hayti, si pa ta gentan gen yon lòt. Sitou akoz prezans Hayti nan mondyal la, evènman sa ap pran relè natirèlman, otomatikman. Kisè emosyon nasyonal la pral deplase sou yon lòt sijè entènasyonal. Epi si malerezman Hayti pa chanpyon, e kite m sipoze, sèlman kòm ipotèz sa ka rive, yo pral bezwen yon lòt distraksyon touswit aprè 19 jiyè 2026. Yo pral swa jwenn li, swa kreye l, paske fòk gen yon eleman distraktif pou oryante naratif ak fokis nou sou sa ki plis fitil pase itil.
Kwè m si w vle Smoye, an reyalite, se konsa tout gouvènman ki pa ka gouvène fonksyone. Yo pa rezoud okenn pwoblèm, yo jere atansyon mas la. Yo pa bay okenn solisyon dirab, yo kreye oswa alimante espektak ki pote plezi. Yo pa konstwi yon mèd, yo pito chwazi miltipliye distraksyon ki fè tandans nan naratif popilè a.
Byen lontan, filozòf Romen yo te gen yon bèl fraz pou ilistre sitiyasyon sa, « panem et circenses ». Biswit ak jwèt. Wi, li klè nan tèt mwen, gouvènman an ap chèche bay pèp la lamanjay (pen ak dlo sikre) + amizman, pou menm pèp sa pa mande kont sou rès la. Plis pase 2000 lane aprè, taktik la pa vrèman chanje, menm si platfòm nan chanje. Jodi a, distraksyon an twouve l sou TikTok.
SKAS, KISA W PANSE ARIANA TA KA FÈ ?
Madmwazèl Ariana Milagro Lafond, kòm jèn ki byen metrize kominikasyon l, mete sou entelijans li ak imilite l… Li posede 3 kalite ki ra ansanm lakay yon sèl moun nan, sitou a 19 an. E se paske m rekonèt kalite sa yo lakay li, ki fè m panse li ka fè yon jès ki ta pi gran pase nominasyon li an answa.
Si Ariana, volontèman, te remèt tit anbasadè liv la bay Abigaïl Alexandre, ki li menm senbolize e pratike reyèlman kilti liv, se t ap yon ak ki pi pwisan pase nenpòt tit yon gouvènman ta ka bay li. Sa t ap montre li gen ase matirite pou konprann diferans ant onè ak responsablite. Sa t ap montre li pa kite gouvènman defakto a sèvi ak li. E sa t ap fè l grandi nan je tout moun ki gen « yeux » pou wè lwen, pa kòm senbòl nan yon moman byen presi, men kòm yon moun ki gen karaktè, vizyon ak sans lidèchip.
Okenn moun pa t ap imilye vrèman. Gouvènman an pa t ap parèt lèd, Abigaïl t ap jwenn sa li merite, epi Ariana t ap soti pi wo pase jan l te rantre nan MUPANAH a.
Boutofen, Smoty, ou pi gran pase m, ou wè jou anvan m, ou ta dwe konnen pi byen pase m… sitou pou ou ki nan domèn filozofi ak kominikasyon, yon gouvènman ki nome yon enfliyansè TikTok kòm anbasadè liv pa fè okenn erè. Li fè yon chwa ki byen kalkile. Li chwazi distraksyon olye direksyon. Li chwazi senbòl olye sibstans. Li chwazi sa ki popilè olye sa ki pètinan. E sa, se pa pwoblèm ki regade Ariana. Se jis yon pwoblèm sistèm ki depase ni chanpyon HOC a, ni mas la.
PS : Lè yon sosyete rive nan pwen kote tit onorifik ofisyèl yo distribiye selon popilarite rezo sosyal, sa pa vle di moun ki resevwa pòs la pa gen valè. Sa tou senpleman vle di enstitisyon ki bay pòs la pa gen valè ankò. Yon peyi serye pa bay tit pou fè moun aplodi desizyon an. Okontrè, li bay tit pou bouste jefò, pou fè lòt travay pi di pase anvan.
26 avril 2026
223yèm ane endepandans Hayti


