Homélie de clôture de la 144e assemblée de la CEH
Fort-Liberté
26 septembre 2025
Frères et sœurs,
1- Au terme de notre 144e assemblée ordinaire qui s’est tenue ici à Fort-Liberté, du 22 au 26 septembre en 2025, nous faisons monter vers le Seigneur notre louange et notre supplication. Nous le bénissons pour la fidélité de son amour qui soutient l’Église en Haïti, pour la foi vivante de tant de baptisés, pour la charité silencieuse de ceux qui se donnent aux plus pauvres, et pour l’espérance indestructible qui, malgré les ténèbres du temps présent, continue d’illuminer nos communautés.
2- Nous remercions Monseigneur Quesnel Alphonse, les prêtres, Les religieux, religieuses, les séminaristes et tout le peuple de Fort-Liberté pour leur accueil, leur soutien fraternel et leur témoignage de foi.
N ap di tou yon gwo mèsi a tout Otorite ak ajan Polis nasyonal la, a tout moun ki te akeyi nou epi ban nou sèvis yo nou kote nou te hébergé pandan 144e Assemblee sa a. Mèsi a tout moun ki te prepare klima selebrasyon lamès sa nan lapriyè isit la nan Katedral la. Que Dieu les bénisse tous et leur accorde des jours de paix et de prospérité !
3- Cette 144e assemblée est un temps de grâce où nous avons porté ensemble le souci de la vie de notre Église et du destin de son peuple. Dans ce contexte marqué par la souffrance, l’instabilité et une profonde inquiétude pour l’avenir de la nation.
Conscients de la charge que nous avons reçu du Seigneur de prendre soin de son troupeau, nous avons voulu relire, à la lumière de l’Évangile, les défis que traverse notre pays et discerner les appels de Dieu pour aujourd’hui. Dans un esprit synodal, nous avons ouvert nos cœurs à l’écoute mutuelle; nous avons cherché non pas nos propres solutions humaines, mais La Voix de l’Éprit-Saint qui continue de parler à l’Église qui est en Haïti.
Frè-m ak sè-m yo, Ayisyen pa kapab gen kè kontan nan tan sa yo n ap viv la.Ayiti, tè nou renmen anpil la, malad, l ap soufri : ensikirite gaye toupatou, anpil fanmi lage nan kouri, y ap chèche toupatou pou wè ki kote yon reyon limyè lespwa ta soti, ekonomi peyi a tonbe an degraba, gen anpil jèn ki kouri kite peyi a, men tou genyen ki tonbe nan pyèj delenkans ak vyolans. Sosyete a dechire, sila yo ki pa gen okenn kote
pou y ale, ap viv nan laperèz, oubyen anba gwo menas vyolans ki vle anvayi katye lakay yo. Poutan gen lòt moun ki jwenn enterè yo ak kè kontan yo nan simaye lapenn ak dezespwa. Menm Legliz pa epanye : plizyè dizèn pawas fèmen, ansanm ak anpil zèv sosyal kote Kongregasyon relijyez yo ofri sèvis yo bay tout moun nan ledikasyon, lasante elatriye. Anpil pè oblije deplase kite pawas yo, oubyen zòn kote y ap fè apostola, epi konsa kominote sa yo gaye.
Men nan mitan tout fènwa limyè pawòl Bondye vin klere chemen nou. Par la Voix du prophète Aggée, Dieu parle à un peuple dévasté par l’expérience de la destruction et de l’exil, mais qui se remet à construire. Il lui dit : « Courage, peuple du pays, car je suis avec vous. Le plus beau jour de cette maison viendra » (Ag 2, 4-9). Parole d’or, parole d’espérance, parole de réconfort !
Nou ta renmen tande l, epi wè l ap reyalize nan peyi D-Ayiti jodi a. Anpil moun k ap viv nan plizyè katye – nan Pòtoprens ak anpil lòt kote – ta renmen tande pawòl sa a : « Kouraj nou menm k ap viv nan peyi a. Granmèt la avèk nou. Gen pi bèl jou k ap tann nou » (Ag 2, 4.9).
Frè m ak sè m, ansanm, an nou pran desizyon pou Ayiti rebati. Pou sa fèt fòk gen angajman konkrè, fòk gen bon jan gouvènans, fòk enstitisyon leta yo nan sèvis pèp la tout bon vre. Fòk gwoup ki gen gwo zam nan men yo pran konsyans tout mal y ap fè peyi a. Fòk nou soti nan sitiyasyon laperèz ak lanmò k ap kraze nou depi kèk lane. Fòk enstitisyon ak peyi ki di y ap ede nou montre sa klè, poze jès ki montre yo vle ede nou tout bon vre.
Le Pape Léon XIV disait au cours de la prière de l’angélus du 10 août dernier : « Je demande le soutien concret de la communauté internationale pour créer les conditions sociales et institutionnelles qui permettront aux Haïtiens de vivre en paix. »
Men sitou fòk nou menm tou nou aji, fòk nou òganize nou, fòk nou pale youn ak lòt, fòk nou bati yon pwojè lavi pou tout moun, pa sèlman pou yon gwoup moun. Fòk gen lekòl ak inivèsite k ap fòme konsyans, k ap aprann nou viv nan solidarite, k ap ede nou vin tounen sitwayen responsab. Car l’espérance renait quand le peuple comprend qu’il est acteur de son avenir.
Dans l’Évangile de cette célébration. Nous entendons Jésus poser une question à ses disciples. Nous aussi qui vivons aujourd’hui en Haïti, en ces temps difficiles, nous sommes concernés par cette question : « Pour vous, qui suis-je ? »
La réponse de Pierre : « Tu es le Messie, le Christ », veut dire que Jésus est le « Oint » de Dieu, Celui que le Père a consacré.
Par ces mots, Pierre exprime l’espérance d’Israël dans la venue d’un roi qui serait de la lignée de David et qui libérerait Israël. En réponse au témoignage de Pierre, Jésus fait comprendre qu’il est le Messie souffrant, Il est le Messie au visage défiguré, Messie démuni et silencieux, Messie humilié, torturé, crucifié, mais Ressuscité.
Frè m ak ak sè m yo, Jezi, Sovè nou an pote laviktwa sou lanmò. Se li menm yo pa t rekonèt pou sa li ye tout bon vre a. Paske, nan feblès li, nan soufrans li, nan vizaj li ki te defigire, nan silans li devan tout sa li t ap sibi, devan tout sa yo fè l pase, okenn moun pa t wè manifestasyon fòs ak pouvwa Bondye ki anwo nèt la… Men Jezi Kri yo te klouwe sou Kwa a, li pote laviktwa sou tout mal, e se li menm ki sous esperans nou.
Nou menm k ap swiv Jezu Kri, nou gen vokasyon pou nou tounen siy lesperans pou tout frè ak sè nou yo sou tè a, nan peyi D-Ayiti. Men, kijan nou kapab fè sa ?
Nou menm pastè k ap mennen Pèp Bondye a, nou menm Evèk ak pè yo : se pou nou gen yon pawòl ki solid, ki klè, k ap reveye nanm ak konsyans tout moun, se pou nou di laverite, pou n denonse enjistis, pou nou envite tout moun chanje kè yo ak konpòtman yo ; se pou n defann respè ak diyite tout moun, pou n ankouraje lapè, pou’n raple ke byen tout pitit Bondye yo dwe toujou pase anvan enterè pèsonèl.
Tout pèp Bondye a, tout gason ak fi ki gen bòn volonte dwe sonje ke lesperans la dwe tradwi nan jès konkrè : nan akonpaye moun oubyen fanmi ki deplase, nan soutni yon moun oubyen yon fanmi ki viktim vyolans, nan soutni fanmi sitiyasyon makawon sa brize, nan sipòte ledikasyon yon timoun oubyen yon jèn pou nou kapab gen lespwa yon lòt demen ki pa sanble ak Ayiti tèt chaje ; lespwa yon Ayiti ki va tounen yon peyi nèf, yon peyi Bondy yon peyi Bondye va renouvle gras ak travay men chak grenn pitit li.
Frères et sœurs, nous devons nous rappeler que l’espérance chrétienne n’est pas un discours abstrait, elle est une présence incarnée. Chaque action d’amour est une semence d’espérance.
Otorite nan Leta-a, yo chak nan nivo pa yo, ta dwe tounen yo menm tou : « semence et signe d’espérance »
Kijan sa kapab fèt ?
Se lè yo fè jefò pou respekte sèman yo te fè lè yo t ap antre nan fonksyon yo okipe a.
Lè yo respekte lajan ak byen Leta a ; lè yo montre vrèman yo se sèvitè Leta, non pa piyajè ni demolisè leta-a.
Lè yo travay ak senserite pou konbat « impunité », epi pou retabli lapè ak sekirite nan peyi a. Se pa yon favè y ap fè pèp la. Non, se wòl yo, se misyon yo, yo resevwa yon salè ak tout privilèj ki nesesè pou sa.
Lè yo fè rèspèkte peyi a tout kote. Jodi-a, tout pòt ap fèmen pou nou Ayisyen. Sa pa di nou anyen, responsab nan Leta yo ?
N ap lanse yon appel bay nou tout pitit peyi D-Ayiti, yon appel ki soti nan fon kè ou, yon appel n ap soutni chak jou nan lapriyè n ap fè bay Bondye ki se konsolasyon ak esperans tout pèp yo : Ayiti pa ka mouri, Ayiti pa dwe mouri ! Ayiti pa dwe rete yon peyi ki anba kontwòl gwoup ame k ap simen laperez ak soufrans nan kè pitit Bondye. An nou oze pran yon nouvo chemen, avèk kouraj ak lespri nou byen klè sou kisa n vle fè ak kisa n dwe fè.
Nan yon dyalòg ki vrè, yon dyalòg ki mande n yon trêve nan vyolans jis pou nou rive nan lapè, nan jistis, nan reparasyon tout tò moun sibi. Yon dyalòg, nan lobjektif pou n bati yon lapè k ap dire lontan.
An nou oze pran yon nouvo chemen : nan lonje men bay popilasyon ki deplase yo, nan pran desizyon pou n konstwi, nan moman favorab yo, enfrastrikti ki esansyèl yo, anfen, nan envesti sitou nan edikasyon pou n ka ofri timoun yo ak jèn yo zouti yo bezwen pou yo grandi antan y ap deplwaye epi pwofite de tout kapasite yo.
Frè m ak sè m yo, Jodi a, Jezi poze chak nan nou yon kesyon ki desiziv : “Pou nou menm, kiyès mwen ye ?”
Li mande dirijan peyi a : “Pou nou menm, kiyès mwen ye ?” Èske nou deside pou sèvi m nan jan n ap sèvi pèp la ?
Li mande gwoup moun ki gen gwo zam nan men yo : “Pou nou menm, kiyès mwen ye ?” Eske nou vle manifeste kè sansib pou pèp mwen an paske yon jou n ap bezwen pou yo gen kè sansib pou nou tou ?
Li mande Legliz la : “Pou nou menm, kiyès mwen ye ?” Èske nou dakò pou nou redouble jefò pou nou vin pi pre pèp la, pou nou pi pwofetik, pi angaje nan konstriksyon yon sosyete kote tout moun se moun, yon sosyete ki chita sou jistis ak renmen ?
Finalman, li mande chak nan nou : “Pou ou menm, kiyès mwen ye ?” Èske ou vle swiv mwen kòm sèl Mèt ou, Sila a ki sove w la ? Èske ou konnen se lakwa a, sa vle di tout sakrifis ou aksepte san fòse, nan renmen, se sa ki mennen nan viktwa tout bon vre a ?
Frères et sœurs, malgré tout ce que nous vivons, restons des pèlerins d’espérance. Le Ressuscité est avec nous sur le chemin qui conduit à la joie que rien ni personne ne pourra nous ravir. Confions notre cause à la Vierge Marie, Notre-Dame du Perpétuel Secours.
Pour que vive Haïti, Pour que revienne la paix. Avec Jésus-Christ, tout est encore possible. Amen