L’Edito du Rezo
Anfas pèp la k ap soufri, chèf demagòg yo yo chita dwat, tankou listwa t ap gade yo.
Jou 17 oktòb la, yo pa t ka travèse Pont Wouj pou salye Dessalines, men jodi a se eleksyon y ap pwomèt — san kandida, san pati, san konsyans.
E pèp la poze kesyon an, san kòlè, men ak memwa vivan :
« Ou pa ka al Pon Wouj, epi ou vle fè eleksyon ? »
Dessalines anba tè ap souri an sourdine : peyi a ap depoze pawòl olye flè.
« Pont Wouj fèmen, men eleksyon pral ouvè pou al distribye pòs bay tizanmi koken »
Ou pa ka al Pont Wouj,
men ou vle fè eleksyon ?
Pou kiyès ?
Pou fantom k ap mache ak drapo blanch sou kò gang ?
Yo di se jou Dessalines,
men Pon Wouj fèmen ak kòd,
tankou listwa t ap mande jistis
e pèp la toujou nan lis pèp disparèt.
CPT ap pale de kandida,
men kote yo ye ?
Nan valiz KEP Desrosiers a ?
Oswa nan machin san plak
ki travèse Site Solèy ak flè nèg k ap tire ?
Yo vle mete bilten nan men pèp san kat,
nan peyi kote menm flè pa ka travèse Pont Wouj.
Yo rele sa demokrasi,
men se gang ki vote,
ak zam pou plim, ak bal pou drapo.
Epi yo mande nou kwè…
ke Dessalines t ap siyen rezilta a
sou sann li menm ?

