23 octobre 2025
Jistis pou Ouvriye-Travayè ann Ayiti
Actualités Kreyòl Société

Jistis pou Ouvriye-Travayè ann Ayiti

https://www.youtube.com/watch?v=Ss6-xjwD3jo

Kriz malouk k ap brase bil peyi a pouse anpil moun denonse Leta ayisyen ak plizyè fraksyon nan boujwazi a nan finanse gang. Men pa gen anpil vwa ki montre se klas travayè yo ak klas popilè yo anjeneral ki pi gwo viktim politik makawon sa a. 

Pandan 18 mwa pouvwa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, pouvwa a pa sèlman pèmèt gang yo boukle pifò Pòtoprens, fonse sou Plato Santral, kontinye layite nan Latibonit epi antre nan depatman Nodwès.

Malgre tout rapò bilan sou vyolans sa yo, li pa posib pou konnen kantite travayè agrikòl ki pèdi vi yo, jaden yo, bèt yo, kay yo, elatriye. Sa valab pou travayè nan sektè sèvis yo tou nan vil yo ki ap viktim chak jou.

Leta a fè kòmsi travayè yo ak tout sa yo posede pat gen itilite nan sosyete a. Leta a pa sèlman meprize travayè ki viktim anba vyolans kriminèl, men li neglije tou revandikasyon sendika yo. Youn nan ka ki pi grav se Ministè Ledikasyon Nasyonal ki kite tout ane akademik 2024-2025 la pase san l pa reponn revandikasyon pwofesè lekòl piblik yo. Jounen jodi a lekòl la ofisyèlman relouvri, Minis Edikasyon Nasyonal, Antoine Augustin,kontinye neglije revandikasyon sendika pwofesè yo apre li fin dekrete nan non gouvènman an, Lekòl Ayiti kraze.

Pandan travayè nan lekòl piblik pa touche, pa jwenn lèt nominasyon yo kòmsadwa, non manm KPT, manm gouvènman ak anpil minis site nan eskandal piyaj kès Leta jan anpil rapò ULCC montre sa. Pa gen lajan pou peye travayè nan ledikasyon, ak anpil lòt sektè men gen anpil milyon pou minis, direktè jeneral ak prezidan pou al sere.

Nan yon lòt nivo, KPT ak gouvènman an krache tou sou travayè nan izin soutretans yo ak nan sektè sèvis ki touche salè minimòm yo. Gen plis pase 3 lane, depi salè a pa monte. Poutan lalwa di : depi enflasyon depase 10%, salè minimòm nan dwe ajiste rapidman. Se yon prensip minimal pou jere rapò travay nan sektè sa yo. Gouvènman an pa ajiste salè a malgre gen yon rekòmandasyon konsèy siperyè salè a ki mande pou mete l 950 goud depi plis pase 4 mwa.

Malgre tilajan sa a pa respekte nivo enflasyon an ki souvan atenn 30 a 40% pandan 3 dènye ane sa yo, KPT ak gouvènman Didier Fils-Aimé a pa dakò ogmante salè a. Pratik sa a pa nouvo, se toujou yon fason pou l pèmèt boujwa kapitalis yo eksplwate fòs travay ouvriye yo menmsi ouvriye yo pa gen posibilite repwodui fòs travay yo, pa kapab okipe fanmi yo, peye lekòl pitit yo, elatriye. 

Nou menm, nan Ayiti Koupe Fache, nou denonse pratik pouvwa reyaksyonè KPT ak Didier Fils-Aime a. Nou pote solidarite nou bay tout travayè lekòl piblik ak lòt sektè kap mande bon kondisyon travay. 

Nou mande tou pou salè minimòm nan fikse a 2 500 goudpa jou, jan sendika travayè yo mande sa a prese presepou sektè soutretans lan ansanm ak yon salè vivab pou tout travayè yo nan peyi a.

Nou solidarize ak mobilizasyon ouvvriye yo ap fè nan peyi a pou :

1) Egzije gouvènman an ak DGI pran yon kominike pou DGI kanpe sou tout taks yo tankou: IRI, FDU, CAS, CFGDTC ak 10% sou bonis ak èsiplimantè

2) Yon arete ki fikse salè minimum  nan pou ouvriye yo nan sektè tekstil la ak divès lot kategori travayè nan  epi bay CSS la mwayen pou  travay sou nevyèm rapò a prese prese.

3) Ajisteman salè minimòm chak ane, jan lalwa mande l, pou akonpaye to enflasyon an.

4) Peman obligatwa pou Dimanch, apre 48 èdtan travay pa semèn, jan Kòd Travay la prevwa li.

5) Akonpayman sosyal pou ouvriye yo, paske salè aktyèl la pa ase pou viv.

6) Nou mande pou  KODEVI  bay garanti li pap fè okenn reprezay sou ouvriye / ouvriyèz yo ak reprezantan sendika ki te patisipe nan mouvman revandikasyon yo.

Se kondisyon pou ouvriye ak ouvriyèz yo reprann travay.

Viv solidarite tout travayè pou yon salè vivab!

Raoul Gérard

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.