18 novembre 2025
7 tèt chat »: premye albòm DJ Flip Flop aka PosseX rive sou mache a
Actualités Coin littéraire du Rezo Culture

7 tèt chat »: premye albòm DJ Flip Flop aka PosseX rive sou mache a

Figure emblématique du rap haïtien des années 2000, PosseX signe un retour marquant avec “7 têtes de chat”, son tout premier album solo sous le nom DJ Flip Flop aka PosseX, un projet puissant mêlant rap conscient, vécu urbain et identité culturelle haïtienne.

PosseX, Rapè anpil moun konnen depi ane 2000 yo kòm yonn nan figi santral gwoup Original Rapp Staff (ORS), fenk lage premye albòm li ki pote tit: “7 tèt chat” sou non: Dj Flip Flop aka Possex 7 tèt chat.

Rappè a k ap viv Etazini depi plizyè lane, envite tout fanatik, dekouvri yon seri mizik ki ka pale ak konsyans yo, gen lòt pou soulaje doulè, pote lespwa, fè reflechi epi rekonekte ak bon jan son melanje ak lirik ki karakterize rap ayisyen an.

« 7 tèt chat »: yon pwojè solid ki pote yon enèji orijinal

Albòm “7 tèt chat” la se yon melanj ant Rap konsyans, eksperyans lari, pataj, lanmou, rèv pou bati yon Ayiti ki djanm ak otantisite kiltirèl rap ayisyen an. 

Soti nan tit « Se sa n wè » ki prezante nou yon peyi konplèks ki alafwa dous epi difisil, pase nan « Focus », « Dem a fou », « Ayiti voye dèyè m » rive nan « Butt Naked », se yon veritab vwayaj san poz nan 18 moso byen kanpe Dj Flip Flop aka Possex envite nou fè nan zèv sila.

Selon Staff Management atis la, PosseX ouvè pou tout entèvyou, envitasyon radyo, televizyon ak prestasyon live toupatou sou latè.

Sou tout platfòm nimerok yo, albòm nan disponib kounye a sou non : “7 tèt chat” Dj Flip Flop aka PosseX – al koute l !

W ap jwenn li sou: Cdbaby, Apple music, Amazon music, YouTube, elatriye.

Kontak pou medya ak pwomosyon :

flopf5051@gmail.com

Iléus PAPILLON 

Manm ekip pwomosyon PosseX

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.