Lide pou nou te òganize dezyèm edisyon Salon du Livre et des Arts du Livre et des Arts du Grand Nord d’Haïti te vini apre anpil refleksyon. Lè moman rive pou nou te pran desizyon reyalize nan komin Pòmago, se te ak anpil chalè. Noub te prese. Nou te anvi sa. Nou t ap dòmi reve li. Nou t ap dòmi yon je louvri, yon je fèmen. Men nou pa te janm konnen si li t ap pote tout emosyon sila.
Imaj timoun sa ki pèdi nan liv sa bay nou plis prèv ak motivasyon pou nou kontinye angaje nou pi plis toujou nan demokratizasyon liv, konesans, koze lespri an Ayiti. Nou p ap fè bak. Nou kwè nan rèv sila. Imaj n ap gade la se te nan Oditoryòm Saint Joseph nan kad dezyèm edisyon Salon an nan Pòmago. Yon elèv Institution Chrétienne Mixte Eurêka foure tèt li nan yon liv. Lekti a pote l ale. Kiryozite nou ka li soi vizaj montre s on timoun ki sanble vle tou fin li liv sa sou plas. Nou sonje anfans nou. E se tout rezon sa yo menm ak lòt ankò ki lakoz n ap batay anpil pou nou rive inogire yon nouvo espas pou Bibliothèque Municipale de Port-Margot.
Nou raple nou yon otè ki di, n ap parafraze pandan n ap site : «Yon timoun ki pran abitid li depi l tou piti, li ka vin yon kokennkechenn sitwayen nan lavi. » Se lòm-liv, Marc EXAVIER ki te fè nou dekouvri panse sa.
Nou te konprann vit nesesite pou nou ede timoun kote nou soti yo jwenn liv. Menm jan, sa pa gen lontan, n ap tande ekriven epi editè ayisyen Rodney SAINT-ELOI k ap viv Canada depi lontan. Li site Daniel SALNAVE ki ekri yon michan liv ki rele Le don des morts. Nan liv sa, Daniel SALNAVE di : « Toute vie sans livre est une ordinaire. » Kididonk, yon moun ki pa gen liv nan vi li se tankou yon vi konsa konsa, yon vi senp, yon vi òdinè. Sou baz sa, Rodney SAINT-ÉLOI ale pi lwen pou li esplike, yon moun ka posede tout kalite byen tankou kay, pil machin, gwo magogo lajan, tout kalite mwayen pou li viv, li ka chaje biznis, menm si moun sa ta posede larivyè, syèl… men si li pa zanmi liv, si li pa gen liv, li pa egziste. Se vre, nou dwe goumen pou nou ka manje, peye kay, gen kay, chaje byen, pran plezi, men nou dwe fè sa nou konnen tou pou moun li, pou moun jwenn li yon fason pou yo rejwenn diyite yo…
« Mete liv nan de men m » se vwa yon jenès k ap bouske konesans, yon pèp ki vle wè demen li pi bèl. Nan Observatoire Patrimoine, Emisyon N AP LI ak Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d’Haïti, nou envite tout sosyete a souke kò li pou pèmèt timoun yo jwenn liv toupatou nan peyi z, sitou liv ayisyen ekri, nan lang timoun yo.
Nou pwofite voye yon gwo kout chapo pou tout moun k ap ede Salon an ak Emisyon N AP LI. Moun yo anpil, gen enstitisyon tou: OGDNH, Alliance Française du Cap-Haïtien, Fondation Alfred Béliard, Direction Nationale du Livre, Bibliothèque Nationale d’Haïti, MCC, FNE, ACUNA, C3 Éditions, RAPLEH, OMDAC, Lion production, Radio Fantastic, Radio Patrimoine, Radio Tropicale, AC Radio, NJ Radio, Nabou, Nesmy MANIGAT, Jean Andy JEAN-BAPTISTE, Jean Rony JÉRÔME, Élsie SURÉNA, Rose ARTISTE, DJ LJ, 10 Kòmandman, Fénol JEAN, Claire MOREAU, Marc Maxi ALTIÉRY, Jean Senel SAINT-JUSTE, Guychard SAINT-HILAIRE, Job JN-LOUIS, Roudy APPOLON, Farah CHARLESTIN, Dulain F. CHARLES, Miousemine CÉLESTIN, Dulex CHARLES pou nou site sa yo sèlman…
« Mete liv nan de men m » se vwa yon jenerasyon ki vle viv nan limyè pou bati yon peyi tounèf, yon peyi granmoun, yon Ayiti djanm nan dimansyon zansèt nou yo te vle li a.
Randevou kase 23 janvye 2026 nan Foche, Pòmago, Nò Ayiti pou twazyèm edisyon Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d’Haïti anba tèm « Mete liv nan de men m ». Envite donè edisyon sila se : ekriven Jean-Euphèle MILCÉ.
Salon an louvri pou tout kalite bourad: salondugrandnord@gmail.com oubyen salondulivreetdesartshaiti@gmail.com
+50933502834
Iléus PAPILLON
Prezidan Salon du Livre et des Arts du Grand Nord d’Haïti

