16 septembre 2025
Zanj Vodrèy
Actualités Coin littéraire du Rezo Culture Kreyòl

Zanj Vodrèy

Wout Vodrèy m kwaze bab pou bab yon zanj 

Sou latè pou pechè latè 

Lesyèl pou zanj vòltije

Me sou wout Vodrèy m kwaze bab pou bab yon zanj 

Trèz lane anvan 

M te wè w nan rèv 

Anyen pa chanje 

Rèv la tèt koupe je klè Grandi w grandi w ase

Matirite w debòde 

Se menm zanj lan 

Vodrèy mete m bab pou bab ak ou

Je nan je

Men nan men

Tèt kole

Pye nan pye

Nou 2 fè youn 

Kò sou kò 

Jouk lannuit pati kite nuit lan

Nan yon kontanplasyon demezire 

Senkèdimaten rive 

Solèy la fè kazi lè l tande vwa nou 

Lari pa t tande vwa w

Ou pa t tande vwa lari tou

Se pye bwa yo sèlman ki te okouran 

Zanj tankou w m kwaze Vodrèy 

Se yon egzanp vivan pou pwòpte vil Okap si y ap kopye bote w

Fòm kòw pa sozi wout ki mennen Ekolojik ni Satama 

Vila Kana kriye sou longè foli nou anba dra a 

Tanpri prete tout vil la mezi bèlte anba tivant ou 

Pou l ka rale moso lafrèch cheri 

Vodrèy m kwaze bab pou bab yon zanj tankou w

Sa gen 13 lane m te wè w nan rèv 

Se fout bon pou mwen 

Ou wouze m ou benyen m latètopye 

Lodè kò w tache sou mwen kou lodè jasmen lanjelis

Fè foto w tanpri enstale devan vètyè 

Pou vil la kopye bote w tanpri cheri

Wi Vodrèy ou bon pou pri a.

Jamesky Jeanty, Rèldouvanjou. 

7 septanm 2025, 8 è 30 nan aswè.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur la façon dont les données de vos commentaires sont traitées.