25 novembre 2025
Setyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl nan pòt la
Actualités Culture Kreyòl

Setyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl nan pòt la

“Li! Li! Li kreyòl! » Se sou tèm sa a responsab Festival Entènasyonal Literati Kreyòl yo anonse deplòtonnay evènman an, soti 3 pou rive 7 desanm 2025 lan, an Ayiti ak an liy. De (2) pèsonalite alonè : ekriven Pauris Jean – Baptiste, Pri Deschamps 1985 pou woman « Nan lonbray inosans », ansyen prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen ; kreyolis matinikèz Josette Burlet – Miatékéla, prezidan K@KO, yonn nan pwomotè dikte kreyòl nan Matinik.  Randevou lansman ofisyèl FEL 2025 lan kase mèkredi 3 desanm nan, Otèl Montana. 

Li enpòtan pou n soulinye, bò kote envite alonè yo, genyen de (2) pèsonalite n ap rann omaj : powèt, pèkisyonis Desmond Delmance Marcel aka Ras Mo (1955 – 2024) ki se moun Ladominik, epi ekriven ayisyen Frankétienne (1936 – 2025), ki se jisteman otè « Dezafi », yonn nan premye woman literati kreyòl ayisyen an, nou t ap site powèt Anivince Jean Baptiste, prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyòl. Pou Tivens, Edisyon FEL 2025 lan mobilize plizyè dizèn otè, kreyolis, ekriven, atis ak kreyolis ki soti toupatou nan kreyolofoni an. Pami yo menm, nou jwenn : Gary S. Daniel (Ayiti), Jude Duranty (Matinik), Michelle St – Félix (Ayiti), Nicole Cage (Matinik), Nikola Raghoonauth (Moris), James Fleurissaint (Ayiti), Patrick Anthony (Sentlisi), Christophe Charles (Ayiti), Ena Eluther (Gwadloup), Lena Luke (Ladominik). Otè « Fou nan souf Woutfrè » a kontinye pou li afime : «  Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se lyezon ak patenè istorik yo, avèk egalman nouvo patenè ki rejwenn evènman an. Nan sans sa a, nou wè enstitisyon tankou Fondasyon Maurice Sixto, Organisation Martiniquaise pour le Développement des Arts et de la Culture (OMDAC), C3 Editions, Akademi Kreyòl Ayisyen, Espas Kreyòl, Sosyete Koukouy, KEEPKA, FNE, Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH), Ministè Kilti, Le Nouvelliste, Rezo Nòdwès, Ministè Ekonomi ak Finans, Direction Nationale du Livre, Biwo Sekretè Leta pou entegrasyon Moun k ap viv ak Andikap. 

Pou Anivince, edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ane, sou tras edisyon anvan yo, se yon rekonfimasyon menm si peyi Ayiti ap travèse yon moman difisil nan istwa l nou pa dwe febli : « Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, menm jan ak divès lòt evènman kiltirèl k ap kenbe nan yon peyi y ap travay pou ensètitid achte lajan kontan, se yon brèch limyè pou n di n ap rete debou menm nan mitan tenèb. Travay pou yon kreyolofoni solid e solidè, travay pou peyi nou Ayiti konsolide lide ak aksyon konkrè pou yon kreyolofoni syantifik ak yon kreyolofoni literè fètefouni se yonn nan pi bèl fason pou n bat tenèb, frape pye n atè kont sa n pa vle. 

Lansman ofisyèl 7èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl fikse pou mèkredi 3 desanm 2025 lan, apati 10èAM, nan Otèl Montana.    

Peyèl

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.