4 décembre 2025
Ayiti ak lemonn antye rive nan yon kalfou danjere
Actualités Kreyòl Société

Ayiti ak lemonn antye rive nan yon kalfou danjere

Ayiti Koupe Fache

Kwonik #35: Kalfou Danjere

Ayiti ak lemonn antye rive nan yon kalfou danjere ki chaje ak konfizyon, epi ki chaje ak danje. 

Ayiti nan wout pou l tonbe nan yon bafon san fon. Puisans enperyalis yo, Core Group, OEA, CARICOM, LONI, KPT ak Primati a, an pàn solisyon. Tout sa yo eseye chwe. Yo nan teren glise kote y ap resikle remèd chwal. Primati ak KPT ap lonje dwèt youn sou lòt kòm enkonpetan. Ki rezilta tranzisyon KPT a? Ki sa k ap fèt lè manda KPT a ekspire 7 fevriye? Èske n ap retounen ak yon premye minis prezidan?

Sòti premye Janvye ane sa a rive 30 jen, gen plis pase 3.140 viktim gang yo sasinen ak plis pase yon milyon 300 mil sitwayen ki egzile nan kan refijye. Pi fò ouvriye soutretans yo nan chomaj si tèlman antrepriz sa yo pa rive fonksyone. Tout chapant sosyete a ap dezentegre. Chèf gouvènman yo ajenou nan pye Konsèy Sekirite a pou mande yon lòt misyon militè LONI ak 5.500 sòlda pou ranplase Misyon Miltinasyonal Asistans Sekirite a. Manda MMAS sòlda kenyan yo fin ekspire epi li pa t rive bay okenn rezilta.

Mèsenè etranje ap telegide dwòn k ap simen bonb k ap touye ni bandi ni pèp inosan, pandan gwo chèf gang yo kontinye ap chape poul yo, kòm si yo te deja konnen ki bò bonb yo ta pral lage. Gang teworis ap vale teren, masakre pèp la pandan y ap mande menm sitwayen yo te fin egzile yo retounen nan katye yo, pou sèvi ak yo kòm boukliye vivan. Gwo boujwa ak politisyen ap negosye gwo kontra zòn franch, nouvo pò, nouvo kontra swadizan devlopman ak Bank Mondyal, BID ansanm ak LONI pou kontinye gonfle pòch yo. Politisyen, gwo boujwa, kontrebandye ak trafikan kontinye ap pwofite sitiyasyon malouk sa a.

Nan mitan tout tyouboum sa a, bwi te gen tan ap kouri KEP ta pral anonse eleksyon pou dimanch 29 mas k ap vini a, ak enstalasyon yon nouvo prezidan 18 me 2026. Wi, se vre, gen anpil konfizyon nan mitan yon sitiyasyon k ap depafini tankou yon kamyon san fren k ap degrenngole yon mòn. Men fòk nou chèche demaske dife ki dèyè tout lafimen sa yo, menm lè gen men kache.

Toudabò, fòk nou klè sitiyasyon tyouboum sa pa yon aksidan. Se rezilta yon kanpay laterè ak destabilizasyon byen planifye. Gang teworis yo devan sèn lan, men gen tout yon sikyi mafya ki dèyè gang yo. Se yo k ap dirije gang yo, ki ap fè gang yo jwenn zam ak minisyon, ki asosye ak gang yo nan trafik ak kontrebann epi k ap kòdone diferan frap estratejik gang yo pou ansèkle Pòtoprens epi bloke aewopò a ansanm ak bloke sikilasyon sou wout nasyonal yo. Fayit leta a fasilite operasyon trafikan yo ak kontrebandye yo. Li fasilite monopòl gwo boujwa komèsan konpradò yo tou paske se yo ki kontwole mache a pi alèz.

Fayit leta ayisyen an pa t yon aksidan nonplis. Toudabò te gen tout politik enperyalis neyoliberal yo ki te vize afeblisman leta ayisyen an pou bay envestisè etranje plis avantaj toujou. Se konsa privatizasyon antrepriz leta yo, devalyasyon goud lan, epi rediksyon tarif ladwàn yo pou louvri vant peyi bay pwodui etranje, tout mezi sa yo konbine pou koupe nan resous leta yo epi fè leta ayisyen an vin kokobe. Lè konsa, gen yon ekip boujwa ki vin pwofite afeblisman sa a pou asosye tèt yo ak gang yo epi pou sabote fonksyonman leta a. Se yo ki manipile epi bloke eleksyon yo. Konsa, yo vin fè pa gen ni yon palman ni yon egzekitif k ap fonksyone selon konstitisyon an ankò. Sa vin bay egzekitif lan plen pouvwa.

Se nan sitiyasyon sa a vin gen yon ekip asosye ki ap jere destabilizasyon an pou kontinye pwofite sitiyasyon malouk sa a. Epi, bò kot asosye mafya sa yo gen dòt ekip asosye k ap chèche pran plas yo. Se konsa a eleksyon vin tounen yon bòlèt ant diferan kandida pou monte an tèt sa nou rele boujwazi biwokratik la, sètadi yon ekip atoufè ki met men sou leta a pou gonfle pòch yo.

Kidonk gen gwo asosye k ap jere destabilizayon an. Menm lè gen men kache, menm lè nou pa konn tout, nou da demaske jwèt makab y ap mennen an ki mete nou nan sitiyasyon malouk sa a.

Sou yon lòt bò, nou ka konstate revè meday la lakay enperyalis meriken an ki li menm tou nan yon kalfou danjere. Sistèm enperyalis la chaje ak pwoblèm, li plen kontradisyon. Pandan gwo puisans enperyalis yo ap kontinye peze souse peyi domine yo, vin gen konminezon plizyè faktè tankou lagè, grangou, ensekirite, represyon, chomaj, lamizè akselere, chanjman klimatik… elatriye, ki pwovoke gwo vag emigrasyon moun nan peyi domine yo k ap chèche defann lavi yo. Emigre sa yo pa gen lechwa, se al chèche lavi nan peyi gwo puisans sa yo.

Pandanstan, sistèm kapitalis la an kriz tou ak yon seri fòs kote k ap souke chapant li. An patikilye, gen kriz defisi pèmanan yo nan bidjè leta yo. Fas a kriz sa a, gen menm kalite politik neyoliberal yo ki vin ap aplike anndan peyi enperyalis yo: privatizasyon antrepriz leta yo, rediksyon sèvis piblik yo, tandans bès reyèl salè travayè yo, kidonk yon apovrisman klas travayè yo pandan gwo boujwa yo ap vin milti-milyadè epi y ap bese taks yo.

Kalite kriz sa yo vin pwovoke yon sitiyasyon kote leta enperyalis la oblije vin pi represif, leta a oblije vin pi otoritè pou kabre rezistans popilè yo.

Se konsa nou ka konstate dezòd ki genyen jounen jodiya nan administrasyon ameriken an. Kouran politik MAGA ki vin enstale Trump nan prezidans la yon lòt fwa ankò se yon melimelo diferan tandans ki chak gen ajennda pa yo. Gen sèten ki nasyonalis, gen sèten ki pwoteksyonis, gen sèten ki rasis, gen sèten ki patriyotik, gen sèten ki anti-biwokratik, gen sèten ki nazi, elatriye… Trump li menm se yon eleman ki varye anpil, se yon enstab ki adore tèt li anvan tout bagay. Kidonk, nou ka konstate gen anpil bagay ki varye nan politik enperyalis meriken an, an patikilye nan politik ekstèn enperyalis lan. 

Malgre sa, nou dwe klè gen sèten tandans ki kontinye ap konsolide malgre tout espektak ak distraksyon MAGA yo. Tandans ki pi fondamantal la se tandans pou leta emperyalis la vin pi repressif asanm ak tandans pou pouvwa egzekitif la vin pi otoritè. Majinalizasyon ak represyon imigran yo Ozetazini se chwal batay kouran MAGA a pou li tabli yon rejim fachis. Se nan kontèks sa nou dwe konprann jan politik enperyalis meriken an reflete enterè diferan fraksyon boujwazi ki nan blòk opouvwa enperyalis la: gè pèmanant lan ak ogmantasyon bidgè militè a, ekspansyon endistri petwòl ak endistri chabon an, ekspansyon sektè enfòmatik yo, ekspansyon sektè finansye ak pwoteksyon wòl dola a nan finansman komès entènasyonal la… 

Tout politik ki defann enterè sektè sa yo kontribye nan apwofondisman diferan kriz k ap atake chapant sistèm kapitalis mondyal la. Ekstansyon gè pèmanant lan agrave danje yon gè nikleyè, ekspansyon endistri petwòl yo agrave kriz chanjman klimatik lan, ekstansyon sektè enfòmatik lan agrave siveyans leta a sou tout popilasyon an, pwoteksyon dola a ka pwovoke yon gè mondyal, pandan ekspansyon san limit kapitalis la li menm agrave kriz sistèm la jouktan li gen pou l vin bloke.

Kidonk, Ayiti ak lemonn antye rive nan yon kalfou danjere ki chaje ak konfizyon, epi ki chaje ak danje.

Enperyalis yo ak klas reyaksyonè yo pa gen solisyon. Sèl espwa limanite se pou klas domine k ap sibi diferan politik sa yo òganize tèt yo pou defann dwa yo. 

Viv lit otonòm ak òganizasyon otonòm klas domine yo ak travayè kòm potomitan!

Viv lit liberasyon pèp ayisyen an ansanm ak tout pèp soulatè!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.