27 septembre 2025
Sikilasyon bloke ant Gonayiv ak Okap apre aksidan trelè
Actualités Société

Sikilasyon bloke ant Gonayiv ak Okap apre aksidan trelè

Plaisance-du-Nord (Rezo Nòdwès) — Yon gwo blokis fòme sou Route Nasyonal #1, nan nivo kafou Man Jan, komin Plaisance-du-Nord, apre yon trelè ki t ap desann direksyon Okap Ayisyen chavire sou wout la. Sitiyasyon an paralize sikilasyon: ni machin k ap sòti Gonayiv, ni machin k ap sòti Okap pa kapab travèse.

Jiska prezan, pa gen okenn prezans lapolis ni otorite minisipalite yo konstate sou plas pou jere sitiyasyon an. Plizyè sitwayen bloke nan machin yo pandan èdtan, ap tann entèvansyon otorite yo pou libere pasaj la.

JSC

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.