Boulvès
Mwen pase devan bèl bak fwi a
Mwen fouye je m ladan l
Mwen pran bon sant
Kidonk mwen pa ezite yon sèl segonn
Mwen fè sa m kapab
Mwen pase men m
Mwen pran l tou dousman
Tèlman l bèl
Tèlman l fre
Tèlman l fè m sonje Basen Kayiman
Tèlman l fè m sonje bèl flè sou wout Yamousoukwo-Bwake
Tèlman l fè m sonje Nan Pilye
Bò larivyè
Yon samdi maten solèy cho
Nan peyi m
Wololoy ! li byen mi wi
Li klere klere wi
Po l bèl anpil wi
Yon ti jan jòn sitwon
Yon ti wouj grena
Ji l bay la se pa ti dous li dous non
Li dous anpil vre wi
Kou siwo kann koka
Sou akasan
Nan fèy bannann vèt
Mwen sèlman louvri bouch mwen
Mete pwent lang mwen
Pou m goute
Siwo doja sa a
Woy ! li koule floup
Sou tout dwèt mwen
Lè m voye je m gade
Mwen wè ak de nawè m
Lemajè m kouvri nèt wi
Se konsa wi
Lide m tou pati
Se konsa wi
Mwen wè m ap vwayaje lakay
Pandan m ap pwomennen lang mwen
Toupatou
Nan nannan l
Pandan m ap lanbe l
Jiskaske yon ti gout pa rete
Sou kò l
Tou blanch
Tou sèch
Toutouni
Ayayay! se pa ti bèl moman sa a bèl
Se vre
Epoutan
Lè m byen gade
Lè m fè yon ti kras reflechi
Tristès anvayi kè m wi
An menm tan
Mwen sonje ki jan lakay ap monte lesyèl pado
Nan do lalwa
Pirèd toujou jodi a
Mwen pa t janm kwè distrè m
Nan yon bèl mango Doudous konsa
Ladous kivyen kenèp konsa
Te ka boulvèse m nan pwen sa a
Alòske m te pare
Je klè
Tèt frèt
Vant deboutonnen
Tou limen
San gade dèyè
Pou m te pran plezi mwen
Jouk tèt mwen vire
Jouk mwen gaga nèt alkole
Jouk mwen pèdi tèt mwen
Jouk li jou
Ala traka papa
© Arnousse Beaulière

