Si tout moun rekonèt enpòtans Bwa Kayiman nan istwa peyi d Ayiti, se pa tout moun ki selebre l menm jan. Istwa ofisyèl la toujou montre wòl lidè tankou Boukmann nan reyinyon Bwa Kayiman an, kote atravè yon seremoni vodou, Boukmann te deklare lit jiska lanmò kont tout kolon blan yo, epi li te fè tout patisipan yo sèmante pou yo detwi lesklavaj. Gen lòt kouran ki mete anpil enpòtans sou wòl vodou an te jwe nan kad reyinyon Bwa Kayiman an. Pou kouran sa yo se vodou ki ban nou libète, se poutèt sa jounen jodi a, se konsyans sa a ankò, sa vle di se nan vodou a ankò pou nou jwenn liberasyon nou.
Si gen kèk verite nan kijan 2 kouran sa yo wè Bwa Kayiman, klas dominan reyaksyonè yo gen tandans maske vrè sans Bwa Kayiman an, oubyen yo konn eseye rekipere li nan sans enterè pa yo. Pou nou menm nan Ayiti Koupe Fache, reyinyon Bwa Kayiman gen plis bagay toujou nan djakout li.
Tou dabò reyinyon Bwa Kayiman se te yon regwoupman taktik li te ye. Sa vle di, se yon gwoup eksklav ki te rive prepare yon reyinyon/kongrè pou diskite kijan ak kilè yon revòlt/soulèvman ki pral enplike yon pil ak yon pakèt esklav nan plizyè bitasyon pral revòlte pou yo mete dife, epi elimine kolon yo. Se pat premye fwa esklav te revòlte ann Ayiti. Esklav yo te tire leson premye seri revòlt pase yo. An 1758, kolon esklavajis yo te tòtire epi boule Makandal tou vivan poutèt yo te akize l ap anpwazone kolon yo. Makandal te yon prèt vodou mawon ki te selèb anpil. Makandal te rete yon figi mistik ki te kontinye enspire rebelyon esklav yo.
Bwa Kayiman pa t sèlman yon seremoni, se yon reyinyon politik li te ye tou. Savledi, fòk gwoup eksklav sa yo ki te prezan nan reyinyon an te klè lit yo ta pral mennen an se yon lit kont sistèm eksklavajis lan, savledi kont plantasyon ki t ap eksplwate eksklav yo jiskase li touye yo. Alepòk, esklav nan chan yo pa t konn siviv plis pase 5 an sitèlman kolon yo te konn maltrete yo.
Menm si potko gen yon vizyon klè ak kisa pou yo ranplase sistèm eksklavjis la, gwoup eksklav ki te prepare reyinyon an te deside yo pa t ap viv nan eksklavaj ankò : « Libète ou lanmò! Koupe tèt, Boule kay! » Yo te klè tou, pou yo rive kraze lesklavaj, li te nesesè pou pi fò eksklav revòlte.
Tout bagay sa yo montre, anvan menm reyinyon Bwa Kayiman an, te gen yon travay politik, ideyolojik sistematik ki te fèt anndan bitasyon ak plantasyon yo pou prepare soulèvman an. Travay sa a te rive fèt nan yon bon pati nan Nò peyi a kote tout gran bitasyon yo te ye. Sa montre kapasite òganizasyon lidè yo pou mobilize pi fò eksklav nan zòn lan. Sa pèmèt nou konprann tou, eksklav ki te òganize reyinyon Bwa Kayiman an se te elit esklav yo, sa yo rele « Nèg a talan », sa vle di eksklav ki t ap kondui charyo, komandè, elatriye. Esklav sa yo te ka deplase pi fasilman nan abitasyon yo akòz travay yo, epitou kolon yo te konn fè yo konfyans. Kidonk, gwoup esklav ki te prezan nan reyinyon Bwa Kayiman an pa t ap viv nan menm kondisyon ak mas eksklav ki t ap travay nan chan yo. Kidonk, depi an lagan, se te yon elit nan pami esklav yo ki t ap dirije lit yo.
Lè revòlt/soulèvman an eklate, se mas eksklav yo ki ta pral mennen lit la. Se yo ki ta pral kraze, mete dife nan bitasyon yo, koupe tèt kolon yo. Li klè pou mas eksklav yo sistèm eksklavajis la se te w lanfè ki dwe kaba, yo pa t ap aksepte li ankò. Yo te wè ankò pi lwen : yo te refize lesklavaj se vre, men apati de lè sa a, yo t ap refize travay sou tout kalite gran bitasyon, menm si pa ta gen lekslavaj ankò. Se mas eksklav yo ki ta pral tounen mas kiltivatè sou rejim Toussaint Louverture lan ki pral revòlte. Yo te vle granmoun tèt yo sou pwòp tè pa yo ki rele yo chèmèt chèmètrès. Se menm eksklav sa yo ki te revòlte nan kad revòlt 1791 lan ki ta pral tounen mas peyizan apre lendepandans epi ki ta pral kontinye batay kont eksplwatasyon ni grandon ni nouvo leta a ta pral kontinye fè sou yo.
Jounen jodi a, si n ap pale de Bwa Kayiman, se pa sèlman de gran lidè ak vodou pou nou pale. Eritaj Bwa Kayiman, eritaj sitou revòlt/soulèvman 22 daout 1791 la, se te nonsèlman yon revòlt/soulèvman kont sistèm leksklavaj la menm, kont gran bitasyon, se te yon revòlt/soulèvman tou kont tout fòm eksplwatasyon grandon ak Leta ta pral fè sou do nouvo klas peyizan an apre lendepandans la.
Ki leson Bwa Kayiman pote pou batay nou jounen jodi a?
Depi an lagan, Bwa kayiman dwe pèmèt nou konprann enpòtans ak nesesite yon liy politik klè nan tout mouvman ak mobilizasyon revòlt/soulèvman popilè. Modòd « Libète ou lanmò! Koupe tèt, Boule kay! » se te yon minimòm ki te pèmèt deklannche revolisyon mas esklav yo. Men li pa t sifizan pou konstwi yon nouvo sosyete nan enterè mas esklav yo sou sann rejim plantayson an.
Byenvit, se nouvo dirijan militè lit revolisyonè a ki te devye batay liberasyon mas esklav yo pou rekonstwi yon nouvo sistèm plantasyon ak nouvo dirijan sa yo kòm grandon ki ta pral eksplwate menm ansyen esklav yo. Se nouvo klas dominan sa yo ki te vin kraze mouvman mawonaj la ak mouvman tiplantè a paske se yo menm ki te gen direksyon militè revolisyon an epi ki te pran pouvwa a.
Tout sa se leson nou dwe tire nan Bwa Kayiman pou konstriksyon yon nouvo mobilizasyon popilè ak konstriksyon òganizasyon revolisyonè. Fòk òganizasyon sa yo gen yon liy politik klè kou dlo kòk ak platfòm lit pou gide tout batay nou. San sa, nou riske wè ankò tout kalite reyaksyonè, politisyen abolotcho vin devye, epi pran lit yo nan men nou. Bwa Kayiman montre nou batay la dwe yon batay pou nou rive konstwi ak pwòp fòs nou yon nouvo leta, transfòmasyon ak reyòganizasyon yon sosyete ki rive kaba tout eksplwatasyon, lenjistis ak lamizè.
Viv lit otonòm ak òganizasyon otonòm mas popilè yo ki rele nou chèmèt chèmètrès!
ivy on leta demokratik popilè ak Travayè kòm Potomitan!
NB : Apre nou fin tande Kwonik sa a, Ayiti Koupe Fache ap kontinye mande oditè/telespektatè li yo pou fè kèk aksyon :
1) Klike sou bouton ki di « Subscribe » la, konsa pou nou toujou jwenn Kwonik la.
2) Pataje lyen kwonik la ak fanmi, zanmi ak moun ki nan lis kontak nou.
3) Kite w kòmantè (kritik, akò, kesyon ou sijesyon) pou nou anba videyo Youtube la oubyen kouryèl elektwonik nou, AyitiKoupeFache@gmail.com
4) Envite moun nou konnen yon kote an komen, swa lakay nou oubyen yon lòt kote pou koute pwogram la ansanm epi diskite l.
Pa bliye! Ayiti Koupe Fache, nan limit kapasite nou, ap kontribye nan konstriksyon yon chimen nouvo. Se yon travay kolektif li ye, kidonk, plis moun ki angaje ladann ak konviksyon, detèminasyon, abnegasyon ak disiplin, pi vit nap rive trase chimen an pou nou sòti pi vit posib nan twou nou ye la a. Pote vwa nou pi lwen posib!
Nap tou di Mèsi anpil a tout konpatriyòt ki tande apèl nou e ki pataje Kwonik la. Sa pèmèt ogmante volim moun kap tande Ayiti Koupe Fache. Ayiti Koupe Fache ankouraje tout moun pou yo kontinye ede nou fè travay la. Ayiti Koupe Fache se NOU. NOU se Ayiti Koupe Fache. Mèsi anpil!