Objè : Sipresyon oswa klarifikasyon sou youn nan 2 pwonon pèsonèl pliryèl “Nou” yo.
Manm Akademi kreyòl Ayisyen,
Mwen ekri nou ak anpil respè pou mete devan nou yon refleksyon ki tounen sous konfizyon, dezakò, e pafwa menm eksklizyon nan fason nou kominike youn ak lòt nan lang Kreyòl nou an.
Lang Kreyòl Ayisyen an sèvi ak menm mo «nou» pou 2 sans diferan:
1-« Nou » ki vle di : mwen ak ou, mwen ak lòt moun, ki se premye pwonon pèsonèl pliryèl,
2- « Nou » ki vle di lòt moun, moun k ap pale a pa ladan yo, ki se dezyèm pwonon pèsonèl pliryèl.
Sa kreye anpil konfizyon lè n ap pale, li vin kreye distans ant sila k ap pale a ak sila y ap pale de yo. Pa egzanp, lè yon moun di:
Kisa nou fè apre 1804, bann sanwont?
souvan, moun lan pa mete tèt li ladan. Se tankou li pa konsène. Donk, mo “Nou” a vin sèvi pou fè repwòch ak akizasyon, san emetè pa konsyan si li genyen patipasyon pa li ladan tou.
Nou ta swete Akademi Kreyòl Ayisyen lanse refleksyon sou posibilite pou:
-Fè distenksyon vizib ant 2 “nou” yo.
-Siprime youn nan 2 menm pwonon sa yo ki gen menm grafi, (redui 6 pwonon pèsonèl yo an 5 pwonon: Mwen, Ou, Li, Nou, Yo)
-Mete sijè sa sou pwogramasyon rechèch nou oswa nan dokiman ofisyèl nou yo.
Nou kwè lang lan dwe sèvi pou mete moun ansanm, pa pou separe yo. Se poutèt sa nou panse refleksyon sou mo “nou” sa merite plas li.
Mèsi dèske n ap panche sou sa.
Camoëns Daniel (Zicky)
Ekriven, Edikatè, Sitwayen angaje
Oktòb 2025, Saint-Louis-du-Nord

