15 octobre 2025
Akademi Kreyòl Ayisyen depoze valiz nan Depatman Nò ak Nòdès pou mwa kreyòl 2025 lan
Actualités Coin littéraire du Rezo Culture Kreyòl

Akademi Kreyòl Ayisyen depoze valiz nan Depatman Nò ak Nòdès pou mwa kreyòl 2025 lan

Lendi 13 oktòb 2025 lan, nan lokal Lameri vil Okap, Akademi Kreyòl Ayisyen lanse ofisyèlman yon toune espesyal sou Depatman Nò ak Nòdès ki dwe bout mèkredi 16 oktòb. An prezans, Majistra vil la, madam Angeline Bell, kad Meri a ak plizyè notab, prezidan Akademi an, Akademisyèn Rosilia Francois Corneille anonse plizyè aktivite pou make mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl la nan rejyon an. Rankont ak kozri nan lekòl, konferans nan inivèsite, rasanbleman nan Sant kitirèl, rankont ak pwofesè kreyòl, distribisyon Premye ak Dezyem Rezolisyon AKA sou òtograf lang kreyòl la, distribisyon FELmag fè pati pwogramasyon AKA a pandan twa jou toune a. 

«Se avèk anpil fyète n ap kolabore ak Akademi Kreyòl Ayisyen pou n reyalize yon bon pasaj enstitisyon an nan vil Okap nan konteks mwa kreyòl la. Se yon gwo tonton plezi pou mwen la paske lang ak kilti kreyòl la se sa ki konekte nou. Se sa ki konekte tout Ayisyen ansanm kèlkeswa kote yo ye sou latè. Lameri vil Okap kontan kolobore ak Akademi an e nou swete l yon bon sejou nan vil Okap », nou t ap site premye Merès la, madam Angeline Bell. 

Nan diskou li pou sikonstans lan, prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an, Akademisyèn Rosilia Francois Corneille raple tèm mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl 2025 lan : « Lang kreyòl : zouti devlòpman tout repiblik la ». Li te tou pwofite fè yon ti rale sou nesesite pou gen yon vijilans nasyonal, tout kote nan peyi a pou pèmèt tèm mwa kreyòl 2025 lan vin yon reyalite toutbonvre : « Yonn nan premye siy respè pou Leta dwe montre si li vle respekte sosyete a, se bay popilasyon an sèvis nan lang li. Se pou sa, tèm mwa oktòb 2025 la envite nou pou nou vin pi vijilan. Wi. N ap veye. N ap veye nan lekòl, nan legliz, nan medya, nan tribinal, nan lopital, nan Ministè yo, nan administrasyon piblik kou prive, ak tout lòt espas sèvis piblik ak sèvis sosyalizasyon yo. Pou mesye Samuel Jean – Baptiste ki se Sekretè Egzekitif AKA a, tèm sila a se yon envitasyon Akademi Kreyòl lanse bay bay tout enstitisyon Leta ak enstitisyon prive nan peyi a sou plas endispansab lang kreyòl nan devlòpman entegral peyi Ayiti. 

Peyi nou pa kapab fè wonnpòt si nou pa mete lang kreyòl la nan wonn sant lan

Akademisyèn Corneille jwe fò sou wòl ak enpòtans lang nasyonal ayisyen an nan dinamik pou mete peyi a sou ray alemye. Li raple misyon konstitisyonèl Akademi Kreyòl Ayisyen an, mete aksan sou nesesite pou tout moun alawonnbadè respekte lang yo : « Esperyans lavi chak jou a mete sou leson istwa nou ba nou kòm pèp pwouve nou sa: Peyi nou pa kapab fè wonnpòt si nou pa mete lang kreyòl la nan wonn sant lan.  Poudayè, nou fè anpil eksperyans deja nan sosyete nou an. Nou rive konprann fasil lè pou nou pale ak popilasyon an, si nou vle li byen konprann nou, nou konnen ki lang pou nou pale: Kreyòl. Se pa pou granmesi, kandida, atis, biznisman k ap bay fè piblisite pou antrepriz yo, tout aktè nan sosyete a ki vle atire foul yo, yo toujou itilize lang kreyòl: paske yo konnen se atravè lang sa a yo kapab rive atire atansyon pèp ayisyen an, si li vle kominike tout bon ak li. Se nan menm kouran sa a, nan menm liy sa a, si nou vle onè, si nou vle aji an responsab, nou konnen nan ki lang pou nou planifye, pwopoze, operasyonalize tout sa n ap fè pou sosyete ayisyen an. Selon lespri Konstitityon 1987 la ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an – [*ki pa yon jandam, nou dwe siyale sa -]* ki gen yon misyon klè: kore devlòpman lang kreyòl la. Akademi an ap rete kanpe kinalaganach pou lang popilasyon an prezan nan tout dezisyon nan sosyete a. Lè genyen pou rale zòrèy, n ap rale zòrèy; lè gen moun ki bliye, n ap repase memwa yo pou fè yo sonje; lè gen deriv, n ap mete ola. Se yon obligasyon istorik, mwen ta di tou yon obligasyon etik nou genyen pou nou respekte sosyete nou an pandan nou ap veye ». 

Anivince Anervé Jean Baptiste

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.